Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KAT

Kiyès Jezi Kris ye?

Kiyès Jezi Kris ye?
  • Ki wòl espesyal Jezi jwe?

  • Ki orijin li?

  • Ki kalite moun li te ye?

1, 2. a) Ki sa k fè tande pale de yon moun ki gen gran renome pa vle di ou vrèman konnen moun nan? b) Nan ki konfizyon moun yo ye konsènan Jezi?

GEN anpil moun nan monn nan ki gen gran renome. Genyen, se nan zòn bò lakay yo, nan vil kote yo abite oswa nan peyi yo yo konnen yo. Gen lòt moun, lemonnantye konnen yo. Sepandan, annik konn non yon moun ki gen gran renome pa vle di ou vrèman konnen moun nan. Sa pa vle di ou konn tout detay sou pase li e sou kalite moun li ye toutbonvre.

2 Nan lemonnantye, moun tande pale de Jezi Kris, menmsi sa fè anviwon 2 000 an depi li te pase sou tè a. Epoutan, anpil moun nan konfizyon konsènan kiyès Jezi te ye toutbonvre. Gen moun ki di se sèlman yon bon moun li te ye. Gen lòt ki pretann li te senpleman yon pwofèt. Gen lòt ankò ki kwè Jezi se Bondye e nou ta dwe adore l. Èske se vre?

3. Poukisa li enpòtan pou w konn laverite sou Jezi?

3 Li enpòtan pou w konn laverite sou Jezi. Poukisa? Se paske Bib la di: “Men sa lavi etènèl la siyifi: se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris.” ​(Jan 17:3). Wi, lè nou konn laverite sou Jewova Dye e sou Jezi Kris, sa ka fè nou jwenn lavi etènèl nan yon paradi terès (Jan 14:6). Anplis de sa, Jezi kite pi bèl egzanp ki genyen ki montre fason pou nou viv e fason pou nou trete lòt moun (Jan 13:34, 35). Nan premye chapit la, nou te pale konsènan laverite sou Bondye. Kounye a, annou gade sa Labib anseye toutbonvre sou Jezi Kris.

MESI YO TE PWOMÈT LA

4. Ki sa tit “Mesi” a oswa tit “Kris” la vle di?

4 Byen lontan anvan nesans Jezi, Labib te fè konnen gen yon moun ki t ava vini, yon moun Bondye t ap voye kòm Mesi oswa kòm Kris. Toule de tit sa yo, “Mesi” ​(ki soti nan yon mo ebre) ak “Kris” (ki soti nan yon mo grèk), vle di “wen”. Moun sa a yo te pwomèt la t ap vin wen, sa vle di Bondye t ap nome l nan yon pozisyon espesyal. Nan lòt chapit yo, n ap aprann plis toujou sou plas enpòtan Mesi a jwe nan akonplisman pwomès Bondye. N ap aprann tou ki benediksyon Jezi ka fè nou jwenn depi kounye a. Sepandan, anvan Jezi te fèt, ou mèt sèten anpil moun t ap mande tèt yo: ‘Kiyès ki t apral jwe wòl Mesi a?’

5. Ki asirans total disip Jezi yo te genyen konsènan Jezi?

5 Nan premye syèk epòk nou an, disip ki t ap suiv Jezi, moun Nazarèt la, te gen yon asirans total Jezi se te Mesi yo te anonse a (Jan 1:41). Youn nan disip yo, yon mesye yo rele Simon Pyè, te di aklè anpalan de Jezi: “Ou se Kris la.” ​(Matye 16:16). Men, ki jan disip sa yo e nou menm tou kapab sèten Jezi se Mesi yo te pwomèt la toutbonvre?

6. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova te ede moun ki fidèl yo idantifye Mesi a.

6 Pwofèt Bondye yo, ki t ap viv anvan Jezi te vin sou tè a, te bay anpil detay alavans konsènan Mesi a. Detay sa yo t apral ede lòt moun pou yo idantifye l. Men yon egzanp k ap ede nou konprann sa: Imajine yo mande w pou w al nan yon estasyon machin ki plen aktivite, oswa pou w al ayewopò al chèche yon moun ou potko janm rankontre. Ou pa panse li t ap itil pou yon moun ba ou kèk detay sou moun sa a ou pral chèche a? Menm jan an tou, Jewova sèvi ak pwofèt yo nan Bib la pou l bay bonjan detay sou sa Mesi a t apral fè e sou sa ki t apral rive l. Akonplisman pakèt pwofesi sa yo t ap ede moun ki fidèl yo pou yo idantifye l aklè.

