Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 19

“Kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi”

“Kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi”

EZEKYÈL 47:9

IDE KLE: Fason vizyon konsènan rivyè ki sot nan tanp lan te akonpli nan tan lontan, fason l ap akonpli jodi a ak fason l pral akonpli pi devan.

1, 2. Selon Ezekyèl 47:1-12, ki sa Ezekyèl wè e ki sa l aprann? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

 EZEKYÈL te wè yon lòt bèl bagay nan vizyon an. Li te wè yon ti kouran dlo k ap soti nan tanp lan! Imajine l k ap suiv dlo sa a ki klè kou kristal. (Li Ezekyèl 47:1-12.) Dlo a ap soti toupiti nan antre tanp lan, apre sa li soti nan tanp lan toupre pòtay ki alès la. Zanj k ap gide Ezekyèl la mennen l lwen tanp lan, e l mezire distans yo pandan yo prale. Zanj lan fè Ezekyèl pase nan dlo a plizyè fwa. Tank pwofèt la ap avanse se tank li rann li kont dlo a ap vin pi fon, e nan yon bat je, li vin tounen yon rivyè li pa ka travèse san l pa naje.

2 Ezekyèl vin aprann rivyè a koule al nan Lanmè Mòt e li fè l pa sale ankò e tout dlo ki pa t gen bèt ladan yo vin chaje ak pwason lè dlo rivyè a touche avèk yo. Li wè tout kalite pyebwa sou toude bò rivyè a. Chak mwa, yo bay yon rekòt fwi ki nourisan, e yo fè fèy ki geri moun. Vizyon sa a dwe te fè kè Ezekyèl anpè e sa dwe te ba l espwa. Men, ki sans pati sa a nan vizyon an te gen pou li e pou moun ki te ann egzil avè l yo? E ki sans li gen pou nou jodi a?

Ki sans vizyon konsènan rivyè a te genyen pou moun ki te ann egzil yo?

3. Poukisa Juif nan tan lontan yo pa t panse rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an se te yon rivyè toutbon?

3 Se sèten, Juif nan tan lontan yo pa t panse rivyè ki te nan vizyon an te yon rivyè toutbon. Men, siman pasaj sa a te fè yo sonje yon lòt pwofesi konsènan pèp la ki t ap tounen nan peyi yo, yon pwofesi pwofèt Jowèl te ekri petèt plis pase 200 an anvan sa. (Li Jowèl 3:18.) Lè Juif ki te ann egzil yo te li pawòl Bondye te enspire Jowèl pou l ekri yo, yo pa t met nan tèt yo t ap gen “diven bon kalite” ki t ap degoute sot nan mòn yo oswa t ap gen “lèt [k ap] koule sou ti mòn yo”, nitou yo pa t atann pou “yon sous [...] koule sot nan kay Jewova a”. Konsa tou, Juif ki te ann egzil yo te ka byen konprann mesaj ki te nan vizyon pwofèt Ezekyèl te fè a pa t gen rapò ak yon rivyè toutbon. * Men, ki mesaj Jewova te vle bay? Bib la ede nou konprann kèk pati nan pwofesi sa a. Sepandan, nou pral konsidere twa bagay nan pwofesi sa a ki montre aklè Jewova renmen nou.

4. a) Selon vizyon Ezekyèl te fè konsènan rivyè a, ki benediksyon Juif yo te espere Jewova t ap ba yo? b) Selon jan Bib la sèvi ak mo “rivyè” a e ak mo “dlo” a, ki jan sa ban nou garanti Jewova pral beni pèp li a? (Gade kare ki gen tit “Rivyè ki bay benediksyon Jewova ban nou”.)

4 Yon rivyè ki bay benediksyon. Nan Bib la, souvan yo sèvi ak egzanp rivyè ak dlo pou pale de benediksyon Jewova bay. Ezekyèl te wè yon rivyè konsa ki t ap koule sot nan tanp lan, konsa, vizyon an t ap ede pèp Bondye a konprann Jewova pral vide benediksyon sou yo nan domèn espirityèl toutotan yo rete atache ak vrè adorasyon an. Ki benediksyon konsa? Yo t ap rekòmanse jwenn enstriksyon nan men prèt yo ankò. Kòm yo t ap rekòmanse ofri sakrifis nan tanp lan, yo t ap kapab jwenn padon pou peche yo (Eze. 44:15, 23; 45:17). Konsa, yo t ap kapab vin pwòp ankò, kòmsi yo te lave kò yo nan dlo pwòp ki te soti nan tanp lan.

5. Si yon moun pa t fin sèten t ap gen ase benediksyon pou tout moun, ki jan vizyon konsènan rivyè a te retire dout sa a?

5 Èske tout moun t ap toujou jwenn benediksyon ki t ap satisfè yo? Si gen moun ki te gen dout sou sa, vizyon an te ede yo jwenn repons lan. Dlo a te kòmanse tankou yon ti kouran, li te vin tounen yon gwo rivyè sou yon distans ki mezire prèske de kilomèt (Eze. 47:3-5)! Menmsi kantite Juif ki te tounen nan peyi a te vin pi plis, Jewova t ap beni yo tout e l t ap fè yo jwenn sa yo bezwen. Rivyè a te reprezante abondans!

6. a) Ki pwomès ki se yon garanti nou jwenn nan pwofesi a? b) Ki avètisman vizyon an bay tou? (Gade nòt la.)

6 Dlo ki bay lavi. Nan vizyon Ezekyèl la, rivyè a te koule rive jis nan Lanmè Mòt kote pifò ladan l te tounen gen pwason ankò. N ap remake dlo a te vin fè gen tout kalite pwason, yon seri pwason nou te ka konpare ak sa yo jwenn nan Gwo lanmè a, oswa Lanmè Mediterane. Te menm vin gen yon komès pwason bò Lanmè Mòt la ant de vil ki te nan yon bon distans youn ak lòt. Men sa zanj lan di: “Kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi.” Men, èske sa vle di dlo k ap sot nan kay Jewova a ap rive tout kote nan Lanmè Mòt la? Non. Zanj lan fè konnen gen kèk marekaj kote dlo ki bay lavi a pa rive. Kote sa yo te “toujou chaje ak sèl”. * (Eze. 47:8-11.) Donk, pwofesi a fè yon pwomès ki bay asirans vrè adorasyon an t ap fè moun yo tounen gen lavi ankò, sa ki t ap fè yo reyisi. Men, gen yon avètisman tou nan pwofesi a: Se pa tout moun ki t ap aksepte benediksyon Jewova yo, e se pa tout moun ki t ap geri.

7. Ki garanti pyebwa ki nan vizyon an bay Juif ki ann egzil yo?

7 Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd. E pyebwa yo ki bò rivyè a menm? Yo fè pwofesi a pi bèl, pa vre? Anplis de sa, yo fè l gen plis sans. Se sèten Ezekyèl ak moun peyi l ki te ann egzil yo te kontan lè yo t ap panse ak bon fwi pyebwa sa yo t ap bay, yon rekòt chak mwa! Bèl imaj sa a te ba yo plis asirans Jewova t ap fè yo jwenn sa yo bezwen nan domèn espirityèl. Ki sa yo t ap jwenn ankò? N ap remake fèy pyebwa sa yo “[t ap] sèvi kòm remèd”. (Eze. 47:12.) Jewova te konnen sa k te pi enpòtan Juif ki te sot ann egzil yo t ap bezwen se gerizon nan domèn espirityèl, e se sa l te pwomèt l ap ba yo. Jan nou te wè sa nan chapit 9 liv sa a, lòt pwofesi konsènan Juif yo ki t ap tounen nan peyi yo a ede n wè fason Jewova te fè gerizon sa a.

