Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENDONEZI

Yon chèf kriminèl ki vin yon sitwayen onèt

Hisar Sormin

Yon chèf kriminèl ki vin yon sitwayen onèt
  • NESANS: 1911

  • BATÈM: 1952

  • PWOFIL: Yon ansyen chèf gang kriminèl ki vin manm Komite filyal la.

YON lè, Direktè ransèyman an te konvoke frè Sormin nan biwo reprezantan gouvènman an.

Men sa fonksyonè a te di l: “Ou se endonezyen pa vre? Donk, pale klè avè m. Ki sa Temwen Jewova yo ap fè toutbonvre ann Endonezi?”

Frè Sormin te reponn li: “Kite m esplike w istwa lavi m. Yon lè, mwen te chèf yon gang kriminèl. Men, kounye a, m ap anseye moun Labib. Se sa Temwen Jewova yo ap fè ann Endonezi, y ap pran moun ki pa bon tankou m yo pou fè yo vin tounen bon sitwayen!”

Pi devan, Direktè ransèyman an te deklare: “M te tande anpil plent kont Temwen Jewova yo. Men, m konnen se yon bon relijyon paske se grasa li mesye Sormin chanje.”