Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 12

“Èske Bondye gen enjistis lakay li?”

“Èske Bondye gen enjistis lakay li?”

1. Kòman w santi w lè w wè yo fè yon moun enjistis?

YON vèv ki granmoun anpil pèdi tout ti kòb li te sere pou l viv. Yon paran ki gen kè di abandone pitit li. Yo mete yon mesye nan prizon pou yon krim li pa t fè. Kòman w santi w lè w tande sitiyasyon sa yo? Sandout, chak sitiyasyon sa yo deranje w anpil. E nou ka konprann kòman w santi w. Antanke moun, nou fèt ak kapasite pou nou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon. Lè nou wè moun ap fè lòt moun enjistis, sa deranje nou anpil. Nou ta renmen pou moun ki sibi enjistis la jwenn jistis epi pou yo pini koupab la. Si sa pa fèt, nou ka ap mande tèt nou: ‘Èske Bondye wè sa k ap pase a? Poukisa Bondye pa aji?’

2. Kòman Abakouk te reyaji devan enjistis li te wè yo, e pou ki rezon Jewova pa t reprimande Abakouk pou sa l te di a?

2 Pandan tout listwa lèzòm, sèvitè fidèl Jewova yo te konn poze tèt yo menm kesyon sa yo. Pa egzanp, men sa pwofèt Abakouk te mande nan yon priyè li te fè Bondye: “Poukisa w’ap fè m wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo?” ​(Abakik 1:3, Bib la). Jewova pa t repwoche Abakouk paske Abakouk pa t pè di sa l te santi. Rezon an se paske Jewova te kreye lèzòm pou yo gen jistis lakay yo. Wi, se yon benediksyon sa ye lefètke Jewova bay lèzòm yon ti kal nan jistis li gen lakay li.

Jewova rayi enjistis

3. Poukisa nou ka di Jewova wè enjistis k ap fèt yo pi byen pase nou?

3 Jewova pa fèmen je l sou enjistis k ap fèt sou tè a. Li wè tout sa k ap pase. Anrapò ak epòk Noye a, men sa Labib fè konnen: “Jewova te wè jan lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan.” ​(Jenèz 6:5). Ann egzamine sa pawòl nan vèsè sa a vle di. Souvan, ide nou genyen sou enjistis chita sou kèk sitiyasyon ki te rive nou oubyen sou kèk sitiyasyon nou te tande ki te rive lòt moun. Kontrèman ak lèzòm, Jewova wè tout enjistis k ap fèt sou tè a! Anplis de sa, li ka wè sa k nan kè yon moun, sa vle di move lide k ap pase nan tèt moun nan. — Jeremi 17:10.

4, 5. a) Kòman Bib la montre Jewova gen sousi pou moun k ap sibi enjistis? b) Ki sa k montre Jewova li menm te sibi enjistis?

4 Men, Jewova pa annik ret ap gade enjistis k ap fèt yo. Li gen sousi pou tout moun ki viktim enjistis. Lè nasyon ènmi pèp Jewova a t ap maltrete pèp li a, sa te fè l mal pou l te wè yo k ap “plenyen akoz moun ki t ap toupizi yo, [e] ki t ap maltrete yo.” ​(Jij 2:18). Petèt, ou remake plis yon moun wè enjistis ap fèt, se plis sa ka pa di l anyen pou l wè moun k ap soufri. Jewova pa konsa. Pandan plis pase 6 000 an, Jewova wè tout kalite enjistis ki fèt sou tè a, epoutan, li toujou rayi enjistis k ap fèt. Bib la fè nou konnen Jewova rayi “moun k’ap bay manti’, ‘moun k ap touye moun ki inosan’ e li rayi “fo temwen k’ap bay manti sou moun”. — Pwovèb 6:16-19, Bib la.

