Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konklizyon

Konklizyon

Èske w konn panse ak bon moman w te konn pase ak pèp Jewova a, petèt yon reyinyon ankourajan, yon kongrè ki te fè w kontan, yon bèl eksperyans ou te fè nan travay predikasyon an oswa yon senp konvèsasyon enteresan w te gen ak yon kwayan parèy ou? Ou pa bliye Jewova e li menm tou l pa bliye w. Li vrèman sonje jan w te konn sèvi l fidèlman. E l vrèman swaf ede w retounen vin jwenn li.

Men sa Jewova di: “Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo. M ap pran swen mouton m yo tankou yon bèje ki jwenn mouton li te genyen ki pèdi e k ap fè yo manje. M ap delivre yo tout kote yo t ale apre yo te fin gaye.” — Ezekyèl 34:11, 12.