8. Ki sa k montre vizyon Ezekyèl la t ap gen yon pi gwo akonplisman?

8 Men, jan nou te wè sa nan chapit 9 la tou, Juif ki te sot ann egzil yo pa t wè tout pwofesi sa yo akonpli. Se yo menm ki te lakòz sa. Jewova pa t ka beni yo jan l te pwomèt la paske byen souvan anpil ladan yo te tounen nan vye bagay yo te konn fè yo, yo te dezobeyi l e yo te neglije vrè adorasyon an. Moun ki fidèl yo te tris e yo te desi lè yo te wè jan lòt Juif yo t ap aji. Men, sèvitè Jewova ki fidèl yo te konnen pwomès li yo pa janm echwe, yo toujou reyalize. (Li Jozye 23:14.) Se sa k fè, yo te konnen yon jou vizyon Ezekyèl la t ap gen yon pi gwo akonplisman. Men, ki lè sa t ap fèt?

Rivyè a ap koule jodi a!

9. Ki lè vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan ap gen yon pi gwo akonplisman?

9 Jan nou te wè sa nan chapit 14 liv sa a, vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan gen yon pi gwo akonplisman “nan dènye jou yo”, sa vle di epòk kote vrè adorasyon an pi wo pase tout lòt lè (Eza. 2:2). Nan ki sans pati sa a nan vizyon Ezekyèl la ap akonpli jodi a?

10, 11. a) Ki benediksyon k ap koule pou nou jodi a tankou yon rivyè? b) Ki jan benediksyon Jewova bay yo rive konble bezwen tout sèvitè l yo k ap vin pi plis nan dènye jou yo?

10 Yon rivyè ki bay benediksyon. Ak ki kalite benediksyon nou jwenn jodi a dlo k ap soti nan kay Jewova a fè n panse? Anfèt, sa fè n panse ak tout sa Jewova ban nou pou nouri nou e pou n an sante nan domèn espirityèl. Sa k pi enpòtan an, se pouvwa sakrifis ranson Kris la genyen pou l fè nou pwòp la, sa ki ban nou posiblite jwenn padon pou peche nou. Bèl verite ki nan Pawòl Bondye a sanble tou ak dlo ki bay lavi e ki fè tout bagay pwòp la (Efe. 5:25-27). Ki jan nou rive jwenn benediksyon sa yo nan epòk nou an?

11 Nan ane 1919, se kèk milye sèvitè Jewova ki te genyen e yo te kontan jwenn manje espirityèl yo te bezwen an. Nan plizyè dizèn ane ki te vin apre yo, kantite yo te ye a te vin pi plis. Jodi a, pèp Bondye a gen plis pase uit milyon moun. Èske dlo pwòp verite a kontinye ap koule? Wi! Nou rive konprann anpil verite nan Bib la. Pandan syèk ki sot pase a, pèp Bondye a te jwenn plizyè milya Bib, liv, peryodik, bwochi ak feyè. Menm jan ak rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an, bèl verite yo te koule vit e yo te vin pi plis yon fason pou moun toupatou sou tè a ki swaf konnen Bondye te kapab jwenn sa yo bezwen. Sa fè lontan depi y ap enprime piblikasyon ki baze sou Bib la. E kounye a, pa mwayen sit Entènèt jw.org la, piblikasyon sa yo disponib nan fòma elektwonik nan plis pase 900 lang! Ki efè dlo verite sa a genyen sou moun ki sensè yo?

12. a) Ki fason nou wè laverite bay moun lavi ak lasante nan domèn espirityèl? b) Ki avètisman vizyon an ban nou jodi a ki rive nan bon moman? (Gade nòt la tou.)

