Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 23

“Li te demontre lanmou pou nou an premye”

“Li te demontre lanmou pou nou an premye”

1-3. Ki sa k te rive lè Jezi te mouri ki montre lanmò l pa t tankou lanmò lòt moun?

SA GEN prèske 2 000 an, nan sezon prentan, yo te trennen yon mesye ki te inosan nan tribinal. Yo jije l pou zak kriminèl li pa t fè epi yo touye l. Se pa t premye fwa nan listwa yo te touye yon moun ki pa t merite mouri, e malerezman se pa t dènye fwa. Sepandan, lanmò mesye sa a pa t tankou lanmò lòt moun.

2 Pandan mesye sa a t ap pase plizyè èdtan nan gwo soufrans, menm syèl la te montre sa k t ap pase a se te yon evènman ki enpòtan anpil. Byenke se te nan mitan jounen an, bridsoukou te gen yon fènwa ki te blayi sou peyi a. Dapre sa yon istoryen fè konnen, “limyè solèy la te etenn”. (Lik 23:44, 45.) Epi jis anvan mesye a bay dènye souf li, li te di pawòl sa yo moun pap janm bliye: “Sa reyalize!” Vrèmanvre, lefètke li te bay lavi l, li te akonpli yon bagay estrawòdinè. Bay li te bay lavi l kòm sakrifis la se pi gwo prèv lanmou yon moun te janm bay. — Jan 15:13; 19:30.

3 Mesye sa a se te Jezi Kris. Anpil moun tande pale de soufrans li te sibi ak lanmò li jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an. Sepandan, gen yon pwen enpòtan anpil moun fèmen je yo sou li. Se vre, Jezi te soufri anpil, men te gen yon lòt moun ki te soufri plis toujou. Anfèt, te gen yon lòt moun ki te fè yon pi gwo sakrifis jou sa a, e se te pi gwo prèv lanmou yon moun janm bay nan tout linivè. Ki sa l te fè? Repons kesyon sa a debouche sou yon sijè ki pi enpòtan pase tout lòt yo, anpalan de lanmou Jewova.

Pi gwo prèv lanmou an

4. Kòman yon sòlda women te vin rann li kont Jezi pa t nenpòt ki moun, e finalman ki sa sòlda sa a te resi konprann?

4 Ofisye lame women ki te la lè Jezi t ap mouri te sezi anpil lè l te wè bridsoukou te vin gen yon fènwa ki blayi anvan Jezi te rann dènye souf li, e li te sezi tou lè l te wè gwo tranblemanntè ki te vin fèt apre Jezi fin mouri. Men sa l te di: “Vrèmanvre, mesye sa a se te Pitit Bondye.” ​(Matye 27:54). Sa parèt aklè, Jezi pa t nenpòt ki moun. Sòlda sa a te patisipe nan lanmò sèl Pitit Gason Bondye Trèwo a fè a. Jis nan ki pwen Papa a te renmen pitit li a?

5. Èske l posib pou nou konnen konbyen tan Pitit Gason an te pase ak Papa l nan syèl la anvan li te vin viv sou tè a? Esplike.

5 Labib fè konnen se Jezi “ki fèt an premye nan tout kreyasyon an”. (Kolosyen 1:15.) Fè yon ti reflechi: Pitit gason Jewova a te egziste anvan Jewova te fè linivè. Bon, konbyen tan Papa a ak Pitit la te pase ansanm? Gen kèk syantifik ki fè konnen linivè a gen 13 milya ane depi l egziste. Èske w ka imajine kantite tan sa reprezante? Menmsi sa yo di a kòrèk, tout 13 milya ane sa yo twò piti pou reprezante kantite tan premye Pitit Jewova a genyen depi l egziste! Ki sa l t ap fè pandan tout tan sa yo?

6. a) Ki travay Pitit Gason Jewova a te fè anvan l te vin sou tè a? b) Ki jan de lanmou Jewova ak Jezi genyen youn pou lòt?

