Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 49

Yo pini yon rèn ki mechan

Yo pini yon rèn ki mechan

Lè wa Ahab te konn gade nan fenèt lakay li nan Jizreyèl, li te konn wè yon jaden rezen ki pou yon mesye ki rele Nabòt. Ahab te vle gen jaden rezen sa a, e li te eseye achte l nan men Nabòt. Men, Nabòt pa t vle vann li jaden rezen an, paske, selon Lwa Jewova a, moun pa t gen dwa vann tè yo te resevwa kòm eritaj. Èske Ahab te gen respè pou Nabòt ki t ap fè sa ki byen? Non. Ahab te fache anpil. Li te tèlman fache, li te ret fèmen nan chanm li e li pa t vle manje.

Jezabèl, madanm Ahab, yon rèn ki mechan, te di l: ‘Se ou menm ki wa ann Izrayèl. Ou ka gen tout sa w vle. M ap fè w jwenn tè sa a.’ Li ekri lèt pou ansyen yo nan vil la, li mande yo pou yo akize Nabòt kòmkwa li joure Bondye, konsa, y ap touye l ak kout wòch. Ansyen yo te fè sa Jezabèl te di a, epi, Jezabèl di Ahab: ‘Nabòt mouri. Jaden rezen an pou ou kounye a.’

Nabòt pa sèl moun inosan Jezabèl te touye. Li te touye anpil moun ki te renmen Jewova. Li te konn adore zidòl e li te konn fè lòt bagay mal ankò. Jewova te wè tout move bagay Jezabèl te fè yo. Ki sa l t apral fè ak rèn sa a?

Apre lanmò Ahab, Jeworam, pitit gason l te vin wa. Jewova te voye yon mesye yo rele Jeyi al pini Jezabèl ak fanmi l.

Jeyi te kondui charyo l al Jizreyèl, kote Jezabèl te rete a. Jeworam te vin rankontre Jeyi sou charyo l e l te mande l: ‘Èske gen lapè ant nou menm?’ Jeyi di l: ‘Pap gen okenn lapè toutotan manman w Jezabèl ap fè sa ki mal.’ Jeworam te eseye vire charyo l la pou l chape poul li. Men, Jeyi tire yon flèch sou Jeworam epi li touye l.

Apre sa, Jeyi al nan palè Jezabèl la. Lè Jezabèl aprann Jeyi ap vini, li makiye, li ranje cheve l, epi l al ret tann li nan fenèt yon chanm lakay li ki anlè. Lè Jeyi rive, Jezabèl salye l yon fason ki malelve. Jeyi pale byen fò, li di sèvitè Jezabèl ki te kanpe bò kote l yo: “Lage l anba!” Yo pouse Jezabèl nan fenèt la, li tonbe anba, epi l mouri.

Apre sa, Jeyi touye 70 pitit gason Ahab yo e li retire adorasyon Baal la nan peyi a. Èske w wè sa? Jewova wè tout bagay e lè moman an rive pou l pini tout moun k ap fè sa ki mal yo, l ap fè sa.

“Byen moun vin genyen nan fè ava pap fè yo jwenn benediksyon pi devan.” — Pwovèb 20:21.