Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT EN

Ki sa ki verite konsènan Bondye?

Ki sa ki verite konsènan Bondye?
  • Èske Bondye gen sousi pou ou toutbonvre?

  • Ki kalite moun Bondye ye? Èske l gen yon non?

  • Èske l posib pou w pwoche bò kote Bondye?

1, 2. Poukisa byen souvan li bon pou nou poze kesyon?

ÈSKE w janm konn suiv fason timoun yo ap poze kesyon? Anpil ladan yo kòmanse poze kesyon depi y ap aprann pale. Je yo ouvri byen gran, y ap fikse w avèk enterè e y ap poze w kesyon tankou: Poukisa syèl la ble? Ak ki sa yo fè etwal yo? Kiyès ki te montre zwazo yo chante? Petèt ou reponn jan w kapab, men sa pa toujou fasil. Menm meyè repons ou bay la ka fè yo poze w yon lòt kesyon: Poukisa?

2 Se pa timoun sèlman ki konn poze kesyon. Tank n ap grandi, se tank nou kontinye ap poze kesyon. Nou poze kesyon pou nou oryante nou lè n ap chèche yon wout, pou nou aprann ki danje nou dwe evite, oswa pou nou satisfè kiryozite nou. Men, anpil moun sanble yo sispann poze kesyon, sitou kesyon ki pi enpòtan yo. Omwen, yo sispann chèche repons.

3. Poukisa anpil moun sispann fè efò pou yo jwenn repons sou kesyon ki gen plis enpòtans yo?

3 Reflechi sou kesyon ki sou po liv sa a, sou kesyon yo soulve nan entwodiksyon an, oswa sou kesyon ki nan kòmansman chapit sa a. Se kèk nan kesyon ki pi enpòtan ou ka poze. Epoutan, anpil moun sispann fè efò pou yo jwenn repons yo. Poukisa? Èske Bib la gen repons kesyon sa yo? Gen moun ki gen enpresyon repons Bib la bay yo twò difisil pou yo konprann. Gen lòt ki pè pou poze kesyon pa fè yo tonbe nan yon sitiyasyon kote yo santi yo wont oswa yo santi yo jennen. E gen lòt moun ki prefere kite kesyon konsa nan men chèf relijye yo ak anseyan yo. E ou menm, sa w panse?

4, 5. Bay kèk kesyon ki pi enpòtan nan lavi a nou ka poze, e di poukisa nou dwe chèche repons kesyon sa yo.

4 Sandout, ou enterese jwenn repons sou gwo kesyon ki gen nan lavi a. Siman ou konn poze tèt ou kesyon tankou: Ki bi lavi a? Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò? Ki kalite moun Bondye ye toutbonvre? Li bon pou w poze kesyon konsa, e li enpòtan pou w pa sispann, jiskaske w jwenn repons ki satisfè w, repons ou ka fè konfyans. Men sa Jezi Kris, anseyan ki gen gwo renome a, te di: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou.” — Matye 7:7.

5 Si w “kontinye chèche” repons sou kesyon ki enpòtan yo, w ap twouve rechèch la trè pwofitab (Pwovèb 2:1-5). Kèlkeswa sa lòt moun te ka di w, repons yo egziste e ou ka jwenn yo nan Bib la. Yo pa twò difisil pou w konprann. Sa ki pi bèl, yo pote espwa ak lajwa. E yo ka ede w pou w viv yon fason ki ba w satisfaksyon depi kounye a. Pou kòmanse, annou konsidere yon kesyon ki twouble anpil moun.

ÈSKE BONDYE ENSOUSYAN? ÈSKE L GEN KÈ DI?

6. Poukisa anpil moun panse Bondye ensousyan devan soufrans lèzòm?

6 Anpil moun ta reponn wi pou kesyon sa yo. Men rezònman yo fè: ‘Si Bondye te gen sousi pou nou, ou kwè monn nan pa ta yon lòt jan?’ Lè nou gade sa k ap pase bò kote nou, nou wè sa k ap domine nan monn nan se lagè, lahèn ak lamizè. E nou menm bò kote pa nou, nou malad, nou soufri e nou gen moun pa nou ki mouri. Se sa k fè anpil moun di: ‘Si Bondye te gen sousi pou nou, si l te sousye l de pwoblèm nou yo, ou kwè li pa t ap anpeche bagay sa yo rive?’

7. a) Ki jan chèf relijye yo fè anpil moun panse Bondye gen kè di? b) Ki sa Labib anseye toutbonvre konsènan eprèv n ap sibi yo?