6 Pitit Gason an te kontan travay “bò kote” Papa l (Pwovèb 8:30). Men sa Bib la fè konnen: “Pa menm gen yon bagay ki te vin egziste san li.” ​(Jan 1:3). Donk, Jewova ak Pitit li a te travay ansanm pou fè tout lòt bagay yo vin egziste. Se pa ti bèl tan yo te pase ansanm nan dwe te bèl! Bon, anpil moun ap dakò an jeneral lanmou yon paran ak yon pitit gen youn pou lòt fò anpil. Lanmou “se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kolosyen 3:14.) Donk, kiyès nan nou ki ka imajine bonjan lanmou ki te genyen ant de moun sa yo pandan tout tan sa a? Sa klè, lanmou Jewova ak Pitit Gason l lan gen youn pou lòt pi fò pase nenpòt lanmou ki janm egziste.

7. Lè Jezi te batize, ki sa Papa a te di pou montre jan l te kontan?

7 Sepandan, Jewova te voye Pitit Gason l lan sou tè a pou l fèt antanke yon tibebe. Sa siyifi, pandan kèk dizèn ane, Jewova te oblije pèdi relasyon sere sere li te genyen nan syèl la avèk Pitit Gason li renmen anpil la. Se avèk anpil atansyon Jewova te ret nan syèl la ap suiv Jezi ki t ap grandi antanke moun pafè. Lè Jezi vin gen 30 an, li te batize. Nou pa bezwen imajine jan Jewova te kontan lè l te wè Jezi batize. Papa a te pale detan l nan syèl la e li te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a.” ​(Matye 3:17). Sa dwe te fè kè Papa a kontan anpil pou l wè jan Jezi te reyalize fidèlman tout pwofesi yo te di sou li yo e pou l te wè Jezi fè tout sa l te mande l fè! — Jan 5:36; 17:4.

8, 9. a) Ki mizè yo te fè Jezi pase nan jou 14 Nizan ane 33 epòk nou an, e kòman Papa l ki nan syèl la te santi l? b) Poukisa Jewova te kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri?

8 Men, ki jan Jewova te santi l jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an? Ki jan l te santi l lè l te wè yo te trayi Jezi e yon foul moun te arete l nan nuit lan? Ki jan l te santi l lè l te wè zanmi Jezi te genyen yo te abandone l, e lè l te wè yo mennen Jezi devan tribinal yon fason ki pa t legal? Ki jan l te santi l lè yo t ap pase Jezi nan rizib, lè yo t ap krache sou li, e lè yo t ap ba l kout pwen? Ki jan Jewova te santi l pandan yo t ap filange do Jezi ak kout fwèt? Ki jan Jewova te santi l lè yo t ap kloure men Jezi ak pye l sou poto a? E ki jan l te santi l lè yo te kite Jezi pandye sou poto a pandan moun ki t ap pase yo t ap manke l dega? Ki jan l te santi l lè Pitit Gason l lan te rele l byen fò lè doulè a te rèd anpil? Ki santiman Papa a te genyen pandan Pitit Gason li renmen anpil la te rele l anvan l te rann dènye souf li? Ki jan Jewova te santi l lè l te wè Jezi rann dènye souf li, e pou premye fwa depi kòmansman kreyasyon an, Pitit Gason li renmen anpil la te sispann egziste? — Matye 26:14-16, 46, 47, 56, 59, 67; 27:38-44, 46; Jan 19:1.

“Bondye [...] bay sèl Pitit li fè a.”

