Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 18

Nou jwenn sajès nan ‘Pawòl Bondye’ a

Nou jwenn sajès nan ‘Pawòl Bondye’ a

1, 2. Ki “lèt” Jewova ekri nou, e poukisa li ekri nou “lèt” sa a?

ÈSKE W sonje dènye fwa ou te resevwa yon lèt nan men yon moun ou renmen e k ap viv yon kote ki byen lwen w? Anfèt, pa gen anpil lòt bagay ki ka fè kè nou kontan anpil pase lè yon moun nou renmen ekri nou yon bèl ti lèt. Lè nou ap li lèt sa a, sa fè nou kontan pou nou aprann moun sa a anfòm, pou nou konnen sa moun sa a ap fè ak objektif li genyen. Lè moun nou renmen ekri nou jan de lèt sa yo, sa fè nou rete pwòch yo malgre y ap viv byen lwen nou.

2 Se pa ti kontan nou t ap kontan si Bondye nou renmen anpil la ta ekri nou. Nan yon sans, Jewova ekri nou yon “lèt”, anpalan de Pawòl li, Labib. Nan liv sa a, Bondye fè nou konnen ki moun li ye, ki sa li deja fè, ki objektif li genyen, e li fè nou konnen anpil lòt bagay ankò. Jewova ban nou Pawòl li paske li vle nou pwoche bò kote l. Bondye nou an, ki gen yon sajès ki san parèy, te chwazi pi bon fason pou l kominike avèk nou. Fason Bondye te fè yo ekri Bib la ak enfòmasyon ki ladan l montre sajès san parèy li genyen.

Poukisa li fè ekri Pawòl li a?

3. Ki fason Jewova te bay Moyiz Lalwa a?

3 Gen kèk moun ki ka ap mande tèt yo: ‘Poukisa Jewova pa t deside fè lèzòm tande vwa l sot nan syèl la pou l pale avè yo olye l ekri yo?’ An reyalite, pafwa Jewova te konn pale ak moun sou tè a pa mwayen zanj. Pa egzanp, li te fè sa lè l te bay nasyon Izrayèl Lalwa a (Galat 3:19). Vwa Izrayelit yo te tande sot nan syèl la te tèlman fè yo pè, yo te mande pou Bondye pa pale avè yo konsa ankò, men pito, pou l pale avè yo pa mwayen Moyiz (Egzòd 20:18-20). Bondye te pale ak Moyiz lè l t ap ba l Lalwa a ki te gen plis pase 600 lwa ladan l.

4. Esplike poukisa Bondye pa t annik fè Moyiz bay Izrayelit yo lwa l yo nan bouch, men li te fè l ekri yo pito.

4 Men, e si Bondye pa t fè yo ekri Lwa sa a? Èske Moyiz t ap ka sonje chak ti pawòl Bondye te di l yo e èske l t ap ka repete yo mo pou mo bay nasyon Izrayèl la? Kòman jenerasyon ki t ap vin annapre yo t ap fè konnen Lalwa a? Èske yo t ap oblije depann de sa moun di yo sèlman? Fason sa a pa t ap yon bon mwayen pou yo vin konn lwa Bondye yo. Imajine gen yon bann ak yon pakèt moun ki kanpe nan yon liy. Ou rakonte premye moun ki nan liy lan yon istwa, e youn dwe transmèt lòt istwa sa a jiskaske istwa a rive jwenn dènye moun ki nan liy lan. Sandout, istwa dènye moun ki nan liy lan ap tande a pap sanble ak istwa premye moun nan liy lan te tande a. Danje sa a pa t pandye sou pawòl ki nan Lalwa a.

5, 6. Ki sa Jewova te mande Moyiz pou l fè ak pawòl Li te di yo, e poukisa se yon benediksyon sa ye pou nou lefètke Jewova te fè ekri Pawòl li a?

5 Avèk sajès, Jewova te deside fè yo ekri pawòl li te di yo. Men sa li te di Moyiz: “W ap ekri pawòl sa yo, paske se selon pawòl sa yo m ap fè yon alyans avèk ou e avèk Izrayèl.” ​(Egzòd 34:27). Se konsa yo te kòmanse ekri Labib nan ane 1513 anvan epòk nou an. Pandan plis pase 1 610 ane, Jewova te “pale [...] yon pakèt fwa, e li te fè sa divès fason”. Li te pale ak anviwon 40 gason pou fè yo ekri Bib la (Ebre 1:1). Toutpandan sa t ap fèt, moun ki t ap rekopye Bib la te pran san yo pou yo fè travay la byen yon fason pou yo te ka prezève Ekriti yo. — Ezra 7:6; Sòm 45:1.