12 Dlo ki bay lavi. Men sa zanj lan te di Ezekyèl: “Kèlkeswa kote dlo a pase, l ap bay lavi.” Fè yon ti reflechi sou efè dlo verite a genyen sou moun ki vin fè pati peyi nou an Bondye retabli a. Verite ki nan Bib la rive fè plizyè milyon moun ki koute l yo gen lavi ak lasante nan domèn espirityèl. Men, vizyon an bay yon avètisman ki rive nan bon moman tou: Se pa tout moun k ap kontinye koute verite sa a. Menm jan ak marekaj ansanm ak lagon ki bò Lanmè Mòt nan vizyon Ezekyèl la, gen moun, rive yon lè, ki pap kite laverite touche kè yo ankò, y ap sispann aplike l nan lavi yo. * Nou swete pou sa pa janm rive nou! — Li Detewonòm 10:16-18.

13. Nan epòk nou an, ki leson nou ka aprann konsènan pyebwa yo ki te nan vizyon an?

13 Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd. Èske pyebwa ki te bò dlo nan vizyon an gen yon leson ki ankourajan pou nou jodi a? San mank! Pa bliye, pyebwa sa yo pwodui yon bon rekòt fwi chak mwa e fèy yo sèvi kòm remèd (Eze. 47:12). Donk, pyebwa yo fè nou sonje n ap sèvi yon Bondye ki ban nou manje agogo e ki geri nou nan domèn espirityèl, e se sa ki pi enpòtan. Jodi a, monn nan malad e l nan grangou nan domèn espirityèl. Men, yon lòt bò, fè yon ti reflechi ak tout sa Jewova ba nou. Èske sa rive w deja ou fin li yon atik nan youn nan peryodik nou yo, oswa w fin chante dènye kantik nan yon asanble oubyen yon kongrè, oswa w fin gade yon videyo oswa yon pwogram nan Tele JW epi w santi se yon benediksyon lefètke w gen kalite manje espirityèl sa a? Vrèmanvre, nou byen nouri (Eza. 65:13, 14)! Lefètke nou konprann sa Bib la di, èske sa pa ede n viv yon fason ki fè n jwenn byenfè e ki fè Jewova plezi? Bonjan konsèy nou jwenn ki baze sou Pawòl Bondye a ede nou evite yon seri peche tankou imoralite, tanta ak manke lafwa. Epitou, Jewova pran dispozisyon pou ede kretyen ki fè peche grav yo rive geri anba maladi espirityèl peche a lakòz. (Li Jak 5:14.) Vrèmanvre, nou se moun ki beni, jan pyebwa ki nan vizyon Ezekyèl la montre sa.

14, 15. a) Ki leson nou ka aprann konsènan marekaj ki pa geri ki nan vizyon Ezekyèl la? b) Ki byenfè nou jwenn jodi a nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan rivyè a?

14 Anmenmtan tou, nou ka aprann yon bagay nan marekaj kote dlo a pa rive yo. Nou pa dwe janm anpeche benediksyon Jewova yo rive jwenn nou. Sa t ap tris anpil si nou pa ta jwenn gerizon menm jan ak anpil moun nan monn sa a ki malad (Mat. 13:15). Olye de sa, nou kontan jwenn benediksyon rivyè a ap bay yo. Lè nou chofe pou n bwè dlo pwòp laverite ki soti nan Pawòl Bondye a, lè nou pale ak lòt moun de verite sa yo nan travay predikasyon an, lè nou jwenn enstriksyon, konsolasyon ak èd nan men ansyen yo esklav fidèl la bay fòmasyon e ki renmen nou, nou ka panse ak rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an. Kèlkeswa kote rivyè sa a koule, li bay lavi e li pote gerizon!

15 Men, ki jan vizyon konsènan rivyè a ap gen pou reyalize pi devan? Jan nou pral wè sa, rivyè a ap koule pi fò toujou nan Paradi ki gen pou vini an.

Ki sans vizyon Ezekyèl te fè konsènan rivyè a pral genyen nan Paradi a?

16, 17. a) Nan ki sans dlo lavi a pral vin pi fò toujou nan Paradi a? b) Ki byenfè rivyè sa a ki bay benediksyon an ap fè nou jwenn nan Paradi a?