9 Lè nou reflechi ak tout soufrans Jezi te sibi, nou pa gen bouch pou n pale. Etandone Jewova se yon Bondye ki gen santiman lakay li, nou pa ka fin esplike doulè li te santi akoz lanmò Pitit li a. Sèl sa nou ka esplike se sa ki te pouse Jewova pèmèt sa rive. Poukisa Papa a te aksepte pran yon soufrans konsa? Nan Jan 3:16, Jewova fè nou konnen yon bagay estrawòdinè. Se yon vèsè ki tèlman enpòtan gen moun ki rele l ti Evanjil la. Men sa vèsè a di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” Donk, se lanmou ki te pouse Jewova aji. Se yon kado Jewova ban nou lefètke li te voye Pitit Gason l lan vin soufri pou nou epi mouri pou nou, e kado sa a se pi gwo prèv lanmou ki janm egziste.

Ki sans lanmou Bondye a genyen?

10. Ki sa lèzòm bezwen, e poukisa li pa fasil pou moun konprann sans mo “lanmou” an genyen?

10 Ki sa mo “lanmou” an vle di? Yo di lanmou se bezwen ki pi enpòtan lèzòm genyen. Depi moun fèt pou jis yo mouri, yo bezwen pou moun renmen yo, e yo bezwen santi moun renmen yo. Si yo pa jwenn sa, yo ka soufri e yo ka menm mouri. Sepandan, sa fè nou sezi lè nou wè li pa fasil pou moun esplike sa lanmou ye. Se vre, moun pale anpil de lanmou. Yo ekri yon bann ak yon pakèt liv sou lanmou. Yo fè chante sou li, e yo ekri powèm sou li. Men, malgre sa, moun yo toujou pa rive konprann sa lanmou vle di. An reyalite, moun tèlman itilize mo sa a pou yo pale de plizyè bagay, vrè sans li vin pi difisil pou moun konprann.

11, 12. a) Ki kote nou ka aprann anpil bagay sou lanmou, e poukisa se kote sa a nou ka aprann yo? b) Nan lang grèk yo te konn pale nan tan lontan an, ki mo yo te konn itilize souvan pou yo pale de “lanmou” nan Liv ki te ekri an grèk yo? (Gade nòt anba paj la tou.) c) Ki sa lanmou agapè a vle di?

11 Sepandan, Bib la fè nou konnen aklè sa lanmou ye. Men sa yon diksyonè fè konnen: “Nou kapab wè lanmou yon moun gen lakay li grasa aksyon lanmou sa a pouse l fè.” ​(Expository Dictionary of New Testament Words). Labib fè nou konnen fason Jewova aji, e sa ka aprann nou anpil bagay sou lanmou li gen lakay li, anpalan de afeksyon li genyen pou moun li kreye yo. Pa egzanp, ki sa ki ka pi byen demontre lanmou li genyen pase gwo prèv lanmou nou te pale de li pi wo a? Nan chapit nou pral egzamine yo, nou pral wè anpil lòt bèl egzanp ki montre jan Jewova demontre lanmou nan fason l aji. Anplis de sa, nou pral pi byen konprann jan yo itilize mo orijinal yo mete “lanmou” pou li nan Bib la. Nan lang grèk moun te konn pale nan tan lontan an, te gen kat mo yo te konn itilize pou yo pale de “lanmou” *. Nan kat mo sa yo, mo yo itilize pi souvan nan Liv ki te ekri an grèk yo se agapè. Gen yon diksyonè biblik ki fè konnen mo sa a “se mo ki gen plis fòs yo ka itilize pou pale de lanmou”. Poukisa yo di sa?

12 Mo agapè a gen rapò ak lanmou yon moun gen lakay li e se prensip ki gide lanmou sa a. Donk, li plis pase santiman ki fè moun kouri aji sou kout tèt. Li gen plis bagay ladan l lontan pase sa. Lanmou agapè a plis mande pou yon moun aji ak tèt frèt, pou l pran san l pou l fè yon bagay. E sa k pi enpòtan an, lanmou agapè a pa egoyis. Pa egzanp, fè yon ti gade Jan 3:16 la ankò. Ki sa “monn” Bondye te renmen anpil la, monn li te bay sèl Pitit li fè pou li a, vle di? Monn sa a se tout moun ki gen posiblite pou jwenn padon yo, e monn sa a gen ladan l anpil moun k ap pratike peche. Èske sa vle di Jewova pran chak moun pou bon zanmi l, menm jan li te fè sa pou Abraram, yon moun ki te fidèl (Jak 2:23)? Non. Men, Jewova demontre bonte ki plen lanmou an pou tout moun, menm lè sa koute l chè anpil. Li vle pou tout moun repanti epi chanje fason yo t ap viv (2 Pyè 3:9). Gen anpil moun ki fè sa. E li kontan rele moun sa yo zanmi l.

