Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PATI 3

Lè yo blese santiman w — Lè n gen ‘dekwa pou n plenyen’

Lè yo blese santiman w — Lè n gen ‘dekwa pou n plenyen’

“Gen yon sè nan kongregasyon m nan ki te akize m kòmkwa m vòlè lajan l. Gen lòt moun nan kongregasyon an ki te vin aprann sa epi yo te kòmanse pran pou li. Rive yon lè, sè a te fè m konnen li te vin gen lòt enfòmasyon ki ba l prèv se pa mwen menm ki te pran kòb la. Aktout li te mande m eskiz, m te santi m pap janm ka padone l pou sa l fè m nan.” — Linda.

ÈSKE W santi w menm jan ak Linda ki te santi l blese anpil akoz sa yon kwayan parèy li te fè l? Malerezman gen kèk moun ki tèlman kite konduit lòt moun deranje yo opwen sa gen efè sou aktivite espirityèl yo. Èske se sa k te rive w?

Kiyès ki ka “separe nou ak lanmou Bondye”?

Nou kapab twouve l difisil anpil pou n padone yon kwayan parèy nou ki te blese santiman nou. Anfèt, kretyen yo dwe renmen youn lòt (Jan 13:34, 35). Si yon kwayan parèy nou fè n ditò, sa ka fè n desi anpil e sa ka fè n mal anpil. — Sòm 55:12.

Se vre Bib la dakò gen kèk moman kote kretyen yo ka bay youn lòt ‘rezon pou yo plenyen’. (Kolosyen 3:13.) Sepandan, lè sa rive n, nou gendwa twouve l difisil pou n fè fas ak sitiyasyon sa yo. Èske gen yon bagay ki kapab ede n? Ann konsidere twa prensip nou jwenn nan Ekriti yo:

Papa nou ki nan syèl la konn tout bagay. Jewova wè tout sa k ap pase san wete enjistis n ap sibi ansanm ak soufrans sa lakòz (Ebre 4:13). Mete sou sa, soufrans nou yo gen efè sou li (Ezayi 63:9). Li pap janm kite “tribilasyon, [...] detrès” oswa kèlkeswa sa l ye a, pa menm yon lòt sèvitè l, “separe nou ak lanmou” l gen pou nou an (Women 8:35, 38, 39). Èske sa pa ta dwe pouse n aji menm jan an tou, pou n pa kite anyen oswa pèsonn separe nou ak Jewova?

Padone pa vle di n dakò ak sa yo fè n nan. Lè n padone moun ki fè n ditò, se pa minimize, jistifye, sitire oswa dakò n dakò ak sa yo fè n nan. Sonje Jewova pa janm dakò ak peche, men, l ap padone peche n yo si gen rezon pou l fè sa (Sòm 103:12, 13; Abakouk 1:13). Lè Jewova ankouraje n pou n padone lòt moun, se mande l mande n imite l. Li “pap kontinye gen rankin pou toutan”. — Sòm 103:9; Matye 6:14.

Lè n pa kenbe rankin, nou jwenn byenfè. Nan ki sans? Ann reflechi ak egzanp ki vin apre a. Imajine w pran yon wòch, petèt yon wòch ki pa twò lou, epi w kenbe l toutpandan w lonje men w. Petèt ou ka wè l fasil pou w kenbe wòch la pandan yon ti tan. Men, e si w eseye fè sa pandan yon bon bout tan? Pandan konbyen tan w ap ka kontinye kenbe l? Kèk minit? Inèdtan? Oswa plis? Pa gen dout nan sa, men w t ap fè w mal anpil! Nòmalman, pwa wòch la pa chanje. Men, plis ou fè anpil tan kenbe l se plis l ap vin pi lou. Se menm bagay la tou pou rankin. Plis ou fè anpil tan kenbe rankin, menmsi se pou yon bagay ki toupiti, se plis w ap santi w blese. Kidonk, se avèk rezon Jewova ankouraje n pou n pa kenbe rankin. Vrèmanvre, lè n fè sa n ap jwenn byenfè. — Pwovèb 11:17.

Lè n pa kenbe rankin, nou jwenn byenfè.

“M te santi se kòmsi se Jewova menm ki t ap pale avè m”

Ki sa k te ede Linda pou l pa kenbe rankin anrapò ak fason yon kwayan parèy li te trete l? Pami tout lòt bagay li te fè, li te medite sou kèk rezon nan Ekriti yo ki montre li dwe padone (Sòm 130:3, 4). Youn nan bagay ki te plis motive Linda pou l padone se lefètke l konnen li dwe padone lòt moun pou Jewova padone l (Efezyen 4:32–5:2). Men sa l di konsènan efè santiman sa yo te gen sou li: “M te santi se kòmsi se Jewova menm ki t ap pale avè m.”

Rive yon lè, Linda te retire tout rankin nan kè l. Li te padone sè a ak tout kè l epi kounye a sè sa a se bon zanmi l. Linda kontinye ap sèvi Jewova. Ou mèt gen asirans Jewova vle ede w fè menm bagay la tou.