Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Èske Jezi te fèt an desanm?

Èske Jezi te fèt an desanm?

LABIB pa di nou ki lè Jezi te fèt. Men, li ban nou bonjan rezon pou nou rive nan konklizyon sa a: Jezi pa t fèt an desanm.

Ann egzamine ki jan klima a te ye Betleyèm, kote Jezi te fèt la, nan peryòd sa a nan ane a. Mwa juif yo rele Kislèv la (mwa ki koresponn ak novanm/desanm) se te yon mwa ki te fè frèt e ki te konn bay anpil lapli. Mwa ki vin apre a se te Tebèt (desanm/janvye). Se te peryòd kote tanperati a te pi ba nan ane a, e te konn gen nèj nan mòn yo. Annou gade sa Bib la di sou klima nan zòn sa a.

Ezra, yon ekriven biblik, montre vrèmanvre Kislèv se te yon mwa ki te gen repitasyon kòm mwa ki fè frèt e ki bay anpil lapli. Apre Ezra fin di gen yon foul ki te rasanble Jerizalèm, “nan nevyèm mwa a [Kislèv], nan ventyèm jou nan mwa a”, Ezra fè konnen pèp la t ap “tranble [...] akoz gwo lapli ki t ap tonbe”. Konsènan jan tan an te ye nan moman sa a nan ane a, pèp ki te rasanble a te di: “Se sezon gwo lapli, e li pa posib pou moun ret deyò.” ​(Ezra 10:9, 13; Jeremi 36:22). Se pa etonan pou bèje ki t ap viv nan zòn Betleyèm te asire yo lannuit pa t ap pran ni yo menm ni twoupo yo deyò nan mwa desanm!

Men, selon sa Bib la rapòte, lannuit Jezi te fèt la, bèje yo te nan savann ap pran swen twoupo yo. Anfèt, Lik, yon ekriven biblik, montre nan moman sa a, bèje yo “t ap viv deyò e yo t ap pase vèy yo lannuit ap siveye twoupo yo”, toupre Betleyèm (Lik 2:8-12). N ap remake bèje yo t ap viv deyò, yo pa t annik ap pwonmennen deyò pandan lajounen. Twoupo yo te nan savann nan lannuit. Èske deskripsyon sa a konsènan fason moun yo te konn viv deyò a koresponn ak kondisyon ki genyen Betleyèm nan mwa desanm kote ki gen anpil fredi ak anpil lapli? Non, li pa koresponn. Donk, sitiyasyon ki te egziste nan moman nesans Jezi montre li pa t fèt an desanm *.

Pawòl Bondye a di nou avèk presizyon ki lè Jezi te mouri, men li pa bay anpil detay menm ki pou ta ede nou konnen ki lè l te fèt. Sa raple nou pawòl sa yo wa Salomon te di: “Yon non pi bon pase bon luil, e jou lanmò pi bon pase jou yon moun fèt.” ​(Eklezyas 7:1). Se sa k fè se pa etonan pou Bib la bay anpil detay sou ministè Jezi e sou lanmò li, men li pa bay anpil detay konsènan lè Jezi te fèt.

Lè Jezi te fèt, bèje yo ak twoupo yo te nan yon savann lannuit.

^ § 1 Pou plis enfòmasyon, gade nan paj 161-4 nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.