7 Sa ki pi rèd, pafwa chèf relijye yo konn fè moun yo panse Bondye gen kè di. Ki jan yo fè sa? Lè yon malè frape, yo di se volonte Bondye. Anfèt, anseyan sa yo blame Bondye pou move bagay k ap pase. Èske se sa ki verite konsènan Bondye? Ki sa Labib anseye toutbonvre? Men repons Jak 1:13 bay: “Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se pase Bondye ap pase m anba eprèv.’ Paske moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv.” Donk, Bondye pa janm responsab mechanste ou wè k ap fèt nan monn nan (Jòb 34:10-12). Se vre, li pèmèt move bagay rive, men gen yon gwo diferans ant pèmèt yon bagay rive ak lakòz li rive.

8, 9. a) Ki egzanp ou ta pran pou w esplike diferans ki genyen ant pèmèt mechanste egziste ak lakòz li egziste? b) Poukisa li pa jis pou nou kritike desizyon Bondye pran pou l kite limanite suiv yon move direksyon?

8 Annou pran egzanp yon papa ki saj e ki gen lanmou, ki gen yon gran pitit gason ki toujou ap viv lakay papa a. Yon lè, pitit gason an vin rebèl e li deside kite kay la. Papa a pa anpeche l fè sa. Pitit la al mennen yon move vi epi li tonbe nan pwoblèm. Èske se papa a ki lakòz pwoblèm pitit li a? Non (Lik 15:11-13). Menm jan an tou, Bondye pa bloke lèzòm lè yo chwazi pran yon move direksyon, men se pa li menm ki lakòz pwoblèm sa vin bay. Se sa k fè nou sèten li pa t ap jis pou nou blame Bondye pou tout pwoblèm k ap frape lèzòm.

9 Bondye gen bonjan rezon pou l kite limanite suiv yon move direksyon. Antanke Kreyatè nou ki saj e ki pisan, li pa oblije esplike nou rezon yo. Sepandan, lanmou pouse Bondye fè sa. Nan chapit 11 lan, w ap jwenn plis esplikasyon sou rezon sa yo. Men, ou mèt asire w Bondye pa responsab pwoblèm nou rankontre. Okontrè, li ban nou sèl espwa ki genyen pou n jwenn yon solisyon. — Izayi 33:2.

10. Poukisa nou mèt fè Bondye konfyans l ap repare tout dega mechanste fè?

10 Anplis de sa, Bondye sen (Izayi 6:3). Sa siyifi li pi e li pwòp. Pa gen okenn tras mechanste lakay li. Donk, nou ka fè l yon konfyans total. Nou pa ka di menm bagay la pou lèzòm ki konn vin kòwonpi pafwa. Menmsi moun ki gen otorite a se moun ki pi onèt ki genyen, byen souvan, li pa gen pouvwa pou l repare dega mechan yo fè. Men, Bondye li menm, li toupisan. Li ka repare tout dega mechanste fè sou limanite, e l ap fè sa. Lè Bondye ap aji, l ap fè sa yon fason pou l fini ak mechanste nètale! — Sòm 37:9-11.

KI JAN BONDYE SANTI L DEVAN ENJISTIS N AP SIBI?

11. a) Ki jan Bondye santi l devan enjistis? b) Ki jan Bondye santi l devan soufrans pa w?

11 Antretan, ki jan Bondye santi l devan sa k ap pase nan monn nan ak sa k ap pase nan lavi w? Ebyen, Labib anseye nou Bondye “renmen jistis”. (Sòm 37:28.) Donk, sa ki byen ak sa ki mal gen anpil enpòtans nan je l. Li rayi tout kalite enjistis. Bib la di lè mechanste te plen monn nan nan tan lontan, sa te fè Bondye “lapenn nan kè l”. (Jenèz 6:5, 6.) Bondye pa chanje (Malaki 3:6). Li toujou pa renmen wè soufrans k ap gaye kò l nan lemonnantye. E Bondye pa renmen wè moun k ap soufri. Bib la di: “Li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

Bib la anseye nou Jewova se Kreyatè linivè a, yon Kreyatè ki gen lanmou.

12, 13. a) Sa k fè nou gen bèl kalite tankou lanmou, e nan ki sans lanmou gen yon efè sou fason nou wè monn nan? b) Poukisa w mèt gen asirans Bondye pral aji toutbonvre pou l rezoud pwoblèm ki nan monn nan?

12 Ki jan nou ka sèten Bondye pa renmen wè soufrans? Men yon lòt prèv Bib la bay: lòm te fèt pòtre ak Bondye (Jenèz 1:26). Donk, si nou gen bèl kalite, se paske Bondye gen bèl kalite. Pa egzanp, èske sa pa fè w mal pou w wè moun inosan k ap soufri? Si w sousye w de enjistis konsa, ou mèt sèten Bondye sousye l plis toujou de bagay sa yo.

