CHAPIT 1
“Se li menm ki Bondye nou”
1, 2. a) Ki kesyon ou ta renmen poze Bondye? b) Ki sa Moyiz te mande Bondye?
ÈSKE W ka imajine ou menm ki nan yon konvèsasyon ak Bondye? Lè w panse ak yon bagay konsa, sa ka fè w ret bouch ouvè. Imajine sa, Souvren linivè a ap pale avè w! Pou kòmanse, ou pa konn sa pou w di l, men finalman ou resi reponn. Bondye ap koute sa w ap di l, li reponn ou, e li menm mete w alèz pou w poze l nenpòt kesyon w vle. Bon, ki kesyon ou t ap poze Bondye?
2 Nan tan lontan, te gen yon moun ki te nan yon sitiyasyon konsa. Li te rele Moyiz. Kesyon li te chwazi poze Bondye a ka fè w yon ti jan sezi. Olye Moyiz te mande Bondye yon bagay pou tèt li, olye l te mande l pou l pale l de avni l, olye l te mande Bondye sa l sere pou lèzòm, li te pito mande Bondye ki non li genyen. Ou ka panse sa yon ti jan dwòl pou Moyiz te mande Bondye yon bagay konsa piske Moyiz te deja konn non Bondye. Genlè kesyon li te poze a te vle di yon lòt bagay. An reyalite, kesyon sa a se te kesyon ki pi enpòtan Moyiz te ka poze Bondye. Repons kesyon sa a konsène nou tout. Repons lan ka ede w fè sa ki nesesè pou w pwoche bò kote Bondye. Kòman sa? Ann egzamine konvèsasyon estrawòdinè sa a Moyiz te genyen ak Bondye.
3, 4. Esplike sa k te pase anvan Bondye te pale ak Moyiz la, e di sou ki sa yo te pale.
3 Moyiz te gen 80 an. Li te pase 40 an ann egzil, kote li te lwen Izrayelit parèy li yo ki te ann esklavaj ann Ejip. Egzòd 3:1-12.
Yon jou, pandan Moyiz t ap pran swen mouton bòpè l yo, li te wè yon bagay dwòl. Te gen yon pye pikan ki te pran dife, men pye pikan an pa t boule. Dife a te kontinye limen sou pye pikan an, li te klere tankou yon limyè ki sou tèt yon ti mòn. Moyiz pwoche pi pre pou l wè sa k ap pase a. Se pa ti sezi li dwe te sezi! Li te tande yon vwa pale avè l, e vwa a te soti kote dife a te ye a. Bondye te sèvi ak yon zanj pou l pale ak Moyiz pandan yon bon valè tan. E jan w ka deja konn sa, se la a Bondye te mande Moyiz, ki te yon ti jan renka renka, pou l kite vi senp li t ap mennen an e pou l retounen ann Ejip pou l ka delivre Izrayelit yo anba esklavaj. —4 Nan moman sa a, Moyiz te ka poze Bondye nenpòt kesyon ki te nan lide l. Men, gade ki sa li te chwazi mande Bondye. Men sa l te di: “Kounyeya, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m: Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m reponn yo?” — Egzòd 3:13, Bib la.
5, 6. a) Ki verite senp men ki enpòtan nou ka aprann nan kesyon Moyiz te poze a? b) Ki bagay grav moun yo fè anrapò ak non Bondye? c) Lefètke Bondye fè moun konn non l, ki enpòtans sa genyen?
5 Pou kòmanse, kesyon sa a aprann nou Bondye gen yon non. Se pa yon verite nou dwe pran alalejè. Men, gen anpil moun ki pa bay verite sa a enpòtans. Nan anpil tradiksyon Labib, yo retire non Bondye e yo ranplase l ak tit, tankou “Seyè” oswa “Bondye”. Sa yo fè a se youn nan bagay ki bay plis lapenn e se youn nan bagay ki pi grav moun fè nan non relijyon. Anfèt, ki premye bagay ou fè lè w ap fè konesans ak yon moun? Èske w pa mande l non l? Se menm bagay la ou
dwe fè pou w ka vin konnen Bondye. Li pa yon Bondye ki pa gen yon non e ki pa sou bò nou, ni li pa yon Bondye moun pa ka konnen ni moun pa ka konprann. Malgre nou pa ka wè l, li se yon moun e li gen yon non. Non li se Jewova.6 Anplis de sa, lefètke Bondye fè nou konn non l, sa pèmèt nou wè gen anpil bèl bagay nou ka konnen toujou sou li. Jewova envite nou pou nou vin konnen l. Li vle pou nou pran pi bon desizyon nou ka pran nan lavi a, anpalan de pwoche bò kote l. Sepandan, Jewova fè plis pase annik fè nou konn non l, li fè nou konnen tou Moun sa a ki gen non sa a.
