Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Soupe Seyè a: yon selebrasyon ki onore Bondye

Soupe Seyè a: yon selebrasyon ki onore Bondye

KRETYEN yo resevwa lòd pou yo selebre Memoryal lanmò Kris. Yo rele selebrasyon sa a “Soupe Seyè a” tou (1 Korentyen 11:20). Ki sa k fè l gen enpòtans konsa? Chak ki lè yo dwe selebre l e ki jan?

Jezi Kris te vin avèk selebrasyon sa a nan lannuit fèt Pak juif la nan ane 33 epòk nou an. Yo te konn fete fèt Pak la yon sèl fwa nan ane a, nan 14yèm jou mwa juif ki rele Nizan an. Pou Juif yo kalkile dat sa a, sanble yo te konn ap ret tann yon jou nan sezon prentan (yo rele jou sa a ekinòks prentan) ki gen anviwon 12 èdtan limyè ak 12 èdtan fènwa. Premye nouvèl lin moun yo te konn remake ki pi pre ekinòks prentan an se te kòmansman mwa Nizan an. Pak la te tonbe 14 jou apre, apre solèy la kouche.

Jezi te selebre fèt Pak la avèk apot li yo, li te ranvwaye Jida Iskaryòt, e apre sa, li te etabli Soupe Seyè a. Piske repa sa a ranplase fèt Pak la, yo dwe selebre l yon fwa chak ane.

Men sa Evanjil Matye rapòte: “Jezi pran yon pen e, apre l fin di yon benediksyon, li kase l e, etan li bay disip li yo l, li di: ‘Pran, manje. Sa a reprezante kò mwen.’ Li pran yon koup tou e, apre l fin di Bondye mèsi, li ba yo l, li di: ‘Bwè ladan l, nou tout. Paske sa a reprezante san mwen, “san alyans lan” ki gen pou koule pou anpil moun, pou padon peche yo.’” — Matye 26:26-28.

Gen moun ki panse Jezi te fè pen an tounen chè li toutbonvre, e li te fè diven an tounen san li toutbonvre. Men, kò chanèl Jezi a pa t ko sibi okenn domaj lè l te ofri pen sa a. Èske apot Jezi yo se chè Jezi toutbon yo t ap manje? Èske se san l toutbon yo t ap bwè? Non, paske se ta yon zak kanibal e se ta pase lwa Bondye anba pye (Jenèz 9:3, 4; Levitik 17:10). Selon Lik 22:20, Jezi te di: “Koup sa a reprezante nouvèl alyans lan grasa san mwen, ki pral koule pou nou.” Èske koup sa a te vin tounen “nouvèl alyans lan” toutbonvre? Se enposib, piske yon alyans se yon akò, se pa yon bagay moun ka manyen.

Donk, ni pen an ni diven an se sèlman senbòl yo reprezante. Pen an senbolize kò pafè Kris la. Jezi te itilize yon pen ki te rete nan repa Pak la. Yo te fè pen sa a san okenn ledven (Egzòd 12:8). Souvan, Bib la itilize ledven kòm yon senbòl peche oswa koripsyon. Donk, pen an reprezante kò pafè Jezi te sakrifye a, yon kò ki pa t gen okenn tras peche. — Matye 16:11, 12; 1 Korentyen 5:6, 7; 1 Pyè 2:22; 1 Jan 2:1, 2.

Diven wouj la reprezante san Jezi. San sa a rann nouvèl alyans lan valab. Selon sa Jezi di, san l te vèse “pou padon peche”. Donk, lèzòm ka vin pwòp nan je Bondye e yo ka antre nan nouvèl alyans lan avèk Jewova (Ebre 9:14; 10:16, 17). Alyans sa a oswa kontra sa a, fè li vin posib pou 144 000 kretyen fidèl al nan syèl. Se la yo pral sèvi antanke wa e antanke prèt pou benediksyon tout limanite. — Jenèz 22:18; Jeremi 31:31-33; 1 Pyè 2:9; Revelasyon 5:9, 10; 14:1-3.

Kiyès ki dwe pran anblèm nan Memoryal la? Lojikman, se sèlman moun ki nan nouvèl alyans lan, sa vle di moun ki gen esperans pou yo al nan syèl, ki dwe pran nan pen an ak nan diven an. Lespri sen Bondye konvenk moun sa yo pou fè yo konnen yo chwazi yo pou yo vin wa nan syèl la (Women 8:16). Epitou, yo nan alyans pou Wayòm nan avèk Jezi. — Lik 22:29.

E moun ki gen esperans viv etènèlman nan Paradi sou tè a? Yo obeyi lòd Jezi te bay la e yo asiste Soupe Seyè a, men, yo vini antanke obsèvatè ki montre respè, yo pa vini pou yo patisipe nan anblèm yo. Yon fwa pa ane, apre solèy la kouche nan jou ki koresponn ak 14 Nizan an, Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a. Menmsi se sèlman kèk milye moun nan lemonnantye ki deklare yo gen esperans selès, selebrasyon sa a gen anpil enpòtans pou tout kretyen. Se yon okazyon kote tout moun ka reflechi sou lanmou estrawòdinè Jewova Dye ak Jezi Kris demontre. — Jan 3:16.