Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 75

Dyab la teste Jezi

Dyab la teste Jezi

Apre Jezi fin batize, lespri sen te mennen l nan dezè a. Li pa t manje anyen pandan 40 jou, li te vin grangou anpil. Epi, Dyab la te vin tante Jezi, li di l: ‘Si w se Pitit Bondye toutbon, di wòch sa yo pou yo tounen pen.’ Men, Jezi te sèvi ak Ekriti yo pou l reponn, li di l: ‘Ekriti yo fè konnen moun pa bezwen manje sèlman pou yo viv. Nou dwe koute kèlkeswa pawòl Jewova di.’

Apre sa, Dyab la bay Jezi defi, li di l: ‘Si w se Pitit Bondye toutbon, soti kote ki pi wo nan tanp lan epi lage kò w anba. Ekriti yo fè konnen Bondye ap voye zanj li vin pran w.’ Men, yon lòt fwa ankò, Jezi site Ekriti yo, li di: ‘Ekriti yo fè konnen ou pa dwe teste Jewova.’

Epi, Satan montre Jezi tout wayòm ki nan monn nan ansanm ak richès yo ak glwa yo, e li di l: ‘M ap ba w tout wayòm sa yo ak glwa yo si w adore m, li mèt se yon sèl fwa.’ Men, Jezi di l: ‘Al fè wout ou, Satan! Ekriti yo fè konnen se Jewova sèlman ou dwe adore.’

Lè sa a, Dyab la ale, epi, gen kèk zanj ki vin bay Jezi manje pou l manje. Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche bon nouvèl Wayòm nan. Se travay sa a Bondye te voye l fè sou tè a. Moun yo te renmen sa Jezi t ap anseye yo, e yo te suiv li tout kote l ale.

“Lè [Dyab la] ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti.” — Jan 8:44.