13, 14. Ki sa ki montre lanmou agapè a gen souvan ladan l bonjan afeksyon?

13 Gen anpil moun ki mal konprann lanmou agapè a. Yo panse se yon kalite lanmou kote moun pa demontre yo gen afeksyon pou lòt moun, e se yon lanmou moun jis di nan bouch konsa. An reyalite, souvan, lanmou agapè a gen ladan l bonjan afeksyon yon moun genyen pou lòt moun. Pa egzanp, lè Jan te ekri: “Papa a renmen Pitit la”, li te itilize yon mo ki soti nan mo agapè a. Èske yon lanmou konsa san afeksyon? Remake, lè Jezi te di “Papa a gen afeksyon pou Pitit la”, li te itilize yon mo ki soti nan mo feleyo a (Jan 3:35; 5:20). Souvan, lanmou Jewova gen anpil afeksyon. Sepandan, lanmou sa a pa janm kite santiman mennen l. Se toujou prensip Jewova yo, ki plen sajès e ki dwat, ki dirije lanmou sa a.

14 Jan nou deja wè sa, tout kalite Jewova gen lakay li yo pafè e yo atiran. Men, lanmou se kalite ki pi atiran nan tout. Wi, li se kalite ki fè nou plis anvi pwoche bò kote Jewova. Anplis de sa, nou kontan konnen kalite sa a se kalite ki pi fò lakay Jewova. Ki jan nou fè konn sa?

“Bondye se lanmou”

15. Ki sa Labib di konsènan lanmou, e poukisa sa Labib di a se yon bagay espesyal? (Gade nòt anba paj la tou.)

15 Gen yon bagay Bib la di pou lanmou, men li pa di sa pou okenn nan lòt kalite prensipal Jewova yo. Labib pa janm di Jewova se pisans, oswa li se jistis, oswa menm li se sajès. Li gen kalite sa yo, e se nan li menm yo toule twa soti. Men, kanta pou katriyèm kalite a, gen yon bagay ki pi enpòtan Labib fè konnen. Men sa l di: “Bondye se lanmou.” * (1 Jan 4:8). Ki sa sa vle di?

16-18. a) Poukisa Bib la di “Bondye se lanmou”? b) Nan tout kreyati ki sou tè a, poukisa se avèk rezon lòm reprezante lanmou?

16 Lè Bib la fè konnen “Bondye se lanmou”, se pa yon senp ekwasyon, kòmkwa “Bondye egal lanmou”. Nou pa ka vire pawòl sa a pou n di: “Lanmou se Bondye.” Jewova plis pase yon kalite nou pa ka wè oswa manyen. Li se yon moun ki chaje ak santiman, e se pa sèlman lanmou ki fè pati pèsonalite l. Wi, Jewova plen lanmou, e se lanmou menm li ye. Men sa yon ouvraj referans fè konnen sou vèsè sa a: “Lanmou makònen ak pèsonalite Bondye.” An gwo, nou ta ka wè bagay yo konsa: Pisans Jewova ba l kapasite pou l aji, jistis li ak sajès li gide l nan fason l ap aji. Men se lanmou Jewova ki pouse l aji. E nou toujou wè lanmou l genyen nan fason li sèvi ak lòt kalite l yo.