Se vrèman yon benediksyon sa ye pou nou lefètke Jewova pale avè nou pa mwayen sa li ekri nou yo. Èske w te janm resevwa yon lèt ou tèlman bay anpil valè ou sere l pou w ka li l plizyè fwa? Petèt, ou fè sa paske lè w li lèt sa a ou santi ou jwenn rekonfò. Se konsa sa ye pou “lèt” Jewova ban nou an. Lefètke Jewova fè yo ekri pawòl li te di yo, nou ka li yo regilyèman e nou ka medite sou yo (Sòm 1:2). Konsa, nou ka jwenn “konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo” nenpòt lè nou bezwen l. — Women 15:4.

Poukisa se moun Bondye te fè ekri Pawòl li a?

7. Lefètke Jewova te sèvi ak moun pou l fè ekri Pawòl li a, kòman sa montre li gen sajès lakay li?

7 Jewova, nan sajès li, sèvi ak moun pou l fè ekri Pawòl li a. Fè yon ti reflechi: Si Jewova te sèvi ak zanj pou ekri Bib la, èske Bib la t ap atiran jan l atiran an? Se vre, zanj yo t ap ka esplike nou, dapre yo menm, jan Jewova gran, jan yo fidèl anvè l e yo t ap ka pale de sèvitè fidèl Jewova te genyen yo. Men pa bliye, zanj yo gen plis konesans, plis eksperyans, plis fòs lontan pase nou. Donk, èske nou t ap ka vrèman rive konprann nivo langaj yo t ap itilize a? — Ebre 2:6, 7.

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.”

8. Nan ki sans moun ki te ekri Labib yo te sèvi ak pwòp mo pa yo? (Gade nòt anba paj la tou.)

8 Etandone Jewova te sèvi ak moun pou l fè ekri Pawòl li a, Jewova ban nou egzakteman sa nou bezwen an, yon liv ‘li enspire’ men nou ka wè li te sèvi ak moun parèy nou pou ekri l (2 Timote 3:16). Kòman Jewova rive fè sa? Sanble, nan anpil ka, Jewova te kite moun ki t ap ekri yo sèvi ak pwòp mo pa yo lè yo t ap chwazi ‘pawòl ki agreyab ak fason pou yo ekri pawòl laverite ki kòrèk’. (Eklezyas 12:10, 11.) Sa esplike rezon ki fè chak moun ki te patisipe nan ekri Bib la te gen stil pa yo nan fason yo te ekri. Jan yo te ekri montre yo pa t leve menm jan e yo pa t gen menm pèsonalite *. Malgre sa, gason sa yo te “pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo”. (2 Pyè 1:21.) Vrèmanvre, Labib se “pawòl Bondye”! — 1 Tesalonisyen 2:13.

9, 10. Lefètke Bondye te sèvi ak moun pou l fè ekri Bib la, kòman sa fè li posib pou nou konprann Bib la e kòman sa touche kè nou?

9 Lefètke Bondye te sèvi ak moun pou l fè ekri Bib la, sa fè li posib pou nou konprann Bib la e sa touche kè nou. Gason yo ki te patisipe nan ekri Bib la te moun ki tankou nou, ki gen menm santiman avèk nou. Piske yo te enpafè, yo te konn jwenn menm kalite eprèv ak pwoblèm n ap rankontre jodi a. Nan kèk sitiyasyon, lespri sen Jewova te pouse yo ekri sou pwòp santiman yo te genyen ak sou kèk pwoblèm yo t ap rankontre (2 Korentyen 12:7-10). Donk, lè yo t ap ekri yo te ka di “mwen”, yon pawòl zanj yo pa t ap ka di.

10 Ann pran egzanp David, ki te wa ann Izrayèl. Apre li te fin fè plizyè peche grav, li te ekri yon sòm kote li te ouvri kè l bay Bondye e li te sipliye l pou l padone l. Men sa li te ekri: ‘Netwaye m pou efase peche m lan. Mwen rekonèt sa m fè a pa bon. Se tout tan peche m lan devan je m. Wi, depi m fèt, mwen fèt ak peche. Depi nan vant manman m, mwen gen peche. Pa voye m jete. Pa wete lespri w te ban mwen an. Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan l. Bondye, ou pap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan w, moun ki rekonèt tò li.’ ​(Sòm 51:2, 3, 5, 11, 17, Bib la). Èske w pa santi jan David te nan lapenn? Kiyès, apa yon moun, ki te ka eksprime santiman l konsa?

