Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 20

“Separe peyi a”

“Separe peyi a”

EZEKYÈL 45:1

IDE KLE: Lefètke yo separe peyi a, sa sa vle di?

1, 2. a) Ki enstriksyon Jewova te bay Ezekyèl? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

 EZEKYÈL fèk sot fè yon vizyon sandout ki fè l panse ak sa k te pase nan epòk Moyiz ak epòk Jozye a sa gen prèske 900 an. Nan epòk sa a, Jewova te fè Moyiz konnen limit peyi Li te pwomèt yo a e annapre li te di Jozye pou yo separe peyi a yon fason pou chak tribi Izrayèl yo jwenn pòsyon pa yo (Nonb 34:1-15; Joz. 13:7; 22:4, 9). Men nan epòk Ezekyèl la, nan ane 593 anvan epòk nou an, Jewova bay Ezekyèl ak lòt Juif ki ann egzil yo lòt enstriksyon sou fason pou yo separe peyi a pami tribi Izrayèl yo. — Eze. 45:1; 47:14; 48:29.

2 Ki sans vizyon sa a genyen pou Ezekyèl ak moun ki te ann egzil avè l yo? Sa k fè vizyon sa a se yon ankourajman pou pèp Bondye a jodi a? Èske l ap gen yon pi gwo akonplisman pi devan?

Yon vizyon ki bay kat garanti

3, 4. a) Ki garanti dènye vizyon Ezekyèl te fè a bay moun ki te ann egzil yo? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Dènye vizyon Ezekyèl te resevwa a pran nèf chapit nan liv ki pot non l lan (Eze. 40:1–48:35). Vizyon sa a te bay moun ki te ann egzil yo kat bèl asirans konsènan nouvo nasyon Izrayèl la. Ki asirans sa yo? Premyèman, Bondye t ap retabli vrè adorasyon an nan tanp li an. Dezyèmman, se prèt ak ansyen ki fidèl ki t ap dirije nasyon an. Twazyèmman, tout moun ki t ap tounen ann Izrayèl yo t ap jwenn tè kòm eritaj. E katriyèmman, Jewova t ap avèk yo, li t ap abite nan mitan yo ankò.

4 Nan chapit 13 ak chapit 14 liv sa a, nou te wè kòman de premye asirans Bondye te bay yo t ap akonpli, anpalan de retabli vrè adorasyon an ak ansyen ki fidèl k ap dirije yo. Nan chapit sa a, nou pral plis konsantre sou twazyèm garanti a, anpalan de pwomès Bondye fè konsènan separasyon tè a. Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale konsènan pwomès Jewova fè pou l ansanm ak pèp la. — Eze. 47:13-21; 48:1-7, 23-29.

“Mwen ban nou [peyi sa a] kòm eritaj pa nou”

5, 6. a) Nan vizyon Ezekyèl la, ki tèritwa yo te gen pou yo separe bay? (Gade foto ki nan kòmansman an.) b) Poukisa Bondye te bay vizyon konsènan separasyon tè a?

5 Li Ezekyèl 47:14. Nan yon vizyon, Jewova atire atansyon Ezekyèl sou yon pòsyon nan peyi a ki t ap vin sanble ak “jaden Edenn”. (Eze. 36:35.) Apre sa, Jewova di: “Se tèritwa sa a n ap separe bay 12 tribi Izrayèl yo kòm eritaj pa yo.” (Eze. 47:13). “Tèritwa” yo t ap separe a se peyi Izrayèl Bondye te retabli a, kote moun ki te ann egzil yo t ap tounen an. Annapre, jan sa parèt nan Ezekyèl 47:15-21, Jewova te pale an detay konsènan fwontyè tout peyi a.

6 Poukisa Bondye te bay Ezekyèl vizyon sa a konsènan separasyon peyi a? Lefètke Bondye te bay mezi fwontyè yo an detay, sa te bay Ezekyèl ak moun ki te ann egzil avè l yo garanti peyi yo te renmen an t ap retabli nèt. Imajine jan garanti sa a Jewova te bay la dwe te ankouraje moun ki te ann egzil yo, yon garanti ki gen anpil detay ak anpil imaj! Èske pèp Bondye nan tan lontan an te resevwa yon peyi kòm eritaj vre? Wi, yo te resevwa l.

7. a) Ki sa evènman ki te kòmanse nan ane 537 anvan epòk nou an fè n sonje? b) Ki kesyon nou pral egzamine anvan sa?