17 Byen souvan, yo di Jewova se lanmou an pèsòn. Se pou rezon sa a, si nou vle aprann konnen sa k rele renmen, nou dwe aprann konnen Jewova. Byennantandi, nou ka wè kalite sa a nan moun tou. Men, kòman fè nou gen kalite sa a lakay nou? Lè Jewova t ap kreye lòm, li te di: “Annou fè lòm pòtre ak nou, pou li sanble ak nou.” Sa klè, li t ap pale ak Pitit Gason l lan (Jenèz 1:26). Nan tout sa Jewova te kreye sou tè a, se gason ak fi sèlman ki ka chwazi demontre lanmou, e konsa yo imite Papa yo ki nan syèl la. Pa bliye, Jewova te sèvi ak plizyè bèt pou reprezante kalite prensipal li yo. Sepandan, Jewova te chwazi lòm, kreyati ki pi enpòtan sou tè a, pou reprezante kalite ki pi enpòtan an. — Ezekyèl 1:10.

18 Lè nou pa montre nou egoyis nan fason n ap demontre lanmou, e nou kite se prensip Jewova yo ki pouse nou demontre kalite sa a, nou imite Jewova nan fason li demontre kalite li genyen ki pi fò lakay li a. Se sa apot Jan te ekri, men sa l te di: “Kanta pou nou, nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye.” ​(1 Jan 4:19). Men, nan ki sans Jewova te renmen nou anvan?

Jewova te aji an premye

19. Poukisa nou ka di se lanmou ki te pouse Jewova kreye?

19 Lanmou se pa yon bagay ki fèk parèt. Annefè, ki sa k te pouse Jewova kòmanse kreye? Se pa paske li te santi l poukont li e li te vle gen moun bò kote l. Jewova pa manke anyen, li konplè, pa gen anyen yon moun ka ajoute pou li. Men, lanmou li genyen, yon kalite ki pouse l poze aksyon, te pouse l pataje lajwa ki genyen nan lavi a ak kreyati entèlijan l yo. Konsa, kreyati sa yo te ka apresye bèl kado sa a. Sèl Pitit Bondye te fè a se “kòmansman kreyasyon Bondye a”. (Revelasyon 3:14.) Apre sa, Jewova te sèvi ak Jezi, Moun ki te travay bò kote l la, pou l fè tout lòt bagay yo vin egziste. Lè sa a, pou l kòmanse, li kreye zanj yo (Jòb 38:4, 7; Kolosyen 1:16). Se te yon benediksyon sa te ye lefètke Jewova te bay zanj pisan sa yo entèlijans ak kapasite pou yo deside, e li te fè yo ak kapasite pou yo demontre santiman. Konsa, yo te kapab vin pwòch youn ak lòt. E sa k pi enpòtan an, yo te ka vin pwòch ak Jewova (2 Korentyen 3:17). Donk, zanj yo gen lanmou paske Jewova te renmen yo an premye.

20, 21. Ki kalite prèv Adan ak Èv te genyen ki montre Jewova te renmen yo, e malgre sa, ki jan yo te reyaji?

20 Jewova te renmen lèzòm an premye tou. Depi lè l kreye Adan ak Èv, li te montre gwo lanmou li gen pou yo. Tout kote yo te voye je yo nan jaden Edenn nan, paradi kote yo t ap viv la, te ba yo prèv Papa yo renmen yo. Remake sa Labib fè konnen: “Jewova Dye te plante yon jaden ann Edenn, nan direksyon lès, e se la li te mete moun li te fè a.” ​(Jenèz 2:8). Èske w te janm antre yon kote ki gen yon bèl jaden? Ki sa ki te fè w plis kontan? Èske se lè w ap gade jan limyè solèy la ap pase nan fèy pyebwa yo? Èske se bèl koulè ki genyen nan flè yo? Èske se bri dlo k ap koule yo ou tande oswa bri ti bèt piti yo ap fè? Èske se ti zwazo k ap chante? Ki sa w t ap di pou bon ti sant pyebwa yo ap degaje? E bèl fwi yo menm? E flè k ap boujonnen yo? Antouka, kèlkeswa jan jaden an ta bèl, pa gen yon jaden jodi a ki ka bèl menm jan ak jaden Edenn nan. Poukisa nou di sa?