Ki sa non Bondye vle di?
7. a) Ki sa nou vin konprann non Bondye vle di? b) Ki sa Moyiz te vle konnen toutbonvre lè l te mande Bondye non l?
7 Se Jewova ki te chwazi pwòp non l. Non sa a vle di anpil bagay. Nou vin konprann non “Jewova” a vle di: “Li fè vin tounen.” Annefè, Jewova pa gen parèy nan tout linivè, se li ki fè tout bagay vin egziste. Anplis de sa, li fè kèlkeswa sa l vle rive pou l akonpli objektif li. Lè nou panse ak sa, sa fè nou ret bouch ouvè. Men, èske sa non Bondye a vle di toutbon idantifye l antanke Kreyatè sèlman? Li klè, Moyiz te vle aprann plis bagay sou non sa a. An reyalite, li te konnen Jewova se Kreyatè a, e li te konnen non Bondye paske Bondye te deja fè konn non l. Te gentan gen plizyè syèk depi moun t ap itilize non Bondye. Anfèt, lè Moyiz te mande Bondye non l, li te vle konnen moun ki pote non sa a. Annefè, se kòmsi Moyiz t ap di: ‘Ki sa mwen ka di Izrayelit yo, pèp ou a, sou ou ki pral fòtifye lafwa yo nan ou e k ap fè yo kwè w pral delivre yo toutbonvre?’
8, 9. a) Kòman Jewova te reponn kesyon Moyiz te poze l la, e kòman yo konn mal tradui repons li te bay la? b) Ki sa pawòl “M ap tounen sa m chwazi tounen” an vle di?
Egzòd 3:14). Nan anpil tradiksyon Labib, men sa yo mete nan vèsè sa a: “Sa m ye a se sa m ye.” Sepandan, lè yo byen tradui vèsè sa a, li montre se pa konnen Bondye t ap annik fè konnen li egziste. Okontrè, se anseye Jewova t ap anseye Moyiz li t ap “chwazi tounen” kèlkeswa sa k te nesesè a pou l reyalize pwomès li fè yo, e se menm bagay la li anseye nou tou. Men ki jan tradiksyon Labib Joseph Bryant Rotherham lan tradui vèsè sa a: “M ap vin tounen kèlkeswa sa mwen vle.” Men ki jan yon espè nan lang ebre moun te konn pale nan tan lontan an esplike vèsè sa a: “Kèlkeswa sitiyasyon an oswa sa k nesesè a..., Bondye ap ‘vin tounen’ solisyon an pou sitiyasyon sa a.”
8 Nan repons Jewova te bay Moyiz la, li te fè l konnen yon aspè enpòtan nan pèsonalite l, yon bagay ki gen rapò ak siyifikasyon non l. Men sa l te di Moyiz: “M ap tounen sa m chwazi tounen.” (9 Ki sa sa te vle di pou Izrayelit yo? Kèlkeswa obstak Izrayelit yo t ava gen devan yo, kèlkeswa sitiyasyon difisil yo ta twouve yo, Jewova t ap vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou l delivre yo anba esklavaj epi mennen yo nan Latè pwomiz. Se sèten, non sa a te fè Izrayelit yo mete konfyans yo nan Bondye. Jodi a, non sa a ka fè nou gen konfyans nan Bondye tou (Sòm 9:10). Poukisa?
10, 11. Kòman non Jewova fè nou konnen se li menm sèl ki ka pi byen adapte l ak kèlkeswa sitiyasyon an e se li ki pi bon Papa yon moun ka genyen? Bay yon egzanp.
