Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENDONEZI

Yon pyonye ki gen kran

André Elias

Yon pyonye ki gen kran
  • NESANS: 1915

  • BATÈM: 1940

  • PWOFIL: Yon pyonye ki gen kran ki toujou kenbe fèm lè y ap poze l kesyon e lè y ap menase l.

PANDAN Dezyèm Gè mondyal la, frè Elias ak madanm li, Josephine, te parèt devan otorite gouvènman yo nan katye jeneral polis militè japonè yo ki rele Kempeitai, nan Soukaboumi, Java delwès. Yo te entèwoje André an premye e yo te benyen l ak kesyon difisil tankou: “Kiyès Temwen Jewova yo ye? Èske n kont gouvènman japonè a? Èske w se yon espyon?”

André te reponn: “Nou se sèvitè Bondye Toupisan an e n pa fè anyen ki mal.” Ofisye ki t ap kòmande a te pase yon epe samouray sou mi an epi l kenbe l anlè.

Toutpandan l t ap gwonde, li di: “E si m touye w kounye a?” André te poze tèt li sou biwo a e l te fè yon priyè nan kè l. Apre yon bon ti tan, ofisye a te tonbe ri. Li te di l: “Ou se yon nonm ki brav!” Apre sa, li te fè rele Josephine. Lè ofisye a wè Josephine di menm bagay ak André, li di yo: “Nou pa espyon. Nou mèt ale!”

Plizyè mwa annapre, yo te met André nan prizon paske gen kèk “fo frè” ki te denonse l (2 Kor. 11:26). Pandan plizyè mwa, se kras manje li te konn ranmase nan kanal dlo ki pase nan chanm prizon l lan li te konn manje. Aktout sa, gad prizon yo pa t ka fè l pèdi entegrite l. Lè Josephine te gen posiblite vizite l, li te di l tou ba dèyè bawo prizon an: “Pa enkyete w pou mwen. Kit yo touye m, kit yo libere m, m ap toujou ret fidèl ak Jewova. Y ap pote m met deyò isit la tankou yon kadav, men, jamè tankou yon trèt.”

Apre sis mwa prizon, André te defann tèt li devan pi gwo tribinal Jakata a epi yo te libere l.

Anviwon 30 an annapre, lè gouvènman Endonezi a te met entèdiksyon sou travay Temwen Jewova yo ankò, reprezantan gouvènman nan vil Manado a, nan Soulawesi dinò, te konvoke André nan biwo l. Li te mande l: “Èske w konnen yo met entèdiksyon sou Temwen Jewova yo?”

André te reponn li: “Wi.”

Ofisyèl la te mande l: “Èske w pare pou w chanje relijyon kounye a?”

André te fè yon ti panche devan, epi l frape lestomak li byen fò, li di: “Ou ka rache kè m nan lestomak mwen, men w pap janm ka fè m chanje relijyon.”

Reprezantan gouvènman an te voye André ale e l pa t janm konvoke l ankò.

André te mouri nan ane 2000 a 85 an apre l te fin pase anviwon 60 an ap sèvi antanke yon pyonye zele.