21 Se Jewova ki te fè jaden sa a. Nou pa bezwen mande jan jaden sa a te bèl! Li te gen tout kalite bèl pyebwa pou gade, e li te gen tout kalite fwi ki gou pou manje. Te gen bonjan dlo pou wouze jaden sa a, e se te yon gwo jaden ki te chaje ak tout kalite bèt. Adan ak Èv te gen tout sa yo te bezwen pou yo gen kè kontan. Yo te gen yon bèl travay pou yo fè, e yo te fòme yon bèl ekip. Jewova te montre li renmen yo an premye, e yo te gen tout rezon pou yo byen reyaji devan lanmou sa a. Malerezman, yo pa t fè sa. Olye yo te obeyi Papa yo ki nan syèl la pou yo te montre yo renmen l, yo te pito aji yon fason egoyis, epi yo te rebele kont li. — Jenèz, chapit 2.

22. Apre rebelyon nan jaden Edenn nan, kòman Jewova montre lanmou li fidèl?

22 Se pa ti mal sa dwe te fè Jewova mal! Men, èske rebele Adan ak Èv te rebele a te fè Jewova sispann gen lanmou nan kè l? Non! Bib la fè konnen: “Li gen bon kè [“lanmou fidèl”, NW]. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!” ​(Sòm 136:1, Bib la). Donk, san pèdi tan, Jewova te pran dispozisyon pou pèmèt pitit Adan ak Èv ki vle obeyi l yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Jan nou deja aprann sa, dispozisyon sa a gen ladan l ranson sakrifis Pitit li renmen anpil la, yon sakrifis ki koute Papa a chè anpil. — 1 Jan 4:10.

23. Bay youn nan rezon ki fè Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, e ki kesyon enpòtan nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

23 Vrèmanvre, depi Jewova te kreye lèzòm, li te montre li renmen yo an premye. Nou pa ka menm rive konte konbyen fwa “li te demontre lanmou pou nou an premye.” Lanmou ini moun e li fè moun viv ak kè kontan. Donk, se pa san rezon yo rele Jewova “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Sepandan, gen yon kesyon ki enpòtan anpil nou bezwen jwenn repons pou li: Èske Jewova renmen nou chak toutbonvre? Chapit ki vin apre a pral egzamine kesyon sa a.

^ § 11 Nan Liv ki te ekri an grèk yo, souvan, yo itilize vèb feleyo a, ki vle di “gen afeksyon pou, gen apresyasyon pou, oswa renmen (santiman yon moun ta genyen pou yon bon zanmi l oswa yon frè l)”. Nan 2 Timote 3:3, yo itilize yon mo ki soti nan mo stògè a, oswa lanmou moun nan menm fanmi genyen youn pou lòt, pou montre jan de lanmou sa a t ap prèske disparèt nan tan lafen an. Yo pa itilize ewòs, oswa lanmou gason ak fi gen youn pou lòt, nan Liv ki te ekri an grèk yo. Men, Bib la pale sou kalite lanmou sa a. — Pwovèb 5:15-20.

^ § 15 Gen lòt vèsè nan Bib la ki itilize menm fòm sa a. Pa egzanp, Bib la di “Bondye se limyè”, “Bondye nou an se yon dife”. (1 Jan 1:5; Ebre 12:29.) Men, pawòl ki nan vèsè sa yo se metafò yo ye paske yo pale de Jewova kòmsi Jewova se bagay sa yo li ye vre. Jewova tankou limyè, paske li sen e tout sa l fè dwat. Pa gen okenn “fènwa”, oswa salte lakay li. E yo ka konpare Jewova ak dife paske li sèvi ak pisans li genyen pou l detwi.