10 Ann pran yon egzanp: Paran yo konnen, pou yo byen pran swen pitit yo, li enpòtan pou yo adapte yo ak kèlkeswa sitiyasyon an. Nan yon jounen, yon paran
ka bezwen vin tounen yon moun k ap pran swen lòt moun, yon moun k ap fè manje, yon anseyan, yon moun k ap met lòd nan dezòd, yon jij oswa li ka bezwen jwe plizyè lòt wòl ankò. Gen anpil paran ki konn santi yo pa gen kapasite pou yo jwe tout wòl sa yo. Rezon ki fè yo konn santi yo konsa se paske yo konnen pitit yo gen anpil konfyans nan yo. Yon timoun piti pa janm gen dout manmi l oswa papi l ka soulaje doulè l genyen akoz li blese oubyen paran l ka rezoud tout pwoblèm li genyen ak lòt moun. Anplis de sa, li pa janm gen dout manmi l oswa papi l ka ranje nenpòt jwèt li genyen ki kase oubyen paran l ka reponn kèlkeswa kesyon ki ta vin nan lespri l. Kèk paran konn santi yo pa merite konfyans sa a pitit yo gen nan yo a, e pafwa yo konn menm santi yo about lè yo wè yo pa ka rive fè yon bagay pou pitit yo. Yo konn santi yo tris paske yo panse yo pa gen kapasite pou yo jwe anpil nan wòl sa yo.11 Jewova se yon paran ki plen lanmou tou. Kontrèman ak paran ki enpafè, pa gen anyen Jewova pa ka vin tounen dekwa pou l pi byen pran swen pitit li yo sou tè a, anpalan de moun fidèl li yo. E li fè sa san l pa pase lwa li yo ki pafè anba pye. Donk, non sa a, Jewova, fè nou konnen li se pi bon Papa yon moun ka genyen (Jak 1:17). Sa pa t pran tan pou Moyiz ak lòt Izrayelit fidèl yo vin aprann Jewova byen pote non l. Se pa ti sezi nasyon Izrayèl la te sezi lè yo te wè Jewova vin tounen yon Kòmandan lame lòt chèf militè pa ka venk, yon Moun ki gen kontwòl sou lanati, yon Lejislatè ki san parèy, yon Jij, yon Achitèk, yon Moun ki bay manje ak dlo, yon Moun ki anpeche rad ak sandal depafini! E se pa ti sezi nasyon an te sezi tou lè yo te wè l tounen anpil lòt bagay ankò!
12. Poukisa sa Farawon te panse de Jewova diferan ak sa Moyiz te panse de Jewova?
Nonb 12:6-8; Ebre 11:27). Malerezman, nan epòk Moyiz la, se kèk grenn moun ki te vle konnen Bondye menm jan avè l. Lè Moyiz te pale de Jewova avèk Farawon, wa Ejip la, yon wa ki te gen anpil ògèy, men sa Farawon te di: ‘Kiyès ki Jewova a?’ (Egzòd 5:2). Farawon pa t vle aprann konnen plis bagay sou Jewova. Okontrè, li te montre li pa t gen okenn respè pou Bondye Izrayèl la. Farawon te panse Bondye Izrayèl la pa yon Bondye ki enpòtan. Jodi a, gen anpil moun ki panse menm jan Farawon te panse a. Etandone se konsa yo panse, sa anpeche yo wè verite ki pi enpòtan an: Jewova se Souvren Seyè a.
12 Donk, se konsa Bondye te fè konn non l. Li te montre yon aspè enpòtan konsènan Moun non sa a reprezante a, e li te menm montre sa l di konsènan tèt li se verite. Pa gen dout nan sa, Bondye vle pou nou konnen l. Lefètke nou konn sa, ki jan nou reyaji? Moyiz te vle konnen Bondye. Gwo anvi sa a li te genyen an te pouse l vin pi pwòch Papa l ki nan syèl la e li te fè sa pandan tout vi l (Jewova se Souvren Seyè a
13, 14. a) Poukisa yo bay Jewova plizyè tit nan Bib la? Bay kèk nan tit yo. (Gade kare ki gen tit: “Kèk tit Jewova genyen”.) b) Poukisa se Jewova sèlman ki merite pou yo rele l “Souvren Seyè a”?
13 Jewova tèlman ka adapte l ak kèlkeswa sitiyasyon an, sa pa fè nou sezi lè nou wè tout tit yo ba li nan Bib la. Tit sa yo pa ka ranplase non l genyen an. Men, yo aprann nou anpil bagay sou sa non l vle di. Pa egzanp, yo rele Jewova “Souvren Seyè a”. (2 Samyèl 7:22.) Gwo tit sa a, ki parèt plizyè santèn fwa nan Bib la, fè konnen pozisyon Jewova genyen an. Se li sèlman ki gen dwa dirije tout linivè. Ann egzamine poukisa.
Revelasyon 4:11 di: “Jewova, Bondye nou an, ou diy pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” Yo pa t ap janm di pawòl sa yo pou pyès lòt moun. Tout sa ki egziste nan linivè egziste grasa Jewova. Pa gen dout nan sa, etandone se Jewova ki Souvren Seyè a e se li ki kreye tout bagay, li merite pou l jwenn onè, pisans ak glwa.