5 Anplis de sa, ann egzamine jan Jewova te reprimande chèf ann Izrayèl yo ki t ap pratike enjistis. Men sa l te enspire pwofèt li a pou l mande yo: ‘Èske se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?’ Apre Jewova te fin rakonte an detay jan yo te mal sèvi ak otorite yo te genyen, li te fè mesye mechan sa yo konnen sa k t ap tann yo pi devan. Men sa l te fè yo konnen: “Y ap rele Jewova osekou, men li pap reponn yo. E lè sa a l ap kache figi l pou yo, piske yo te fè mechanste nan aksyon yo.” ​(Mika 3:1-4). Se pa ti rayi Jewova rayi enjistis! Se li menm an premye ki te sibi enjistis! Pandan plizyè milye ane, Satan pa sispann pwovoke Bondye (Pwovèb 27:11). Anplis de sa, Bondye te sibi pi gwo zak enjistis ki te janm fèt lè yo te touye Pitit Gason l lan kòm yon kriminèl alòske Pitit sa a “pa t fè peche”. (1 Pyè 2:22; Izayi 53:9.) Li klè, Jewova pa fèmen je l sou enjistis e sa fè l mal lè l wè moun ap soufri anba enjistis.

6. Kòman nou ka santi nou lè nou wè enjistis, e poukisa se konsa nou reyaji?

6 Sepandan, lè n ap gade enjistis k ap fèt oubyen lè nou menm nou viktim enjistis, li nòmal pou sa deranje nou anpil. Bondye te kreye nou pòtre ak li, e enjistis pa mache ditou ak prensip Jewova yo (Jenèz 1:27). Men, poukisa Bondye kite enjistis ap fèt sou tè a?

Kesyon ki gen rapò ak souvrènte Bondye

7. Esplike kòman yon zanj te mete souvrènte Bondye an dout.

7 Poukisa Bondye kite enjistis ap fèt sou tè a? Repons kesyon sa a gen rapò ak souvrènte Bondye. Jan nou te deja aprann sa, Kreyatè a gen dwa pou l dirije tè a e pou l dirije moun k ap viv sou li (Sòm 24:1; Revelasyon 4:11). Sepandan, nan kòmansman istwa lèzòm, te gen yon zanj ki te vin mete souvrènte Bondye an dout. Kòman sa te fèt? Jewova te bay Adan, premye moun li te fè sou tè a, lòd pou l pa manje fwi ki nan pyebwa ki te nan mitan jaden Edenn nan. Ki sa k t ap rive Adan si l te dezobeyi Bondye? Men sa Bondye te fè l konnen: “W ap mouri san mank.” ​(Jenèz 2:17). Lòd Bondye te bay la pa t twò difisil ni pou Adan ni pou Èv, madanm li, obeyi. Malgre sa, Satan te rive konvenk Èv Bondye pa t gen dwa pou l entèdi yo manje nan pyebwa ki nan mitan jaden an. Ki sa k t ap rive si Èv te manje nan pyebwa sa a? Men sa Satan te di Èv kareman: “Nou pap mouri pyès. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” — Jenèz 3:1-5.

8. a) Nan pawòl Satan te di Èv yo, ki sa l te vle fè konprann? b) Anrapò ak souvrènte Bondye, ki sa Satan te mete an dout?

8 Nan pawòl Satan te di a, li pa t sèlman fè konprann Jewova t ap eseye kache Èv kèk enfòmasyon ki enpòtan anpil, men li te vle fè konprann Jewova t ap bay Èv manti. Satan te veye pou l pa di Bondye pa chèf linivè. Men pito, li te mete fason Bondye ap dirije a an dout. Se kòmsi Satan fè konprann Jewova pa sèvi ak otorite l genyen an yon fason ki jis, kòmkwa Jewova pa aji nan enterè sèvitè l yo vre.

9. a) Lefètke Adan ak Èv te dezobeyi, ki sa k te rive yo, e ki kesyon enpòtan sa te fè moun vin poze? b) Poukisa Jewova pa t annik detwi rebèl yo?

