Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PATI 5

Retounen vin jwenn “bèje k ap siveye nanm nou an”

Retounen vin jwenn “bèje k ap siveye nanm nou an”

Èske w santi gen youn oswa plizyè nan difikilte yo pale de yo nan bwochi sa a ki konsène w? Si se wi, konnen se pa ou menm sèl. Gen anpil sèvitè fidèl Bondye ki te fè fas ak menm pwoblèm sa yo, kit se nan tan biblik yo kit se nan epòk nou an. Menm jan Jewova te ede yo fè fas ak pwoblèm yo, konsa tou l ap ede w.

Jewova ap la avè w toutpandan w ap retounen vin jwenn li.

OU MÈT gen asirans Jewova ap la avè w toutpandan w ap retounen vin jwenn li. L ap ede w fè fas ak enkyetid, l ap ede w si yo te blese santiman w epi l ap ede w vin gen yon konsyans ki pwòp yon fason pou w santi w anpè ni nan panse w ni nan kè w. Konsa, yon lòt fwa ankò, ou gendwa vin anvi sèvi Jewova ak kwayan parèy ou yo. Lè sa a, sitiyasyon w ap vin sanble ak sitiyasyon kèk kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, yon seri moun apot Pyè te di: “Nou te tankou mouton ki pèdi wout yo, men kounye a, nou retounen vin jwenn bèje k ap siveye nanm nou an.” — 1 Pyè 2:25.

Vrèmanvre, retounen vin jwenn Jewova se pi bon bagay ou ka fè. Sa k fè sa? Se paske w ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Jan w deja konn sa, Jewova gen santiman, donk, aksyon w yo gen efè sou li. Nòmalman, li pa fòse n renmen l e l pa fòse n sèvi l nonplis (Detewonòm 30:19, 20). Men ki jan yon biblis esplike sa: “Kè lòm pa tankou yon pòt ki gen yon manch pa deyò pou moun ouvri. Men, se anndan sèlman l ka ouvri.” Nou ka chwazi ouvri pòt sa a lè se lanmou ki pouse n adore Jewova. Lè n fè sa, nou ba l yon kado ki gen anpil valè anpalan de entegrite nou, e nou fè kè l kontan anpil. Vrèmanvre, pa gen anyen nou ka konpare ak lajwa n jwenn dèske n ap bay Jewova adorasyon l merite a. — Travay 20:35; Revelasyon 4:11.

Mete sou sa, lè w rekòmanse adore Jewova, w ap konble bezwen w genyen nan domèn espirityèl (Matye 5:3). Nan ki sans? Se tout kote nan monn nan moun yo ap mande tèt yo: ‘Poukisa nou sou tè a?’ Yo swaf pou yo jwenn repons pou kesyon anrapò ak objektif lavi a. Lèzòm gen bezwen sa a paske Jewova te kreye yo avè l. Li kreye n yon fason pou n jwenn satisfaksyon nan sèvis n ap ba li a. Nou pa ka jwenn plis satisfaksyon pase satisfaksyon nou jwenn lefètke n konnen se lanmou ki pouse n adore Jewova. — Sòm 63:1-5.

Tanpri, konnen Jewova vle w retounen vin jwenn li. Ki sa k ka fè w sèten de sa? Fè yon ti reflechi: Yo te fè tout sa yo kapab pou yo te byen prepare bwochi sa a e yo te priye anpil sou sa. Petèt se yon ansyen oswa yon lòt kwayan parèy ou ki te fè w jwenn li. Apre sa, ou te vin anvi li l epi w te suiv konsèy ki ladan l yo. Tout sa se prèv ki montre Jewova pa bliye w. Okontrè, se rale l ap rale w vin jwenn li avèk tandrès. — Jan 6:44.

Lefètke n konnen Jewova pa janm bliye mouton ki te pèdi yo, sa ka fè n jwenn rekonfò. Se sa yon sè ki rele Donna te vin apresye. Men sa l di: “M te kite laverite tikras pa tikras, men, byen souvan, m te konn reflechi ak Sòm 139:23, 24 ki di: ‘Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.’ M te konnen m pa fè pati monn nan, m pa t janm santi m alèz ladan l vre, e m te konnen se nan òganizasyon Jewova a m te vle ye. M te kòmanse konprann Jewova pa t janm abandone m; m te jis bezwen retounen vin jwenn li. Se pa ti kontan m kontan dèske m te fè sa!”

“M te kòmanse konprann Jewova pa t janm abandone m; m te jis bezwen retounen vin jwenn li.”

Se ak tout kè n n ap priye pou ou menm tou w retounen jwenn “lajwa Jewova bay la”. (Neyemi 8:10.) Ou pap janm regrèt dèske w te retounen vin jwenn Jewova.