14 Antanke Kreyatè, Jewova san parèy. Men sa15. Poukisa yo rele Jewova “Wa letènite”?
15 Gen yon lòt tit se Jewova sèlman yo bay li: “Wa letènite”. (1 Timote 1:17; Revelasyon 15:3.) Ki sa tit sa a vle di? Menmsi li pa fasil pou nou fin konprann sa tit sa a vle di, se pou nou rekonèt Jewova egziste depi toutan e li la pou toutan. Men sa Sòm 90:2 fè konnen: “Depi tan endefini pou rive tan endefini, ou se Dye.” Donk, Jewova pa gen kòmansman, li te toujou egziste. Se avèk rezon Labib rele Bondye “Moun ki la pi lontan an”, sa vle di li egziste depi toutan, li la anvan nenpòt moun oubyen nenpòt bagay ki te vin egziste nan linivè a (Dànyèl 7:9, 13, 22). Ki moun ki ta gen rezon pou l gen dout se Jewova ki gen dwa pou l Souvren Seyè a?
16, 17. a) Poukisa nou pa ka wè Jewova, e pou ki rezon nou pa dwe sezi pou sa? b) Nan ki sans Jewova pi reyèl pase nenpòt bagay nou ka wè oubyen nenpòt bagay nou ka manyen?
16 Gen kèk moun ki gen dout se Jewova ki gen dwa pou l Souvren Seyè a, menm jan Farawon te gen dout sou sa. Youn nan rezon ki fè sa se paske lèzòm gen tandans bay sa yo ka wè ak je yo twòp enpòtans. Nou pa ka wè Souvren Seyè a. Li se yon espri, lèzòm pa ka wè l ak je yo (Jan 4:24). Anplis de sa, si yon moun, ki fèt ak chè ak san, ta wè Bondye, moun sa a t ap mouri. Men sa Jewova te di Moyiz: “Ou pa ka wè fas mwen, paske pèsonn pa ka wè m epi pou l kontinye viv.” — Egzòd 33:20; Jan 1:18.
17 Sa pa dwe fè nou sezi. Moyiz te wè yon tikal nan glwa Jewova pa mwayen yon zanj, jan yo fè nou konn sa aklè nan Bib la. Ki efè sa te gen sou Moyiz? Lè Moyiz te fin wè tikal nan glwa Jewova a, te gen “reyon limyè” ki t ap sot nan figi l pandan kèk tan. Izrayelit yo te vin pè gade figi Moyiz (Egzòd 33:21-23; 34:5-7, 29, 30). Ebyen, sa klè, pa gen yon moun ki fèt ak pousyè ki ka gade Souvren Seyè a nan tout glwa l. Etandone nou pa ka wè Bondye e nou pa ka manyen l, èske sa vle di li pa egziste toutbonvre? Non, gen bagay nou kwè ki egziste men nou pa ka wè, tankou van, kouran ak panse nou. Anplis de sa, Jewova la pou toutan. Tan k ap pase pa ka gen efè sou Jewova. Menmsi plizyè milya ane pase, Jewova rete menm jan an! Nan sans sa a, Jewova pi reyèl pase nenpòt bagay nou ka wè oubyen nenpòt bagay nou ka manyen. Annefè, tank ane ap pase, se tank tan an ap gen efè sou bagay nou ka wè yo e se tank y ap depafini (Matye 6:19). Men, èske sa vle di nou dwe panse Bondye se yon fòs, sa vle di li pa gen yon pèsonalite oubyen èske nou dwe panse li se yon fòs ki fè bagay yo vin egziste konsa konsa? Ann gade pou n wè.
Yon Bondye ki gen yon pèsonalite
18. Ki vizyon Bondye te bay Ezekyèl, e ki sa kat figi “cheriben” yo reprezante?
18 Malgre nou pa ka wè Bondye, gen anpil vèsè enteresan nan Bib la ki ede nou gen yon ide sou jan bagay yo ye nan syèl la. Premye chapit nan liv Ezekyèl la se yon egzanp. Bondye te bay Ezekyèl yon vizyon ki te pèmèt li wè òganizasyon Jewova gen nan syèl la. Òganizasyon sa a Ezekyèl te wè a te tankou yon kokennchenn cha. Sa k pi enpresyonan se jan Ezekyèl pale de zanj pisan ki toutotou Jewova yo (Ezekyèl 1:4-10). Zanj pisan sa yo, anpalan de “cheriben” yo, travay toupre Jewova, e aparans yo genyen an fè nou konnen yon bagay enpòtan sou Bondye y ap sèvi a. Chak cheriben gen kat figi: yon figi towo bèf, yon figi lyon, yon figi èg e yon figi moun. Figi sa yo reprezante kat pi bèl kalite Jewova genyen nan pèsonalite l. — Revelasyon 4:6-8, 10.
