Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 15

“M ap fè w sispann fè pwostitisyon”

“M ap fè w sispann fè pwostitisyon”

EZEKYÈL 16:41

IDE KLE: Sa nou aprann sou pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la ak nan liv Revelasyon an.

1, 2. Ki kalite pwostitye sitou ki ka bay moun anpil degoutans?

 SE YON bagay ki tris lè nou wè yon pwostitye. Petèt n ap mande tèt nou ki sitiyasyon li t ap viv ki fè l tonbe nan vye pratik sa a. Èske se vyolans oswa abi yo te konn fè sou li lakay li ki fè l te kòmanse fè pwostitisyon depi l timoun? Èske se pòv li te twò pòv ki fè l oblije vann kò l? Oswa èske se sove l te sove poutèt mari l te konn maltrete l? Nan sistèm mechan sa a, se tout lajounen n ap tande istwa tris sa yo. Donk, nou pa sezi lefètke Jezi Kris te vrèman janti ak kèk pwostitye. Li te fè konnen moun ki repanti e ki chanje fason y ap viv kapab gen espwa y ap vin gen yon pi bon lavi. — Mat. 21:28-32; Lik 7:36-50.

2 Men, ann imajine yon lòt kalite pwostitye. Imajine yon fi ki annik rete li chwazi vin pwostitye. Li pa konsidere sa kòm yon bagay ki sal, men l wè l kòm yon posiblite pou l gen otorite! Li renmen lajan li fè nan metye sa a e l renmen otorite li vin genyen an. Sa k pi mal la, imajine fi sa a te gen yon bon mari, yon mari ki fidèl e poutan li chwazi kite mari a pou l fè pwostitisyon! Li t ap difisil pou n gen pitye pou yon fi konsa, nou t ap plis gen degoutans pou li e pou fason l chwazi mennen lavi l. Pandan plizyè fwa, Jewova te sèvi ak egzanp yon pwostitye pou l montre jan l santi l anrapò ak fo relijyon. Li te fè sa paske l te konnen egzanp sa a t ap ban nou degoutans, konsa nou t ap pi byen konprann jan l santi l.

3. Sou ki istwa nou pral pale nan chapit sa a?

3 Ezekyèl sèvi ak de istwa konsènan pwostitisyon nan liv li ekri a pou l pale de Izrayèl ak Jida ki te vin enfidèl ak Bondye (Ezekyèl chapit 16 ak chapit 23). Men, anvan nou egzamine istwa sa yo, ann pale konsènan yon lòt pwostitye ki reprezante yon lòt bagay. Kalite pwostitisyon sa a egziste depi anvan epòk Ezekyèl la, depi menm anvan Izrayèl egziste, e l toujou egziste jodi a. Yo pale de pwostitye sa a nan liv Revelasyon an ki se dènye liv nan Bib la.

“Manman pwostitye yo”

4, 5. Ki sa “Gran Babilòn nan” ye, e ki jan n fè konn sa? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

4 Nan vizyon Jezi te bay apot Jan nan fen premye syèk epòk nou an, Jan te wè yon pwostitye. Yo rele fi sa a “gwo pwostitye” a e yo rele l tou “Gran Babilòn nan, manman pwostitye yo”. (Rev. 17:1, 5.) Pandan plizyè syèk, idantite fi sa a te yon mistè pou chèf relijyon yo ak biblis yo. Anpil ladan yo di li reprezante Babilòn, gen lòt moun ki di se Wòm, e genyen ki panse se Legliz katolik women. Poutan, depi plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo konn kiyès “gwo pwostitye” a reprezante. Li reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Kòman nou fè konn sa?

