Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lèt Kolèj santral la

Lèt Kolèj santral la

“Se anseyan nou ta dwe ye.” (Ebre 5:12). Nou imajine sa! Jewova, pi bon Anseyan ki gen nan linivè a, mande nou pou n aprann lòt moun konnen l! Nenpòt asiyasyon nou genyen pou n anseye laverite sou Jewova, kit se nan fanmi nou, kit se nan kongregasyon an oswa nan travay predikasyon an, se yon privilèj ki gen anpil valè e se yon gwo responsablite. Ki jan n ka rive fè sa?

Nou jwenn repons lan nan pawòl apot Pòl te ekri Timote a. Men sa l te di: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay.” Pòl te ajoute: “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” (1 Tim. 4:13, 16). Ou gen yon mesaj k ap sove lavi moun pou w anonse. Kidonk, li enpòtan anpil pou w amelyore fason w li ak fason w anseye. Yo te prepare bwochi sa a pou ede w fè sa. Ann pale sou kèk pwen enteresan ki gen ladan l.

Nan chak paj, yo site yon vèsè ki se yon prensip biblik ki gen rapò ak leson an oswa ki se yon egzanp sou jan n ka aplike pwen n ap travay la.

Jewova se “Gran Pwofesè” a (Eza. 30:20). Toutpandan bwochi sa a pral ede w vin pi maton antanke lektè e antanke anseyan, pa janm bliye se nan men Jewova mesaj n ap bay la soti e se li menm k ap rale moun yo vin jwenn li (Jan 6:44). Kidonk, toujou priye pou w jwenn lespri sen. Santi w alèz pou w sèvi ak Pawòl Bondye a. Atire atansyon sou Jewova, pa janm atire atansyon sou ou. Fè bonjan efò pou w ede moun k ap koute w yo renmen Jewova ak tout kè yo.

Ou gen privilèj pou w anseye mesaj ki pi enpòtan lèzòm potko janm tande anvan sa. Nou gen konfyans w ap reyisi depi w konte sou “fòs Bondye bay” la. — 1 Pyè 4:11.

Anseyan parèy ou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo