Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se sa ki te objektif Bondye?

Èske se sa ki te objektif Bondye?

LI NENPÒT jounal, gade televizyon oswa koute radyo, w ap jwenn anpil repòtaj sou krim, sou lagè, ak sou zak teworis. Anplis de sa, sandout ou gen pwòp pwoblèm pa w. Petèt ou malad oswa ou gen yon moun pa w ki mouri, e sa lage w nan gwo lapenn. Ou ka santi w menm jan ak Jòb, yon bon moun, ki te di li t ap “benyen nan mizè”. — Jòb 10:15, Lasent Bib nan langaj modèn, (anglè).

Mande tèt ou:

  • Èske se sa ki te objektif Bondye pou mwen e pou tout limanite?

  • Ki kote mwen ka jwenn èd pou m fè fas ak pwoblèm mwen yo?

  • Èske gen espwa n ap janm wè lapè sou tè a?

Bib la bay bonjan repons konsènan kesyon sa yo.

BIB LA FÈ NOU KONNEN BONDYE PRAL POTE CHANJMAN SA YO SOU TÈ A.

“Li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò.” — Revelasyon 21:4.

“Moun ki enfim nan pye a pral grenpe tankou sèf.” — Izayi 35:6.

“Je avèg yo pral ouvri.” — Izayi 35:5.

“Tout moun ki nan tonm souvni yo [...] ap soti.” — Jan 5:28, 29.

“Pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’” — Izayi 33:24.

“Pral gen anpil manje angren sou tè a.” — Sòm 72:16.

TIRE PWOFI NAN SA LABIB ANSEYE

Pa kouri rejte sa ki parèt nan paj anvan yo kòmsi se reve n ap reve. Bondye pwomèt pou l fè bagay sa yo reyalize, e Labib esplike ki jan li pral fè sa.

Men, Bib la fè plis pase sa. Li esplike nou fason pou nou mennen yon vi ki bay satisfaksyon depi kounye a. Pandan yon moman, fè yon ti reflechi sou pwòp enkyetid pa w, sou pwòp pwoblèm pa w. Gendwa se pwoblèm lajan, pwoblèm fanmi, petèt ou pèdi sante w oswa ou gen yon moun pa w ki mouri. Bib la ka ede w fè fas ak pwoblèm w ap rankontre jodi a, e li ka pote soulajman pou ou nan repons li bay sou kesyon ki vin annapre yo:

  • Poukisa n ap soufri?

  • Ki jan nou ka fè fas ak enkyetid ki gen nan lavi a?

  • Ki jan nou ka rann lavi fanmi nou pi agreyab?

  • Ki sa k rive nou lè nou mouri?

  • Èske n ap janm rewè moun pa nou yo ki mouri?

  • Ki jan nou ka fè sèten Bondye ap reyalize pwomès li fè nou pou lavni?

Lefètke w ap li liv sa a, sa montre ou ta renmen konnen sa Labib anseye. Liv sa a ap ede w. W ap remake gen kesyon anba paj yo ki koresponn ak paragraf yo. Plizyè milyon moun twouve li enteresan pou yo sèvi ak metòd kesyon/repons lan lè y ap pale de Labib ak Temwen Jewova yo. Nou espere se pral menm bagay pou ou menm tou. Nou swete pou Bondye beni w etan w ap fè bèl eksperyans sa a, yon eksperyans ki bay kè kontan, toutpandan w ap aprann sa Labib anseye toutbonvre!