9 Annapre, ni Adan ni Èv te dezobeyi Jewova lè yo te manje fwi nan pyebwa Bondye te entèdi yo manje ladan l lan. Jan Bondye te fè konn sa, yo te mouri e yo te merite sa. Manti Satan te bay la fè nou poze yon seri kesyon enpòtan, tankou: èske se Bondye vrèman ki dwe dirije lèzòm oubyen èske se lèzòm ki dwe dirije tèt yo? Èske Jewova byen sèvi ak otorite l genyen pou l dirije a? Jewova te ka sèvi ak kokennchenn pouvwa l genyen an pou l detwi rebèl yo lamenm. Men, se pa t pisans Jewova genyen Satan te mete an dout, men, se dominasyon Bondye a li te mete an dout. Donk, si Bondye te elimine Adan, Èv ak Satan, sa pa t ap reponn kesyon: èske fason Bondye ap dirije a bon? Okontrè, se plis dout sa t ap mete sou dominasyon Bondye a. Sèl fason pou lèzòm konnen si yo ka dirije tèt yo san èd Bondye, se kite tan pase.

10. Ki sa listwa montre konsènan fason lèzòm dirije?

10 Ki sa tan ki pase yo montre? Pandan plizyè milye ane, lèzòm eseye tout kalite fòm gouvènman, tankou demokrasi, sistèm sosyalis, sistèm kominis ak gouvènman kote pouvwa a nan men yon sèl moun. Ki rezilta tout fòm gouvènman sa yo bay? Men sa Bib la di: “Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.” ​(Eklezyas 8:9, Bib la). Pwofèt Jeremi te gen rezon di pawòl sa yo: “Mwen byen konnen, o Jewova, lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. — Jeremi 10:23.

11. Poukisa Jewova kite lèzòm ap soufri?

11 Jewova te konnen lè lèzòm te pran desizyon pou yo dirije tèt yo sa t apral lakòz anpil soufrans. Èske Jewova demontre li enjis lefètke li kite lèzòm soufri akoz desizyon yo te pran? Non! Ann pran yon egzanp: Imajine ou gen yon pitit ki bezwen fè yon operasyon akoz yon maladi ki ka touye l. Ou konnen operasyon sa a pral lakòz pitit ou a soufri anpil e sa fè w mal anpil. Men, anmenmtan ou konnen pi devan, grasa operasyon pitit ou a pral fè a, l ap vin gen pi bon sante. Menm jan an tou, Bondye te konnen kite li kite lèzòm dirije tèt yo a t apral lakòz yo soufri anpil, e li te menm fè yo konn sa (Jenèz 3:16-19). Sepandan, Jewova te konnen tou lèzòm t ap ka jwenn bonjan soulajman si l kite yo wè rezilta rebelyon yo a bay. Konsa, kesyon ki gen rapò ak souvrènte Bondye a t ap ka jwenn yon repons yon fwa pou tout, sa vle di pou toutan.

Kesyon ki gen rapò ak entegrite lòm

12. Jan istwa Jòb la montre sa, ki akizasyon Satan te lage sou do lèzòm?

12 Gen yon lòt aspè nan kesyon an ki gen rapò ak rezon ki fè Bondye kite enjistis ap fèt sou tè a. Lè Satan te fè konprann Jewova pa sèvi ak otorite l genyen an yon fason ki jis, li pa t sèlman bay manti sou fason Bondye dirije, men tou, li te bay manti sou rezon ki fè sèvitè Bondye yo rete fidèl. Pa egzanp, gade sa Satan te di sou Jòb, yon moun ki t ap mache dwat devan Bondye: ‘Ou toujou pwoteje l, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tout sa l ap fè. Bèt li yo plen peyi a. Men, kite w manyen byen l yo pou w wè, m garanti w, l ap di sa l pa t dwe di sou ou nan figi w!’ — Jòb 1:10, 11, Bib la.