13 Youn nan pi bon bagay lèzòm genyen se kapasite pou yo renmen. Sa a tou reflete ki jan Bondye ye. Labib anseye: “Bondye se lanmou.” ​(1 Jan 4:8). Nou renmen paske Bondye renmen. Èske si w te gen pouvwa pou w mete fen nan soufrans ak nan enjistis ou wè nan monn nan, lanmou pa t ap pouse w fè sa? Se sèten ou t ap fè sa! Menm jan an tou, ou mèt gen asirans Bondye pral mete yon fen nan soufrans ak nan enjistis. Pwomès nou jwenn nan entwodiksyon liv sa a se pa ni rèv ni fo espwa. Pwomès Bondye yo ap reyalize san mank! Men, pou w ka fè pwomès sa yo konfyans, ou bezwen pi byen konnen Bondye, li menm ki te fè pwomès sa yo.

BONDYE VLE W KONNEN KIYÈS LI YE

Lè w vle yon moun konnen w, èske w pa di l non w? Bondye revele nou non l nan Bib la.

14. Ki non Bondye, e poukisa nou dwe sèvi avè l?

14 Si w vle yon moun konnen w, ki sa w ap fè? Èske w pap di l non w? Èske Bondye gen yon non? Selon repons anpil relijyon bay, non li se “Bondye” oswa “Seyè”. Men, sa yo se pa non yo ye. Yo se tit, menm jan ak “wa” ak “prezidan”. Bib la fè konnen Bondye gen anpil tit. “Bondye” ak “Seyè” se de ladan yo. Sepandan, Bib la fè konnen tou Bondye gen yon non pèsonèl, e non sa a se Jewova. Sòm 83:18 di: “Ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a!” Si tradiksyon Bib ou a pa gen non sa a ladan l, ou mèt al gade nan paj 195-7, nan apendis ki nan liv sa a pou w konnen sa k fè sa. Alaverite, non Bondye parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri Bib la. Donk, Jewova vle w konn non l e li vle w sèvi avè l. Nan yon sans, li sèvi ak Bib la pou l prezante tèt li ba ou.

15. Ki sa non Jewova siyifi?

15 Bondye bay tèt li yon non ki gen anpil siyifikasyon. Non li, Jewova, siyifi Bondye kapab akonpli nenpòt pwomès li fè e li kapab reyalize nenpòt objektif li genyen *. Non Bondye se yon non san parèy, e pa gen tankou l. Se pou li sèlman l ye. Jewova pa gen parèy nan plizyè sans. Kòman sa?

16, 17. Ki sa tit sa yo ka aprann nou sou Jewova: a) “Toupisan”? b) “Wa letènite”? c) “Kreyatè”?

16 Selon sa nou deja wè, men ki jan Sòm 83:18 dekri Jewova: “Se ou menm sèl ki Trèwo.” Menm jan an tou, se sèl Jewova yo rele “Toupisan”. Men sa Revelasyon 15:3 di: “Travay ou yo gran e yo estrawòdinè, Jewova Dye, Toupisan an. Chemen w yo se jistis, e yo se verite, Wa letènite.” Tit “Toupisan” an ede nou konprann Jewova se pèsonaj ki pi pisan ki egziste. Pisans li pa gen parèy; li nan nivo ki pi wo a. E tit “Wa letènite” a raple nou Jewova pa gen parèy nan yon lòt sans. Se li menm sèl ki te toujou egziste. Sòm 90:2 di: “Depi tan endefini pou rive tan endefini [oubyen, pou toutan], ou se Dye.” Refleksyon konsa fè moun gen respè ak admirasyon, pa vre?

17 Jewova pa gen parèy tou nan sans se li menm sèl ki Kreyatè. Men sa nou li nan Revelasyon 4:11: “Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans, paske ou te kreye tout bagay, e akoz volonte w yo egziste, e yo te kreye.” Kèlkeswa sa ki ka vin nan lespri w, soti nan kreyati espirityèl envizib ki nan syèl la, pase nan etwal yo ki kouvri syèl la lannuit, nan fwi ki grandi sou pyebwa, pou w rive nan pwason k ap naje nan lanmè ak nan rivyè, tout bagay sa yo egziste paske Jewova se Kreyatè a!

ÈSKE W KA VIN PWÒCH AK JEWOVA?

