Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 9

Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè

Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè

Jenèz 15:5.

SA POU W FÈ: Sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w fè pwen enpòtan w ap anseye yo vin pi vivan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chwazi bagay moun yo ka wè pou w amelyore ansèyman w. Sèvi ak foto, chema, kat, kwonoloji, oswa kèk lòt bagay moun yo ka wè pou w met aksan sou pwen enpòtan yo, pa pale sou detay ki pa twò enpòtan yo. Ede moun k ap koute w yo pou yo pa sonje bagay yo te wè yo sèlman, men tou, pou yo sonje pwen w ap anseye a.

  • Asire w moun k ap koute w yo ka wè sa w ap montre a.