7. Bay de nan pwofesi ki te akonpli sou Jezi.

7 Ann reflechi sou sèlman de egzanp. Toudabò, plis pase 700 an alavans, pwofèt Mika te predi Moun yo te pwomèt la t ava fèt Betleyèm, yon ti bouk nan peyi Jida (Mika 5:2). E ki kote Jezi te fèt? Ebyen, se nan vil sa a menm (Matye 2:1, 3-9)! Men yon dezyèm egzanp: plizyè syèk alavans, pwofesi ki rapòte nan Danyèl 9:25 lan te dirije atansyon moun yo sou ane Mesi a ta dwe parèt la, ane 29 epòk nou an *. Akonplisman pwofesi sa yo ak lòt pwofesi ankò pwouve se Jezi ki Mesi yo te pwomèt la.

Nan moman batèm Jezi, li te vin tounen Mesi a oswa Kris la.

8, 9. Ki prèv ki te parèt nan moman batèm Jezi ki montre aklè se li menm ki Mesi a?

8 Lè nou vin rive nan fen ane 29 epòk nou an, nou jwenn lòt prèv ki montre aklè se Jezi ki Mesi a. Se nan ane sa a Jezi te vin jwenn Jan Batis pou l ka batize nan rivyè Jouden an. Jewova te pwomèt Jan l ap ba l yon siy pou l ka idantifye Mesi a. Jan te wè siy sa a nan batèm Jezi. Men ki jan Bib la di sa te pase: “Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, epi, gade, syèl la ouvri, epi li wè lespri Bondye a k ap desann vin sou li tankou yon pijon. Gade! Epitou te gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: ‘Sa se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a.’” ​(Matye 3:16, 17). Apre Jan fin wè e li fin tande sa ki rive a, li pa t gen okenn dout se Bondye ki te voye Jezi (Jan 1:32-34). Nan moman Bondye te vide lespri li oswa fòs aktif li sou Jezi jou sa a, Jezi te vin Mesi oswa Kris, sila yo nome pou l vin Dirijan e pou l vin Wa a. — Izayi 55:4.

9 Akonplisman pwofesi biblik yo ak pwòp temwayaj Jewova Dye montre aklè Jezi se Mesi yo te pwomèt la. Men, Bib la reponn de lòt kesyon enpòtan konsènan Jezi Kris. Ki orijin li, e ki kalite moun li te ye?

KI ORIJIN JEZI?

10. Ki sa Bib la fè konnen konsènan egzistans Jezi anvan li te vin sou tè a?

10 Bib la fè konnen Jezi t ap viv nan syèl la anvan li te vin sou tè a. Mika te pwofetize Mesi a t ava fèt Betleyèm e li te di tou orijin li te “la depi ansyen tan yo”. (Mika 5:2.) Nan plizyè sikonstans, Jezi li menm te di li t ap viv nan syèl la lontan anvan li te vin fèt antanke moun sou tè a (Jan 3:13; 6:38, 62; 17:4, 5). Antanke kreyati espirityèl nan syèl la, Jezi te gen yon relasyon espesyal avèk Jewova.

11. Ki jan Bib la montre Jezi se Pitit Gason Jewova plis cheri?

11 Jezi se Pitit Gason Jewova plis cheri, e gen bonjan rezon pou sa. Yo rele l moun ki “fèt an premye nan tout kreyasyon an”, paske se li ki premye kreyasyon Bondye * (Kolosyen 1:15). Gen yon lòt bagay ki fè Pitit Gason sa a espesyal. Li se ‘sèl Pitit Gason Bondye fè a’. (Jan 3:16.) Sa siyifi se sèl Jezi Bondye kreye dirèkteman. Epitou, Jezi se sèl moun Bondye te itilize pou l kreye tout lòt bagay (Kolosyen 1:16). Yon lòt bò, yo rele Jezi “Pawòl la”. (Jan 1:14.) Sa fè nou konnen li te konn pale pou Bondye. Sandout, li te konn pote mesaj ak enstriksyon bay lòt pitit Papa a, ni pitit espirityèl, ni lèzòm.

12. Ki jan nou fè konnen Pitit Gason ki fèt an premye a pa egal ak Bondye?

12 Èske Pitit Gason ki fèt an premye a egal ak Bondye jan kèk moun kwè sa? Se pa sa Bib la anseye. Jan nou te wè l nan paragraf anvan an, se kreye yo te kreye Pitit Gason an. Konsa, li klè li te gen yon kòmansman, tandiske Jewova Dye pa gen ni kòmansman ni fen (Sòm 90:2). Sèl Pitit Gason Bondye fè a pa t menm anvizaje pou l eseye vin egal ak Papa l. Bib la anseye aklè Papa a pi gran pase Pitit Gason an (Jan 14:28; 1 Korentyen 11:3). Se sèl Jewova ki “Bondye Toupisan”. (Jenèz 17:1.) Kidonk, pèsonn pa egal avè l *.