19. Ki kalite a) figi towo bèf la reprezante? b) figi lyon an reprezante? c) figi èg la reprezante? d) figi moun nan reprezante?
19 Nan Bib la, towo bèf reprezante pisans, e se avèk rezon, paske bèt sa a gen anpil fòs. Souvan, lyon reprezante jistis. Rezon an se paske, pou gen vrè jistis, sa mande kouraj, e moun konnen lyon se yon bèt ki gen kouraj. Moun konnen bèt yo rele èg la gen yon bon vizyon. Bèt sa a ka menm rive wè yon bagay ki toupiti, menmsi bagay sa a ta byen lwen. Donk, figi èg la byen reprezante sajès Bondye genyen an ki pèmèt li wè lwen. E figi moun nan, ki sa l reprezante? Bon, etandone lèzòm fèt pòtre ak Bondye, se sèl lèzòm ki gen kapasite pou l reflete kalite Bondye genyen ki pi fò a lakay li, anpalan de lanmou (Jenèz 1:26). Lefètke, nan Bib la, yo pale souvan de kèk kalite ki fè pati pèsonalite Jewova, anpalan de pisans, jistis, sajès ak lanmou, nou ka di kalite sa yo se kalite prensipal Jewova gen lakay li.
20. Èske nou dwe pè pou Jewova pa chanje, e poukisa se konsa nou reponn?
20 Etandone sa gen plizyè milye ane depi Labib pale de Bondye konsa, èske nou ta dwe pè pou Bondye pa Malaki 3:6). Olye Jewova chanje lide san l pa gen rezon pou sa, li montre li se pi bon Papa ki ka genyen nan fason li reyaji nan chak sitiyasyon. Li demontre kalite ki pi apwopriye a nan chak sitiyasyon. Kalite ki pi fò nan kat kalite prensipal Jewova gen lakay li yo se lanmou. Kalite sa a parèt nan tout sa Bondye fè. Lè l ap demontre pisans li, jistis li ak sajès li, li fè sa avèk anpil lanmou. Anfèt, Bib la di yon bagay estrawòdinè sou Bondye ak sou kalite sa a. Men sa Bib la fè konnen: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Remake vèsè a pa di Bondye gen lanmou oubyen Bondye ap demontre lanmou, men li di pito Bondye se lanmou. Tout sa Bondye fè se lanmou ki pouse l fè l paske Bondye li menm se lanmou.
vin chanje? Non, pèsonalite Bondye pa chanje. Men sa Bondye fè nou konnen: “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” (“Se li menm ki Bondye nou”
21. Kòman n ap santi nou pandan n ap aprann konnen kalite Jewova yo pi byen?
21 Èske sa deja rive w pou w wè yon timoun pitit lonje men l pou l montre yon zanmi l papa l epi, ak kè kontan e ak fyète, li di l: “Se li menm ki papi m!” Sèvitè Jewova yo gen rezon pou yo santi yo menm jan an lè y ap pale de Jewova. Labib fè konnen, gen yon lè k ap rive, moun ki fidèl yo pral di: “Se li menm ki Bondye nou.” (Ezayi 25:8, 9, Bib la). Plis nou aprann konnen kalite Jewova genyen yo pi byen, se plis n ap vin santi nou gen pi bon Papa yon moun ka genyen.
22, 23. Ki sa Labib fè konnen sou Papa nou ki nan syèl la, e kòman nou fè konnen li vle nou pwoche bò kote l?
22 Papa sa a pa yon papa ki frèt oubyen li pa yon papa ki gen kè di oubyen ki pa enterese vre nan moun, jan chèf relijye yo ak moun k ap anseye filozofi lèzòm yo kwè sa. Nou pa t ap janm vle pwoche bò kote yon Bondye ki gen kè di, e anplis de sa, se pa sa Labib fè nou konnen sou Papa nou ki nan syèl la. Okontrè, Labib fè konnen Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Bondye gen santiman lakay li. Lè yon moun oswa yon zanj pa obeyi prensip Bondye bay yo ki pou byen yo, sa fè ‘kè Bondye tris’. (Jenèz 6:6; Sòm 78:41.) Men, lè Bondye wè nou aji yon fason ki saj e ki ann amoni ak sa l di nou nan Bib la, nou fè “kè [l] kontan”. — Pwovèb 27:11.
23 Papa nou ki nan syèl la vle nou pwoche bò kote l. Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “tatonnen pou [nou] jwenn li e pou [nou] jwenn li vre, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou”. (Travay 17:27.) Men, èske li posib pou moun ki fèt ak pousyè pwoche bò kote Souvren Seyè linivè a?