Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 17

Moyiz chwazi adore Jewova

Moyiz chwazi adore Jewova

Nan peyi Ejip, yo te vin rele moun ki soti nan fanmi Jakòb yo Izrayelit. Apre lanmò Jakòb ak Jozèf, yon nouvo Farawon te vin ap dirije peyi a. Li te pè pou Izrayelit yo pa vin gen plis pouvwa pase Ejipsyen yo. Se sa k fè Farawon te fè Izrayelit yo vin esklav. Li te fòse yo fè brik epi fè travay di nan jaden yo. Men, tank Ejipsyen yo t ap fè Izrayelit yo travay di, se tank Izrayelit yo t ap vin anpil. Farawon pa t renmen sa, se sa k fè li te bay lòd pou yo touye tout tigason ki te fèk fèt yo. Èske w ka imajine jan Izrayelit yo te pè?

Te gen yon Izrayelit ki te rele Jokebèd ki te fè yon bèl pitit gason. Pou l pwoteje pitit gason l lan, li te mete l nan yon pànye e l te kache l pami wozo ki te nan Rivyè Nil la. Miryam, sè tibebe a, te rete toupre pou l te ka wè sa k ap rive.

Pitit fi Farawon an te vin benyen nan rivyè a e li te wè pànye a. Te gen yon tibebe ki t ap kriye anndan pànye a, e kè l te fè l mal pou li. Miryam te mande l: ‘Èske w vle m al chèche yon fi ki kapab bay tibebe a tete pou ou?’ Pitit fi Farawon an te dakò, konsa Miryam te tounen ak Jokebèd, manman l. Pitit fi Farawon an te di Jokebèd: ‘Pran tibebe a, ba l tete pou mwen, epi m ap peye w.’

Lè pitit la te vin pi gran, Jokebèd te mennen l bay pitit fi Farawon an, epi li te leve l kòm pwòp pitit pa l e li te rele l Moyiz. Moyiz te grandi tankou yon ti prens e l te ka gen tout sa l vle. Men, Moyiz pa t janm bliye Jewova. Li te konnen se yon Izrayelit li te ye, li pa t yon Ejipsyen. Epitou, li te chwazi sèvi Jewova.

Lè Moyiz te vin gen 40 an, li te vle ede pèp li a. Pandan l te wè yon Ejipsyen ap bat yon esklav ki te yon Izrayelit, Moyiz te frape Ejipsyen an tèlman fò, li te mouri. Moyiz te kache kò a nan sab la. Lè Farawon te aprann sa, li te vle touye Moyiz. Men, Moyiz te kouri al nan peyi Madyan. Jewova te pran swen Moyiz pandan l Madyan.

“Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a.” — Ebre 11:24, 25.