13. Lè Satan te lage akizasyon sou do Jòb, ki sa l te vle fè konprann, e kòman sa konsène tout moun?

13 Satan te vle fè konprann Jewova te itilize pouvwa l genyen pou l pwoteje a pou l achte Jòb. Se kòmsi entegrite Jòb la se te yon blòf, kòmkwa sèl rezon ki fè Jòb t ap adore Bondye se pou l te ka jwenn benediksyon nan men Bondye. Satan te fè konnen si Jòb ta sispann jwenn benediksyon Bondye, li t ap di sa l pa ta dwe di sou Kreyatè a. Satan te konnen Jòb te yon moun ki “san repwòch e ki dwat, ki gen lakrentif pou Bondye e ki vire do bay sa ki mal” *. Donk, si Satan ta rive kraze entegrite Jòb, se pa entegrite rès moun sou tè a li pa t ap ka rive kraze. Konsa, Satan te mete fidelite tout moun k ap fè efò pou yo sèvi Bondye yo an dout. Pou Satan fè konprann se tout moun ki pa t ap rete fidèl, men sa l di Jewova: “Tout sa yon moun [pa sèlman Jòb] posede, l ap bay li pou nanm li.” — Jòb 1:8; 2:4.

14. Ki sa istwa lèzòm montre anrapò ak akizasyon Satan te lage sou do lèzòm nan?

14 Kontrèman ak sa Satan te di a, istwa lèzòm fè nou wè gen anpil moun, menm jan ak Jòb, ki te rete fidèl anvè Jewova lè yo t ap fè fas ak eprèv. Lefètke yo te rete fidèl, yo te fè kè Jewova kontan, e sa te pèmèt Jewova reponn akizasyon Satan te lage avèk anpil awogans lè l te di kèlkeswa moun nan ap sispann sèvi Bondye lè l ap fè fas ak eprèv (Ebre 11:4-38). Vrèmanvre, sèvitè Bondye ki sensè yo pa t janm vire do bay Bondye. Menm lè yo te nan sitiyasyon ki difisil anpil e yo pa t fin konprann rezon ki fè yo te ladan l, yo te toujou gen konfyans Jewova t ap ba yo fòs pou ede yo andire. — 2 Korentyen 4:7-10.

15. Ki kesyon ki ka vin nan lespri nou anrapò ak jijman Bondye deja fè yo e ak sa l pral fè yo?

15 Men, fason Jewova demontre jistis li pa sèlman gen rapò ak kesyon souvrènte ak entegrite lèzòm nan. Labib rapòte anpil jijman Jewova te fè kont moun e kont tout yon nasyon. Anplis de sa, Bib la gen plizyè pwofesi anrapò ak jijman Bondye gen pou l fè alavni. Poukisa nou ka gen konfyans ni jijman Jewova te fè yo ni sa l pral fè yo jis?

Rezon ki fè jistis Bondye san parèy

Jewova pap janm “detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan”.

16, 17. Anrapò ak demontre vrè jistis la, bay kèk egzanp ki montre lèzòm pa fin byen konnen tout detay yo?

16 Se avèk rezon Bib la di pawòl ki vin annapre yo konsènan Jewova: “Tout chemen l yo se jistis.” ​(Detewonòm 32:4). Pa gen yon moun ki ka di yon pawòl konsa pou tèt li. Etandone nou enpafè, souvan, nou pa fin wè bagay yo jan nou ta dwe wè yo a. Ann pran egzanp Abraram. Li te sipliye Jewova pou l pa kouri detwi Sodòm, malgre te gen anpil moun ki t ap fè mechanste nan vil Sodòm. Men sa l te di Jewova: “Èske toutbonvre w ap detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan?” ​(Jenèz 18:23-33). Natirèlman, Jewova pa t ap janm fè sa. Se sèlman lè Lòt ansanm ak pitit fi l yo te rive sennesòf nan vil Sowa Jewova te “fè yon lapli souf ak dife tonbe sou Sodòm ak Gomò”. (Jenèz 19:22-24.) Lè Jewova te fè moun ki t ap viv Niniv yo mizèrikòd, sa te fè Yona “fè gwo kòlè”. Etandone Yona te deja fè konnen Bondye t apral detwi moun ki t ap viv Niniv yo, sa pa t ap ba l okenn pwoblèm pou l wè Bondye detwi moun yo, kit yo te repanti kit yo pa t repanti. — Yona 3:10–4:1.