7 Nan ane 537 anvan epòk nou an, anviwon 56 an apre Ezekyèl te fin fè vizyon an, te gen plizyè milye moun ann egzil ki te kòmanse tounen nan peyi Izrayèl pou y al abite ladan l. Evènman estrawòdinè sa yo ki pase nan tan lontan fè nou panse ak yon bagay menm jan an ki fèt pami pèp Bondye a nan epòk nou an. Nan yon sans, yo menm tou yo te jwenn yon peyi kòm eritaj. Ki jan? Jewova te kite sèvitè l yo antre nan yon peyi espirityèl e l te kite yo abite ladan l. Kounye a, lefètke Bondye te retabli peyi li te pwomèt Izrayèl la, sa ka ede nou konprann anpil bagay konsènan peyi espirityèl Bondye retabli pou pèp li a jodi a. Men, anvan nou egzamine leson nou ka aprann yo, ann wè sa k fè nou di gen yon peyi espirityèl ki egziste jodi a.

8. a) Ki nasyon Jewova te mete nan plas nasyon Izrayèl la? b) Ki sa peyi espirityèl la oswa paradi espirityèl la ye? c) Ki lè peyi sa a te vin egziste e kiyès ki te vin rete ladan l?

8 Nan yon vizyon Jewova te bay Ezekyèl anvan sa, li te fè konnen pwofesi konsènan Izrayèl ki t ap retabli a t ap gen yon pi gwo akonplisman apre “David, sèvitè [l la]”, anpalan de Jezi Kris, kòmanse dirije antanke Wa (Eze. 37:24). Sa te fèt nan ane 1914. Lè sa a, sa te gentan fè lontan depi Izrayelit yo pa t pèp Bondye ankò e li te ranplase yo ak yon nasyon Izrayelit espirityèl, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl la. (Li Matye 21:43; 1 Pyè 2:9.) Sepandan, se pa nasyon Izrayèl la sèlman Jewova te ranplase ak yon nasyon espirityèl, men tou, li te ranplase peyi Izrayèl la ak yon peyi espirityèl, oswa yon paradi espirityèl (Eza. 66:8). Jan nou te wè sa nan chapit 17 liv sa a, peyi espirityèl la se yon anviwònman espirityèl kote rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap adore Jewova depi 1919. (Gade kare 9B a ki gen tit “Poukisa nou di 1919?”) Tank tan t ap pase, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de “lòt mouton” yo, te kòmanse vin rete nan peyi espirityèl la tou (Jan 10:16). Se vre nou deja ap viv nan paradi espirityèl la, men se apre Amagedon n ap resevwa tout benediksyon li pral pote.

Yo separe tè yo egalego

9. Ki enstriksyon byen detaye Jewova te bay konsènan separasyon peyi a?

9 Li Ezekyèl 48:1, 28. Apre Jewova fin tabli fwontyè peyi a, li bay detay sou fason pou yo separe l. Li te mande pou yo separe tè yo egalego bay 12 tribi yo soti nan nò rive nan sid, kòmanse sou tribi Jida nan pwent nò peyi a rive sou tribi Gad nan dènye pati sid fwontyè peyi a. Toule 12 moso tè yo te gen fòm orizontal soti nan limit lès la rive nan Gwo Lanmè a, sa vle di Lanmè Mediterane a, nan lwès. — Eze. 47:20.

10. Ki asirans pati sa a nan vizyon an dwe te bay moun ki ann egzil yo?

10 Ki asirans pati sa a nan vizyon an dwe te bay moun ki ann egzil yo? Ezekyèl te tèlman bay bonjan detay sou fason pou yo separe peyi a, sa dwe te fè moun ki ann egzil yo sezi wè jan separasyon an t ap byen òganize. Mete sou sa, fason separasyon an t ap fèt pami 12 tribi yo montre chak moun t ap jwenn yon bon pòsyon tè nan peyi Bondye retabli a. Pèsòn pa t ap tounen pou l pa jwenn tè oswa kote pou l rete.

11. Ki leson nou ka aprann nan vizyon sa a, ki se yon pwofesi, konsènan separasyon peyi a? (Gade kare ki gen tit “Separasyon peyi a.”)

11 Ki leson ankourajan nou ka aprann jodi a nan vizyon sa a? Lè Izrayelit yo te tounen nan Peyi Bondye te pwomèt la te gen plas nonsèlman pou prèt yo, pou Levit yo ak pou chèf tribi yo, men tou te gen plas pou tout moun ki te nan 12 tribi yo (Eze. 45:4, 5, 7, 8). Menm jan an tou jodi a, paradi espirityèl la gen plas nonsèlman pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak moun ki fè pati “gwo foul” la ki pran latèt yo, men tou, pou tout moun ki fè pati gwo foul la * (Rev. 7:9). Kèlkeswa wòl nou jwe nan òganizasyon an, menmsi l toupiti, nou gen yon plas nan paradi espirityèl la ak yon travay ki itil. Ala yon bèl asirans nou genyen!

Jewova bay efò nou fè yo anpil valè, kèlkeswa responsablite nou gen nan òganizasyon l lan. (Gade paragraf 11)

De gwo diferans: Ki sans yo chak gen pou nou?

12, 13. Ki enstriksyon byen presi Jewova te bay konsènan pòsyon tè pou yo bay chak tribi nan peyi a?

