Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON SENK

“M ap abite nan mitan pèp [...] la” — Jewova retabli vrè adorasyon an

“M ap abite nan mitan pèp [...] la” — Jewova retabli vrè adorasyon an

EZEKYÈL 43:7

IDE KLE: Detay sou tanp lan ak sa yo aprann nou konsènan vrè adorasyon an.

Jewova te bay pwofèt Ezekyèl ak apot Jan yon seri vizyon frapan ki sanble youn ak lòt. Detay sou vizyon sa yo aprann nou yon seri leson enpòtan k ap ede nou adore Jewova kounye a fason li vle a e ki ban nou yon apèsi sou lavi ki pral gen nan Paradi a lè Wayòm Bondye a pral dirije.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 19

“Kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi”

Nan ki sans rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an te koule sot nan tanp lan nan tan lontan ap koule jodi a e l pral koule pi devan?

CHAPIT 20

“Separe peyi a”

Nan yon vizyon, Bondye bay Ezekyèl ak moun ki te ann egzil avè l yo enstriksyon pou yo separe peyi a bay chak tribi Izrayèl yo pòsyon tè pa yo.

CHAPIT 21

“Y ap rele vil la: Jewova la”

Ki leson nou ka aprann nan vizyon Ezekyèl te fè sou vil la e sou non vil la ki gen anpil sans?

CHAPIT 22

“Se Bondye pou w adore”

Yo fè liv sa a pou fè n gen plis detèminasyon pou se sèl Jewova nou adore.