Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS B

Èske w ta dwe kanpe konvèsasyon an?

Èske w ta dwe kanpe konvèsasyon an?

Lè yon moun poze nou yon kesyon yon fason ki sensè oubyen li mande n pou n esplike l yon bagay, nou kontan kontinye konvèsasyon an. Nou vle pale ak tout moun ki petèt nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48.

Men, ki sa w dwe fè si yon moun an kòlè, li vle fè diskisyon oubyen li pa vle pale nan moman an? Rete kalm, e avèk jantiyès, mete fen nan konvèsasyon an (Pwo. 17:14). Ale avèk respè e avèk jantiyès, konsa, moun nan ap dakò pale avè n yon lòt fwa. — 1 Pyè 2:12.