13. Ki sa Bib la vle di lè l pale de Pitit Gason an kòm “pòtre Bondye envizib la”?

13 Jewova ak Pitit Gason l lan ki fèt an premye a te gen yon relasyon sere sere depi plizyè milya ane, lontan anvan yo te kreye syèl la ki plen etwal, lontan anvan yo te kreye tè a. Ala renmen youn dwe te renmen lòt (Jan 3:35; 14:31)! Pitit Gason cheri sa a te pòtre Papa l. Se poutèt sa Bib la fè konnen Pitit Gason an “se pòtre Bondye envizib la”. (Kolosyen 1:15.) Wi, menm jan yon pitit gason konn sanble papa l anpil anpil nan plizyè sans, se konsa Pitit Gason selès sa a te reflete kalite ak pèsonalite Papa l.

14. Ki jan sèl Pitit Gason Jewova fè a vin fèt antanke yon imen?

14 Sèl Pitit Gason Jewova fè a te dispoze kite syèl la e li te desann sou tè a pou l vin viv antanke yon imen. Men, ou ka mande tèt ou: ‘Ki jan sa te fè posib pou yon kreyati espirityèl fèt antanke yon imen?’ Pou Jewova rive fè sa, li te fè yon mirak. Li te transfere lavi premye Pitit Gason li te fè a soti nan syèl la al nan matris yon fi juif ki vyèj yo rele Mari. Okenn papa imen pa t enplike. Konsa, Mari fè yon pitit gason ki san defo e li rele l Jezi. — Lik 1:30-35.

KI KALITE MOUN JEZI TE YE?

15. Poukisa nou ka di, pa mwayen Jezi nou vin konnen Jewova pi byen?

15 Sa Jezi te di e sa l te fè pandan li te sou tè a ede nou konnen l byen. Anplis de sa, pa mwayen Jezi, nou vin konnen Jewova pi byen. Sa k fè sa? Pa bliye sa: Pitit Gason sa a se reflè Papa l nèt. Se poutèt sa Jezi te di youn nan disip li yo: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Kat liv biblik yo rele Evanjil yo, Matye, Mak, Lik ak Jan, fè nou konnen anpil bagay konsènan lavi Jezi Kris, aktivite li ak bèl kalite li genyen.

16. Sou ki sa mesaj Jezi a te santre, e ki kote l te jwenn ansèyman l yo?

16 Yo te byen konnen Jezi kòm “Anseyan”. (Jan 1:38; 13:13.) Ki sa l te konn anseye? Mesaj li a te santre sou “bon nouvèl wayòm nan”, kidonk sou Wayòm Bondye a, gouvènman selès ki pral dirije tout tè a e k ap pote benediksyon san fen pou moun ki obeyisan yo (Matye 4:23). Se te mesaj kiyès? Men sa Jezi li menm li te di: “Sa m ap anseye a pa soti nan mwen, men li soti nan moun ki voye m nan”, anpalan de Jewova (Jan 7:16). Jezi te konnen Papa l vle pou lèzòm tande mesaj bon nouvèl Wayòm nan. Nan chapit 8 la, n ap aprann plis bagay sou Wayòm Bondye a e sou sa li pral reyalize.

17. Ki kote Jezi te konn anseye, e poukisa l te fè gwo efò pou l anseye moun yo?

17 Ki kote Jezi te konn anseye? Tout kote li te jwenn moun: nan mòn, nan vil, nan bouk, nan mache e lakay moun yo. Jezi pa t atann pou se moun yo ki vin jwenn li. Li te konn al kote yo ye (Mak 6:56; Lik 19:5, 6). Poukisa Jezi te konn fè tout efò sa yo e li te konn pran tout tan sa a pou l preche e pou l anseye? Paske se te volonte Bondye pou li. Jezi te toujou fè volonte Papa l (Jan 8:28, 29). Men, li te gen yon lòt rezon ki te pouse l preche. Li te gen pitye pou foul moun ki te deplase pou yo vin wè l yo (Matye 9:35, 36). Pwòp chèf relijye pa yo, ki te la pou anseye yo laverite sou Bondye e sou objektif li, te neglije yo. Jezi te konnen nan ki pwen moun yo bezwen tande mesaj Wayòm nan.

