Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 2

Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

2 Korentyen 2:17.

SA POU W FÈ: Pale yon fason ki natirèl e ki sensè pou w montre sa w santi konsènan sijè a e konsènan moun k ap koute w yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Priye epi byen prepare. Priye pou w jwenn èd pou w ret konsantre sou mesaj la olye w konsantre sou tèt ou. Chèche gen pwen prensipal w ap trete yo byen klè nan lespri w. Di sa w ap di a nan pwòp mo pa w. Pa annik li ekspresyon yo mo pou mo jan yo parèt nan plan an.

  • Pale ak tout kè w. Reflechi sou rezon ki fè moun k ap koute w yo bezwen tande mesaj la. Ret konsantre sou rezon sa yo. Konsa, fason w kanpe, jès w ap fè, vizaj ou ap fè yo wè jan w sensè ak jan w renmen yo.

  • Gade moun k ap koute w yo. Kontinye gade moun yo si sa pa yon pwoblèm nan zòn ou ye a. Lè w ap bay yon diskou, detanzantan gade yon moun nan asistans lan olye w gade tout moun nèt oswa w fikse je w sou yo.