Poukisa se sou lavi moun Bib la pale?

11. Ki kalite istwa yo ekri nan Bib la “pou enstriksyon nou”?

11 Gen yon lòt bagay ankò ki fè Bib la atiran. Pifò sa nou jwenn nan Bib la pale sou lavi moun ki te viv toutbon, ki t ap sèvi Bondye oubyen ki pa t ap sèvi l. Lè nou li Bib la, nou jwenn enfòmasyon sou sa yo te viv, eprèv yo te rankontre ak kè kontan yo te jwenn. Nou wè konsekans desizyon yo te pran. Istwa sa yo la “pou enstriksyon nou”. (Women 15:4.) Pa mwayen istwa sa yo, ki te pase toutbon, Jewova anseye nou yon fason ki touche kè nou. Ann egzamine kèk egzanp.

12. Ki jan istwa yo ekri nan Bib la sou moun ki pa t fidèl ak Bondye yo ka ede nou?

12 Bib la pale de moun ki pa t ret fidèl ak Bondye, li pale de moun ki te mechan e li pale sou sa k te rive yo. Nan istwa sa yo, aksyon moun yo te fè yo fè li fasil pou nou wè defo yo te genyen. Pa egzanp, ki sa k te ka ede nou konprann pi byen trayizon pa bon pase egzanp kote Jida te trayi Jezi a (Matye 26:14-16, 46-50; 27:3-10)? Jan de istwa sa yo pi byen touche kè nou, e konsa, nou ka vin wè vye defo nou gen lakay nou nou bezwen korije.

13. Kòman Bib la ede nou byen konprann bèl kalite nou dwe genyen yo?

13 Nan Bib la yo pale de anpil moun ki te fidèl ak Bondye. Nou aprann kòman yo te rete fidèl ak Bondye. Konsa, grasa bonjan egzanp yo bay, nou vin pi byen konprann kalite nou dwe genyen pou nou pwoche bò kote Bondye. Ann pran egzanp lafwa. Nan Bib la yo esplike sa lafwa ye e yo fè nou konnen kalite sa a enpòtan anpil si nou vle fè Bondye plezi (Ebre 11:1, 6). Nan Bib la nou jwenn moun ki bay bonjan egzanp nan kesyon demontre lafwa. Reflechi sou kalite lafwa Abraram te demontre lè l te dispoze ofri Izarak kòm sakrifis (Jenèz, chapit 22; Ebre 11:17-19). Lè nou wè jan de aksyon konsa, mo “lafwa” a vin gen plis enpòtans pou nou e li pi fasil pou nou konprann sa l vle di. Ala saj Jewova montre li saj lefètke li pa annik di nou pou nou gen bèl kalite, men li ban nou bonjan egzanp pou ede nou demontre bèl kalite yo!

14, 15. Ki sa Bib la fè nou konnen sou vèv ki te vin nan tanp lan, e ki sa istwa sa a aprann nou sou Jewova?

14 Souvan, istwa ki te fèt toutbon yo nou jwenn nan Bib la ede nou aprann yon bagay sou jan de moun Jewova ye. Ann egzamine istwa kote Jezi te nan tanp lan e li te wè yon vèv. Pandan Jezi te chita toupre kès lajan yo, li t ap gade moun yo ki t ap mete ofrann nan kès yo. Anpil moun rich te vin depoze kantite lajan ki “pa deranje yo” nan kès yo. Men, Jezi te vin wè yon vèv ki te pòv. Vèv la te mete “de ti pyès ki prèske pa vo anyen” nan kès la *. De ti pyès sa yo se te dènye ti lajan li te genyen. Jezi te byen konnen jan Jewova wè bagay yo. Se sa k fè Jezi te di: “Malerèz sa a ki vèv la mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès yo konn met ofrann nan.” Jan Jezi te fè konn sa, vèv la te mete plis pase tout sa lòt moun yo te mete. — Mak 12:41-44; Lik 21:1-4; Jan 8:28.

15 Èske sa pa enteresan pou nou aprann nan tout moun ki te vin nan tanp lan jou sa a se vèv la Jezi te remake e se de vèv sa a Bib la pale? Grasa egzanp sa a, Jewova aprann nou li se yon Bondye ki apresye sa n fè. Li kontan resevwa sa nou ba li ak tout nou menm, menmsi sa n ba li a piti lè nou konpare l ak sa lòt moun ka bay. Se youn nan pi bon fason Jewova aprann nou bèl verite sa a ki touche kè nou anpil!