18. Ki kalite Jezi genyen ki plis touche w?

18 Jezi se te yon moun ki te gen tandrès e ki te sansib anpil. Konsa, moun yo te konn rann yo kont li abòdab e li se bon moun. Menm timoun yo te konn santi yo alèz avèk li (Mak 10:13-16). Jezi pa t konn nan patipri. Li te rayi koripsyon ak enjistis (Matye 21:12, 13). Nan yon epòk kote yo pa t konn respekte medam yo, e kote medam yo pa t tèlman gen dwa, li te trete yo avèk diyite (Jan 4:9, 27). Jezi te vrèman enb. Yon lè, li te lave pye apot li yo, e an jeneral, yon travay konsa, se yon senp domestik ki te konn fè l.

Jezi te preche tout kote li jwenn moun.

19. Ki egzanp ki montre Jezi te sansib devan bezwen lòt moun?

19 Jezi te sansib devan bezwen lòt moun. Sa te sitou parèt klè lè l te konn fè mirak pou l geri moun, grasa pouvwa lespri Bondye (Matye 14:14). Pa egzanp, yon mesye ki te gen lèp te vin jwenn Jezi, e li te di: “Si w vle, ou ka pirifye m.” Jezi te santi nan ki doulè e nan ki soufrans mesye sa a te ye. Li te vin gen pitye pou li, li lonje men l, li touche mesye a, e li di: “Mwen vle. Se pou w vin pirifye.” E mesye ki te malad la geri (Mak 1:40-42)! Èske w imajine ki jan mesye sa a te santi l?

LI FIDÈL JISKA LAFEN

20, 21. Nan ki sans Jezi te kite yon egzanp kòm moun ki obeyi Bondye fidèlman?

20 Jezi te kite pi bèl egzanp kòm moun ki obeyi Bondye fidèlman. Li te rete fidèl devan Papa selès li a nan tout kalite sitiyasyon, malgre tout kalite opozisyon ak soufrans li te sibi. Jezi te reziste devan tantasyon Satan yo yon fason fèm e li te reyisi (Matye 4:1-11). Te gen yon lè, kèk nan pwòp paran Jezi yo pa t gen lafwa nan li, e yo te menm konn di “tèt li pati”. (Mak 3:21.) Men, Jezi pa t kite yo enfliyanse l. Li te kontinye ap fè travay Bondye. Malgre gen moun ki te joure Jezi e ki te maltrete l, li te toujou kenbe metriz li, e li pa t janm eseye fè opozan l yo mal. — 1 Pyè 2:21-23.

21 Jezi te rete fidèl jiska lamò. Li te mouri yon fason terib anba gwo soufrans ènmi l yo te fè l sibi (Filipyen 2:8). Fè yon ti reflechi sou sa l te andire nan dènye jou lavi li antanke imen. Yo arete l, fo temwen akize l, jij kòwonpi kondane l, foul moun pase l nan rizib e sòlda tòtire l. Etan li kloure sou yon poto, li sèvi ak dènye souf li pou l rele byen fò: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30). Sepandan, sou twazyèm jou apre Jezi mouri, Papa selès li a resisite l pou l viv antanke espri (1 Pyè 3:18). Kèk semèn apre, li te retounen nan syèl la. Li te “chita adwat Bondye”, e li t ap tann pou l resevwa pouvwa antanke Wa. — Ebre 10:12, 13.

22. Lefètke Jezi te rete fidèl jiska lamò, ki sa li te reyalize?

22 Lefètke Jezi te rete fidèl jiska lamò, ki sa li te reyalize? Lanmò Jezi ouvri posiblite pou nou jwenn lavi etènèl sou yon tè k ap tounen yon paradi, ann amoni ak objektif Jewova te genyen okòmansman. Nan chapit ki vin apre a, n ap wè ki jan lanmò Jezi rann sa posib.

^ § 7 Pou nou jwenn esplikasyon sou pwofesi Danyèl la ki akonpli sou Jezi, gade nan apendis la, nan paj 197-9.

^ § 11 Yo rele Jewova Papa paske li se Kreyatè a (Izayi 64:8). Piske Bondye te kreye Jezi, yo rele Jezi Pitit Bondye. Menm jan an tou, yo rele lòt kreyati espirityèl yo pitit Bondye. E menm Adan, yo rele l konsa tou. — Jòb 1:6; Lik 3:38.

^ § 12 Pou nou ka jwenn plis prèv ki montre Pitit Gason ki fèt an premye a pa egal ak Bondye, gade nan apendis la, nan paj 201-4.