16 Èske w imajine ou menm ki nan Paradi a ak fanmi w ansanm ak zanmi w k ap pwofite tout sa lavi a ofri nou? Lè w etidye vizyon Ezekyèl te fè konsènan rivyè a, sa ap ede w fè pwofesi sa a vin pi vivan nan lespri w. Ki jan? Yon lòt fwa, ann egzamine twa bagay nan vizyon an ki montre aklè Bondye renmen nou.

17 Yon rivyè ki bay benediksyon. Nan yon sans, rivyè a ap vin pi fò toujou nan Paradi a, paske l ap pote byenfè ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik. Pandan mil an Jezi pral fè ap dirije a, Wayòm Bondye a pral ede moun ki fidèl yo jwenn byenfè grasa ranson an yon fason ki pi estrawòdinè. Tikras pa tikras, y ap vin pafè! Pap gen maladi, doktè, enfimyè, lopital ak asirans sante ankò! Dlo lavi sa a pral koule pou plizyè milyon moun k ap chape nan Amagedon, sètadi “yon gwo foul moun” k ap soti anba “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:9, 14.) Men, malgre benediksyon sa a estrawòdinè, li pral tankou yon ti kouran dlo lè n konpare l ak sa k pral fèt annapre. Menm jan sa te ye nan vizyon Ezekyèl la, rivyè a ap gwosi pou plis moun kapab jwenn byenfè.

Nan Paradi a, rivyè k ap bay benediksyon an pral fè tout moun vin jèn e an sante. (Gade paragraf 17)

18. Nan ki sans “rivyè dlo lavi” a pral vin gwo anpil pandan Rèy mil an an?

18 Dlo ki bay lavi. Pandan Rèy mil an an, “rivyè dlo lavi” a pral vin gwo anpil (Rev. 22:1). Plizyè milyon moun, petèt plizyè milya menm, pral resisite e y ap gen posiblite viv pou toutan nan Paradi a! Benediksyon Jewova pral bay pa mwayen Wayòm nan ap gen ladan l fè yon gwo kantite moun ki te mouri tounen viv ankò, yon seri moun ki te gen lontan depi yo te rete san fòs nan pousyè tè a (Eza. 26:19). Men, èske se tout moun ki resisite yo k ap ret fidèl pou toutan?

19. a) Ki sa k montre Bondye ap fè nou jwenn nouvo verite nan Paradi a? b) Nan ki sans gen kèk moun k ap “toujou chaje ak sèl” nan Paradi a?

19 Se chak moun k ap deside. Nan epòk sa a, yo pral ouvri nouvo woulo. Kidonk, dlo Jewova pral bay ki rafrechisan an pral gen ladan l nouvo verite ak nouvo enstriksyon. Èske w pa chofe pou w wè sa? Sepandan, gen kèk moun ki pap aksepte benediksyon sa a, y ap pito dezobeyi Jewova. Pandan Rèy mil an an, gen kèk moun ki ka fè rebèl, men yo pap kite yo simen latwoublay nan Paradi a (Eza. 65:20). Sa fè nou sonje vizyon Ezekyèl la e l fè n panse ak marekaj ki pa janm bay pwason ki “toujou chaje ak sèl” yo. Se pa ti sòt moun ki derefize bwè dlo lavi a sòt! Apre Rèy mil an an, gen yon gwoup moun k ap fè rebèl e k ap pran pati pou Satan. Tout moun ki pa aksepte Jewova dirije yo yon fason ki jis pral fini menm jan an, sa vle di y ap detwi pou toutan. — Rev. 20:7-12.