Enfòmasyon ki pa nan Bib la

16, 17. Kòman nou ka wè sajès Jewova gen lakay li menm nan sa li te deside pa fè ekri nan Pawòl li a?

16 Lè w ap ekri yon moun ou renmen, ou pap janm ka fin ekri tout sa w ta gen pou di l. Donk, w ap bezwen deside sa w ap mete nan lèt la. Menm jan an tou, Jewova te deside ki evènman l ap fè yo ekri nan Pawòl li a e de ki moun l ap fè yo pale ladan l. Sepandan, Jewova pa fè yo mete tout detay nèt nan istwa sa yo (Jan 21:25). Pa egzanp, nan Bib la lè yo pale de jijman Bondye yo, enfòmasyon yo bay la ka pa reponn tout kesyon nou ka genyen. Nou ka wè jan Jewova saj menm nan sa li deside pa mete nan Pawòl li a. Poukisa nou di sa?

17 Fason yo ekri Bib la ede nou wè sa ki nan kè nou. Men sa Ebre 4:12 fè konnen: “Pawòl [oswa, mesaj] Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò, epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, [...] e li kapab rive disène panse ak entansyon ki nan kè yon moun.” Mesaj ki nan Bib la pèse fon nan kè nou. Konsa, nou vin wè sa k nan panse nou e nou wè sa k pouse nou aji vre. Souvan, moun, ki li Labib e ki gen tandans kritike l, mal reyaji lè yo li istwa kote yo pa jwenn ase detay yo ta renmen genyen. Moun sa yo ka menm ap mande tèt yo: Èske Jewova gen lanmou vre, èske l se yon Bondye ki saj e ki gen jistis lakay li vre?

18, 19. a) Poukisa sa pa ta dwe ban nou pwoblèm si nou ta li yon istwa nan Bib la ki fè nou poze anpil kesyon e nou pa jwenn repons yo tousuit? b) Ki sa nou bezwen fè pou nou ka byen konprann Pawòl Bondye a, e kòman sa montre Jewova gen anpil sajès?

18 Kontrèman ak moun ki gen tandans kritike Labib, lè nou pran san nou pou nou etidye Labib ak tout kè nou, nou vin konnen Jewova jan Bib la pale nou de li a. Kidonk, lè nou pa jwenn yon repons tousuit pou yon kesyon nou ta ka genyen sou yon istwa nan Bib la, sa pa ban nou pwoblèm. Nou konnen, ofiramezi n ap etidye Labib, se tikras pa tikras n ap vin aprann konnen ki moun Jewova ye. Menmsi okòmansman, nou pa fin byen konprann yon istwa ki nan Bib la oubyen nou pa fin byen konprann rapò istwa sa a genyen ak pèsonalite Bondye, etid nou fè nan Bib la deja aprann nou anpil bagay sou Jewova, sa ki ede nou konprann li se yon Bondye ki toujou demontre lanmou, ki pa nan patipri, e ki toujou aji avèk jistis.

19 Pou nou byen konprann Pawòl Bondye a, nou bezwen li l epi etidye l ak tout kè nou san nou pa gen tandans kritike l. Èske liv sa a pa montre aklè Jewova gen anpil sajès? Lèzòm, ki entèlijan anpil, ka ekri liv pou se sèl “moun save ak moun lespri” ki ka rive konprann yo. Men, lefètke Bondye te fè ekri yon liv pou se sèlman moun ki gen bon kè ki ka konprann li, sa montre Bondye bay moun ki gen bon kè yo sajès li. — Matye 11:25.

Yon liv ki gen “bon konsèy” ladan l

20. Poukisa se Jewova sèlman ki ka di nou pi bon fason pou nou viv, e ki sa Labib gen ladan l ki ka ede nou?

20 Jewova fè nou konnen nan Pawòl li pi bon fason pou nou viv. Antanke Kreyatè nou, li konnen pi byen pase nou sa nou bezwen. Depi lontan pou rive jis jodi a, moun bezwen santi moun renmen yo, yo bezwen viv ak kè kontan e yo bezwen gen bon relasyon ak fanmi yo e ak zanmi yo. Labib chaje ak “bon konsèy”, oswa konsèy ki saj, ki ka ede moun mennen yon vi ki gen sans (Pwovèb 2:7, Bib la). Chak pati nan liv n ap li la a gen yon chapit ki montre nou fason nou ka suiv bon konsèy Bib la bay. Men, kounye a ann egzamine yon egzanp.