18. Poukisa gen kèk moun ki santi yo pap janm gen posiblite pwoche bò kote Bondye? Epoutan, ki sa Labib anseye?

18 Gen kèk moun, lè yo fè lekti sou kalite Jewova gen lakay li ki enspire respè ak admirasyon, yo santi yo yon ti jan malalèz. Yo pè pou Bondye pa nan yon nivo ki twò wo pou yo, yo pè pou yo pa janm gen posiblite rive pwoche bò kote l oswa menm pou yo pa janm gen enpòtans nan je yon Dye ki nan yon nivo ki wo konsa. Men, èske panse sa a kòrèk? Labib anseye egzakteman lekontrè. Men sa l di de Jewova: “An reyalite, li pa lwen okenn nan nou.” ​(Travay 17:27). Bib la menm ban nou ankourajman sa a: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

19. a) Ki jan nou ka kòmanse pwoche bò kote Bondye, e ki byenfè n ap jwenn? b) Ki kalite Bondye ki plis atire w?

19 Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye? Pou kòmanse, kontinye fè sa w ap fè kounye a: aprann konnen Bondye. Jezi te di: “Men sa lavi etènèl la siyifi: se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris.” ​(Jan 17:3). Wi, Bib la fè nou konnen si nou aprann konnen Jewova ak Jezi, sa ap mennen nou nan “lavi etènèl”! Tankou nou te wè sa deja, “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:16.) Epitou, Jewova gen anpil lòt bèl kalite, kalite ki atiran. Pa egzanp, Bib la di Jewova se yon “Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite”. (Egzòd 34:6.) Li ‘bon e li dispoze pou l padone’. (Sòm 86:5.) Bondye pasyan (2 Pyè 3:9). Li fidèl (Revelasyon 15:4). Ofiramezi w ap kontinye li Bib la, w ap wè ki jan Jewova montre li gen kalite sa yo ak anpil lòt ankò ki atiran.

20-22. a) Èske lefètke nou pa ka wè Bondye, sa anpeche nou pwoche bò kote l? Esplike. b) Ki sa kèk moun ka pouse w fè ak tout bon entansyon yo, men ki sa w dwe fè?

20 Se vre ou pa ka wè Bondye paske li se yon espri envizib (Jan 1:18; 4:24; 1 Timote 1:17). Sepandan, etan w ap aprann konnen l grasa Bib la, ou ka rive konnen l kòm yon moun reyèl. Jan salmis la te di sa, ou ka “kontanple cham Jewova”. (Sòm 27:4; Women 1:20.) Plis w ap aprann konnen Jewova, se plis l ap vin reyèl pou ou e se plis w ap gen rezon pou w renmen l e pou w santi w pwòch ak li.

Lanmou yon bon papa gen pou pitit li reflete pi gwo lanmou Papa nou ki nan syèl la gen pou nou.

21 W ap rive konprann poukisa Bib la aprann nou pou nou wè Jewova kòm Papa nou (Matye 6:9). Non sèlman lavi nou soti nan li, men li vle nou viv meyè lavi ki posib la, tankou nenpòt papa ki gen lanmou ta vle sa pou pitit li (Sòm 36:9). Epitou, Bib la fè nou konnen lèzòm ka vin zanmi Jewova (Jak 2:23). Imajine sa: ou ka vin zanmi Kreyatè linivè a!

22 Pandan w ap aprann plis bagay nan Bib la, ou gendwa wè gen moun ak tout bon entansyon yo k ap pouse w pou w sispann etid sa a. Petèt yo pè pou w pa chanje kwayans ou. Men, pa kite pèsonn anpeche w gen pi bon zanmi w ka genyen an.

23, 24. a) Poukisa ou dwe kontinye poze kesyon sou sa w ap aprann? b) Sou ki pwen chapit ki vin apre a pral pale?

23 Natirèlman, ap gen bagay ou pap konprann yon sèl kou. Sa ka mande imilite pou w chèche èd, men, pa ezite fè sa poutèt ou santi w jennen. Jezi te di li bon pou nou enb, tankou yon timoun piti (Matye 18:2-4). E tankou nou konnen, timoun renmen poze anpil kesyon. Bondye vle w jwenn repons yo. Bib la fè lwanj pou kèk moun ki te chofe pou yo aprann konnen Bondye. Yo te fouye Ekriti yo avèk swen pou yo asire yo sa yo t ap aprann nan se te laverite. — Travay 17:11.

24 Meyè fason pou nou aprann konnen Jewova se pou nou egzamine Labib. Liv sa a pa menm ak okenn lòt liv. Nan ki sans? Se sou pwen sa a chapit ki vin apre a pral pale.

^ § 15 N ap jwenn plis enfòmasyon sou siyifikasyon ak pwononsyasyon non Bondye nan apendis la, nan paj 195-7.