12 Gen kèk nan enstriksyon Jewova te bay Ezekyèl konsènan separasyon peyi a ki te ka fè Ezekyèl sezi paske yo te diferan ak enstriksyon Li te bay Moyiz yo. Ann egzamine de nan enstriksyon sa yo ki diferan. Youn gen rapò ak peyi a e lòt la gen rapò ak moun ki abite nan peyi a.

13 Premyèman, peyi a. Moyiz te jwenn enstriksyon pou l bay tribi ki gen plis moun yo pi gwo moso tè pase tribi ki te pi piti yo (Nonb 26:52-54). Sepandan, nan vizyon Ezekyèl la, Jewova te bay enstriksyon byen klè pou pòsyon tè tout tribi yo te “menm gwosè [“chak moun tankou frè l” nòt.]” (Eze. 47:14). Konsa, distans soti nan fwontyè nò rive nan fwontyè sid nan tè yon tribi ta dwe egzakteman menm distans nan tè lòt tribi yo. Tout Izrayelit yo, kèlkeswa tribi yo soti, t ap gen menm posiblite pou tè yo jwenn dlo e pou yo pwodui anpil.

14. Nan ki sans enstriksyon Jewova te bay konsènan etranje ki te abite nan peyi a t ale pi lwen pase sa l te di nan Lwa Moyiz la?

14 Dezyèmman, moun ki abite nan peyi a. Lwa Moyiz la te pwoteje etranje yo nan peyi a e l te ba yo posiblite pou yo adore Jewova, men yo pa t ka posede tè nan peyi a (Lev. 19:33, 34). Men, sa Jewova di Ezekyèl kounye a ale pi lwen pase sa L te di nan Lwa a. Jewova di Ezekyèl: “Nou dwe bay etranje k ap viv nan mitan nou yo yon eritaj nan mitan tribi kote y ap viv la.” Kòmandman sa a Jewova te bay la te elimine yon gwo diferans ki te genyen ant “Izrayelit” yo ak etranje ki t ap viv nan peyi a (Eze. 47:22, 23). Nan vizyon Ezekyèl te fè a, li te wè tout moun ki abite nan peyi a te egalego e yo t ap adore Bondye nan tèt ansanm. — Lev. 25:23.

15. Ki verite k ap toujou egziste konsènan Jewova nou jwenn nan enstriksyon li te bay konsènan peyi a ak moun ki abite ladan l yo?

15 De enstriksyon estrawòdinè sa yo Ezekyèl te resevwa konsènan peyi a ak moun ki abite ladan l yo dwe te ankouraje moun ki te ann egzil yo. Yo te konnen chak moun t ap gen menm kantite tè, kit li te Izrayelit kit li te etranje ki t ap viv nan peyi a e ki t ap adore Jewova (Esd. 8:20; Ney. 3:26; 7:6, 25; Eza. 56:3, 8). Enstriksyon sa yo te fè yo sonje tou yon verite ki ankourajan e k ap toujou la: Tout sèvitè Jewova yo gen menm enpòtans pou li. (Li Aje 2:7.) Jodi a, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl la kit nou gen esperans pou n ret viv sou tè a, verite sa a gen anpil enpòtans pou nou.

16, 17. a) Ki byenfè n ap jwenn lefètke nou egzamine detay konsènan peyi a ak moun ki abite ladan l yo? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

16 Ki byenfè n ap jwenn lè nou egzamine detay sa yo konsènan peyi a ak moun ki abite ladan l yo? Yo fè nou sonje, jodi a, tout moun dwe wè aklè sèvitè Jewova yo egalego e yo gen tèt ansanm. Jewova pa gen patipri. Nou dwe mande tèt nou: ‘Èske m pa gen patipri menm jan ak Jewova? Èske m demontre menm respè a pou tout adoratè Jewova parèy mwen, kèlkeswa ras yo oswa sitiyasyon yo nan lavi a?’ (Wom. 12:10). Nou kontan dèske Jewova bay nou tout menm posiblite pou nou fè pati paradi espirityèl la, kote n ap ba l, li menm ki Papa nou ki nan syèl la, yon sèvis sakre ak tout kè nou e kote nou jwenn benediksyon l tou. — Gal. 3:26-29; Rev. 7:9.

Menm jan ak Jewova, èske nou demontre nou pa gen patipri e n gen bonjan respè pou lòt moun? (Gade paragraf 15, 16)

17 Kounye a, nou pral egzamine katriyèm garanti nou jwenn nan dènye pati dènye vizyon Ezekyèl la, anpalan de pwomès Jewova fè pou l ansanm ak moun ki ann egzil yo. Ki leson nou ka aprann nan pwomès sa a? N ap jwenn repons kesyon sa a nan chapit ki vin apre a.

^ § 11 Pou n konnen ki plas espesyal e ki travay Jewova bay prèt yo ak chèf yo nan peyi espirityèl la, gade chapit 14 nan liv sa a.