Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 8

Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Matye 13:34, 35.

SA POU W FÈ: Amelyore ansèyman w lè w sèvi ak egzanp ki senp ki touche kè moun yo e k ap anseye yo pwen enpòtan yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chwazi egzanp ki senp. Menm jan ak Jezi, sèvi ak bagay moun yo byen konnen pou w esplike bagay ki enpòtan, e sèvi ak bagay ki fasil pou w esplike bagay ki difisil. Pa bay detay ki pa nesesè k ap fè egzanp lan parèt konplike. Asire w ide ki nan egzanp ou pran an vrèman gen rapò ak leson w ap anseye a yon fason pou moun k ap koute w yo pa vin distrè akoz kèk detay ki pa gen sans.

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Chwazi egzanp ki gen rapò ak aktivite moun k ap koute w yo e k ap enterese yo. Veye pou egzanp ou pran yo pa fè yo santi yo jennen oswa pou yo pa blese santiman yo.

  • Atire atansyon sou pwen prensipal la. Sèvi ak egzanp ki gen rapò ak pwen prensipal yo, ou pa bezwen bay egzanp sou ti detay yo. Asire w moun k ap koute w yo pap sèlman sonje egzanp lan, men tou, ansèyman ki nan egzanp lan.