21-23. Ki konsèy ki saj nou jwenn nan Bib la ki ka ede nou pa fache fasil epi pa kenbe moun nan kè?

21 Èske w pa remake lè yon moun kenbe moun nan kè, souvan se tèt li ankò l ap fè soufri? Lè yon moun kenbe moun nan kè, se yon gwo chay moun sa a pote. Lè nou kenbe move santiman sa a nan kè nou, li vin kontwole panse nou, nou pèdi lapè nou e li anpeche nou gen kè kontan. Dapre etid syantifik yo fè, yo fè konnen lè yon moun toujou fache sa ka fè l gen plis chans pou l vin malad nan kè e pou l fè yon seri maladi ki pa gen tretman. Byen lontan anvan syantifik yo te fè etid sa yo, men pawòl saj Bib la fè konnen: “Pa fache, pa fè move san.” ​(Sòm 37:8, Bib la). Men, kòman nou ka fè sa Bib la di a?

22 Men konsèy saj Pawòl Bondye a bay: “Yon moun ki gen pèspikasite pa prese fè kòlè, e sa k fè l bèl se paske li konn pase sou fot moun fè.” ​(Pwovèb 19:11) Yon moun ki pèspikas wè pi lwen pase sitiyasyon ki parèt devan l lan. Yon moun ki pèspikas chèche gen bon konprann e sa ede l konprann rezon ki fè yon moun te pale oswa aji avè l yon fason kèlkonk. Lè nou chèche konprann sa k pouse yon moun aji, santiman l ak sitiyasyon l, sa ka ede nou pa mal wè moun sa a.

23 Men yon lòt konsèy Bib la bay: “Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” ​(Kolosyen 3:13). Ekspresyon “kontinye sipòte lòt” la ede nou konprann nou dwe demontre pasyans anvè lòt moun, e pase sou defo yo genyen, menm lè defo yo genyen nui nou. Yon bèl konduit konsa ka ede nou pa kenbe moun nan kè. Mo “padone” a ede nou konprann nou dwe retire move santiman nou gen nan kè nou pou lòt moun. Bondye nou an, ki saj, konnen nou bezwen padone lòt moun lè gen bonjan rezon pou sa. Lè nou padone lòt moun, se pa pou yo sa bon sèlman, men tou, sa bon pou nou paske sa fè nou gen lapè e sa fè nou gen kè kontan (Lik 17:3, 4). Se pa ti saj konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a saj!

24. Ki rezilta nou jwenn lè nou viv ann amoni ak prensip saj nou jwenn nan Bib la?

24 Lefètke Jewova renmen nou anpil, li te vle pale avèk nou. Li te chwazi pi bon fason an pou l fè sa, anpalan de “lèt” li te enspire moun yo pou yo ekri a. Kòm rezilta, lè nou li Bib la, nou ka wè sajès Jewova gen lakay li. Nou ka gen “anpil konfyans” nan sajès Jewova (Sòm 93:5). Plis nou suiv konsèy saj nou jwenn nan Bib la e nou ede lòt moun suiv konsèy sa yo, se plis n ap anvi pwoche bò kote Bondye nou an ki gen yon sajès ki san parèy. Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine yon lòt bèl egzanp ki montre kapasite Jewova genyen pou l fè konnen byen alavans sa k pral rive demen e pou l reyalize objektif li.

^ § 8 Pa egzanp, David, ki te yon bèje, te pran egzanp ki soti nan lavi l kòm yon bèje (Sòm 23). Matye, ki te yon pèseptè, te pran plizyè egzanp ki gen rapò ak chif e ak lajan (Matye 17:27; 26:15; 27:3). Lik, ki te yon medsen, te sèvi ak mo ki montre li se yon moun ki te jwenn fòmasyon nan domèn lamedsin. — Lik 4:38; 14:2; 16:20.

^ § 14 Chak ti pyès monnen sa yo se te yon leptòn, pi piti pyès lajan Juif yo te genyen nan epòk sa a. De lepta te egal ak kantite kòb yon moun te konn touche nan yon jounen travay divize pa 64. De ti pyès sa yo pa t ase pou moun achte menm yon sèl tikit, alòske zwazo sa a se te zwazo ki te pi bon mache, e se li moun ki pòv yo te konn achte pou yo manje.