Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 7

Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Lik 1:3.

SA POU W FÈ: Sèvi ak prèv moun fè konfyans pou w ede moun k ap koute w yo rive fè konklizyon ki kòrèk la.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chèche jwenn enfòmasyon moun fè konfyans. Baze kòmantè w yo sou Pawòl Bondye a, e lè sa posib, li ladan l dirèkteman. Si w ap site yon pawòl ki gen rapò ak lasyans, yon rapò ki nan yon jounal, yon eksperyans oswa yon lòt prèv pou w soutni yon pwen, depi davans, chèche wè si se yon enfòmasyon moun ka fè konfyans e si l ajou.

  • Byen sèvi ak enfòmasyon w jwenn yo. Esplike vèsè yo ann amoni ak kontèks yo, mesaj ki nan Bib la ansanm ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Lè w ap sèvi ak enfòmasyon ki pa nan piblikasyon nou yo, pa chanje sans orijinal la oswa pa di anyen ki diferan ak sa ekriven an te vle di a.

  • Rezone ak moun yo sou prèv yo. Apre w fin li yon vèsè oswa w fin site yon enfòmasyon, poze kèk kesyon avèk tak oswa bay yon egzanp pou w ede moun k ap koute w yo rive fè pwòp konklizyon yo.