20. Ki dispozisyon Jewova pral pran pou byen nou pandan Rèy mil an an ki fè nou panse ak pyebwa Ezekyèl te wè yo?

20 Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd. Jewova pa vle pou okenn moun ki pral viv nan Paradi a pèdi posiblite pou l viv pou toutan an. Pou l ede n pwofite bèl opòtinite sa a li ban nou an, pandan Rèy mil an an, yon lòt fwa ankò l ap asire l gen yon dispozisyon ki sanble ak pyebwa Ezekyèl te wè nan vizyon an. Men, nan Paradi a, Jewova pral bay benediksyon ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Nan syèl la, Jezi Kris ak 144 000 moun yo pral dirije antanke wa pandan mil an. Antanke prèt, Jezi ak 144 000 moun yo pral pèmèt lèzòm pwofite byenfè sakrifis ranson an, e y ap ede yo vin pafè (Rev. 20:6). Dispozisyon pou lèzòm jwenn gerizon ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl la fè nou sonje pyebwa yo Ezekyèl te wè bò rivyè a, yon seri pyebwa ki bay bon fwi e fèy yo sèvi kòm remèd. Vizyon sa a Ezekyèl te fè a sanble ak yon lòt bèl pwofesi nan Bib la apot Jan te ekri. (Li Revelasyon 22:1, 2.) Fèy pyebwa Jan te wè yo “te la pou geri nasyon yo”. Gen plizyè milyon moun fidèl ki pral benefisye sèvis 144 000 prèt yo.

21. Lè w egzamine vizyon Ezekyèl te fè konsènan rivyè a, ki efè sa gen sou ou e ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a? (Gade kare ki gen tit “Yon ti kouran dlo vin tounen yon rivyè!”)

21 Lè w ap panse ak rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an, èske w pa santi kè w anpè e w gen espwa? Ala yon bèl moman n ap tann! Epitou, fè yon ti reflechi: sa fè plizyè milye ane depi Jewova ban nou anpil pwofesi pou ede nou imajine ki jan Paradi a pral ye. Depi lè sa a, avèk pasyans, l ap envite lèzòm pou yo la pou yo ka wè jan pwofesi sa yo pral reyalize yon fason ki estrawòdinè. Èske w ap la? Ou ka ap mande tèt ou si vrèmanvre w ap ka la nan Paradi a. Nan chapit ki vin apre a, nou pral wè kòman dènye pawòl ki nan pwofesi Ezekyèl la ban nou garanti sa a.

^ § 3 Mete sou sa, siman Juif ki te ann egzil ki te sonje jan peyi yo a te fèt te konnen rivyè sa a pa t ka yon rivyè toutbon paske li te kòmanse koule sot nan tanp lan ki te sou yon mòn ki wo anpil ki pa t menm egziste kote yo di a. Mete sou sa, vizyon an ka fè konprann rivyè a te koule dwat al nan Lanmè Wouj san anyen pa bloke l, sa se yon lòt bagay ki te enposib pou jan peyi a te fèt la.

^ § 6 Gen kèk moun ki fè kòmantè sou Bib la ki konsidere sa kòm yon ekspresyon ki pozitif, paske yo fè konnen depi lontan rekòt sèl se yon komès ki byen mache nan zòn Lanmè Mòt. Men, n ap remake nan vizyon an, yo fè konnen marekaj yo “pap geri”. Yo pap janm gen pwason ladan yo, paske dlo ki bay lavi ki soti nan kay Jewova a pa rive jwenn yo. Donk, sanble nan ka sa a, sèl ki nan marekaj sa yo se yon bagay ki negatif. — Sòm 107:33, 34; Jer. 17:6.

^ § 12 Nan menm sans lan, ann egzamine egzanp Jezi te bay konsènan filè a. Yo pran anpil pwason nan filè a, men se pa tout ki “bon”. Y ap jete sa k pa bon yo. Se sa k fè, Jezi te fè konnen pami moun k ap vin fè pati òganizasyon Jewova a, rive yon lè, gen anpil nan yo ki ka vin pa fidèl. — Mat. 13:47-50; 2 Tim. 2:20, 21.