17 Jewova te bay Abraram asirans lè l ap demontre jistis li, sa pa gen ladan l sèlman detwi mechan yo, men tou, sa gen ladan l sove moun ki jis yo. Yon lòt bò, Yona li menm te oblije vin aprann Jewova gen mizèrikòd. Si mechan yo vire do bay sa ki mal, Bondye ap “dispoze padone” yo (Sòm 86:5). Kontrèman ak kèk moun ki gen pouvwa e ki renmen fè moun wè yo gen pouvwa, Jewova pa annik kondane moun pou l ka fè wè pouvwa li genyen, e li pa pè demontre konpasyon pou sa pa retire sou pouvwa li genyen. Depi gen rezon pou l demontre mizèrikòd, l ap fè sa. — Izayi 55:7; Ezekyèl 18:23.

18. Ki prèv Bib la bay ki montre Jewova pa annik aji selon santiman li gen pou pèp li?

18 Sepandan, Jewova pa annik aji selon santiman li gen pou pèp li. Lè pèp li a te tonbe nan adore zidòl, men sa Jewova te fè yo konnen: “Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n’ap plede fè devan je mwen. Mwen p’ap gen pitye pou nou. Mwen p’ap fè pa nou.” ​(Ezekyèl 7:3, 4, Bib la). Donk, lè moun fè espre yo aji mal, Jewova ap jije yo selon aksyon yo. Men, jijman sa a Bondye fè kont moun sa yo chita sou bonjan prèv. Konsa, lè Jewova te vin tande ‘rèl ak plent’ moun t ap fè kont Sodòm ak Gomò, men sa l te fè konnen: “M ap desann pou m al wè si yo fè sa m tande a vre. E si se pa sa, m a konnen.” ​(Jenèz 18:20, 21). Ala kontan nou kontan dèske Jewova pa tankou anpil moun ki kouri pran desizyon anvan yo konnen tout detay! Vrèmanvre, jan Bib la fè konn sa, Jewova se yon “Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis”. — Detewonòm 32:4.

Nou dwe gen konfyans nan jistis Jewova

19. Ki sa nou ka fè si nou pa fin konprann fason Jewova demontre jistis li?

19 Bib la pa ban nou tout detay sou tout jijman Jewova deja fè yo, ni tou li pa ban nou tout detay sou fason li pral jije chak moun oubyen chak gwoup moun alavni. Lè nou pa fin konprann yon istwa oswa yon pwofesi paske Bib la pa bay detay sou istwa a oswa sou pwofesi a, nou ka rete fidèl menm jan ak pwofèt Mika. Men sa l te di: “Avèk konfyans, m’ap tann Bondye k’ap vin pou delivre m lan. — Miche 7:7, Bib la.

20, 21. Poukisa nou ka gen konfyans Jewova ap toujou fè sa ki dwat?

20 Nou ka gen konfyans Jewova ap toujou fè sa ki dwat nan kèlkeswa sitiyasyon an. Men sa Jewova pwomèt, menm lè lèzòm sanble fèmen je yo sou enjistis moun fè: “Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.” ​(Women 12:19). Si nou ret tann Jewova, n ap gen menm konviksyon Pòl te genyen an. Men sa l te di: “Èske Bondye gen enjistis lakay li? Jamè!” — Women 9:14.

21 Pou kounye a, n ap viv nan yon epòk kote ‘tan yo di e yo difisil pou moun sipòte’. (2 Timote 3:1.) Enjistis ak “zak maspinay” lakòz anpil soufrans (Eklezyas 4:1). Sepandan, Jewova pa chanje. Li toujou rayi enjistis, e li gen sousi pou tout moun ki viktim enjistis. Si nou rete fidèl anvè Jewova e si nou soutni souvrènte l, l ap ban nou fòs pou nou andire jiskaske l korije tout enjistis anba dominasyon Wayòm li an. — 1 Pyè 5:6, 7.

^ § 13 Men sa Jewova te fè konnen konsènan Jòb: “Pa gen pèsonn tankou l sou tè a.” ​(Jòb 1:8). Donk, sanble se apre lanmò Jozèf e anvan Bondye te chwazi Moyiz pou l vin chèf sou pèp Izrayèl la Jòb t ap viv. Se avèk rezon Bib la fè konnen pa gen moun ki te entèg tankou Jòb.