5 Bondye kondane pwostitye sa a paske pwostitye a gen relasyon imoral ak “wa latè yo”, anpalan de pisans politik yo. Donk, li klè, pwostitye a pa yon pisans politik. Mete sou sa, liv Revelasyon an fè konnen “komèsan sou tè a”, sa vle di sistèm komèsyal monn sa a, nan lapenn pou Gran Babilòn nan. Se sa k fè, Gran Babilòn nan pa ka reprezante gwo biznis yo. Nan ka sa a, ki sa l reprezante? Li koupab poutèt l ap pratike bagay “ki gen rapò ak movèzespri”, l ap fè idolatri e l ap twonpe moun. Èske se pa egzakteman bagay sa yo relijyon ki kòwonpi yo ki nan monn nan ap fè? N ap remake tou, Bib la fè konnen pwostitye sa a chita sou sistèm politik monn nan, sa ki montre li gen enfliyans sou li. Epitou, li pèsekite sèvitè fidèl Jewova yo (Rev. 17:2, 3; 18:11, 23, 24). Èske se pa egzakteman sa fo relijyon an ap fè rive jis jodi a?

Se nan vil Babèl tan lontan an, yon vil yo te rele Babilòn annapre, tout kalite pratik, doktrin ak òganizasyon ki nan fo relijyon an soti. (Gade paragraf 6)

6. Nan ki sans Gran Babilòn nan se “manman pwostitye yo”?

6 Poukisa yo pa rele Gran Babilòn nan “gwo pwostitye” a sèlman, men yo rele l tou “manman pwostitye yo”? Fo relijyon an divize an plizyè pati. Gen yon pakèt legliz ak sèk moun pa ka konte. Depi lè Bondye te fin bwouye lang tout moun te pale sou tè a nan vil Babèl, oswa Babilòn tan lontan an, sa te lakòz moun yo ak tout kwayans yo gaye sou tè a, e konsa yon pakèt relijyon vin egziste. Se avèk rezon “Gran Babilòn” nan gen menm non ak vil Babilòn, ki se kote tout fo relijyon soti (Jen. 11:1-9). Konsa, nou ka konsidere tout relijyon sa yo kòm “pitit fi” yon sèl òganizasyon, yon sèl gwo pwostitye. Satan sèvi ak relijyon sa yo souvan pou l fè moun tonbe nan pratik ki gen rapò ak movèzespri ansanm ak idolatri, e pou l fè yo adopte koutim ak kwayans ki dezonore Bondye. Nou pa sezi lefètke Bondye avèti pèp li a kont òganizasyon sa a ki kòwonpi e ki toupatou sou tè a. Men sa l di: “Sot ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo.” — Li Revelasyon 18:4, 5.

7. Poukisa nou dwe koute avètisman ki mande pou n “sot” nan Gran Babilòn nan?

7 Èske w koute avètisman sa a? Sonje, se Jewova menm ki kreye lèzòm yon fason pou yo santi yo “bezwen” adore l (Mat. 5:3). Sèl fason pou n rive satisfè bezwen sa a se lè n adore Jewova fason ki pwòp la. Natirèlman, sèvitè Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo rete lwen fo relijyon. Men, se pa sa Satan Ledyab vle ditou. Li renmen fè pèp Bondye a tonbe nan kalite pwostitisyon sa a. E malerezman, li reyisi fè sa souvan. Rive nan epòk Ezekyèl la, pèp Bondye a te gentan tonbe nan fo relijyon yon pakèt fwa. L ap bon pou nou egzamine istwa sa a, paske li ka aprann nou anpil bagay konsènan prensip Jewova yo, jistis li ak mizèrikòd li.

“[Ou] te tounen yon pwostitye”

8-10. Ki bagay enpòtan konsènan vrè adorasyon an ki ede n konprann fason Jewova santi l lè yon moun mele nan fo relijyon? Bay yon egzanp.

8 Nan liv Ezekyèl la, Jewova sèvi ak egzanp yon pwostitye pou l montre ki efè sa te gen sou li lè pèp li a pa t fidèl avè l. Jewova te enspire Ezekyèl pou l ekri de istwa ki frapan sou jan enfidelite pèp li a ak konduit imoral yo a te fè l mal e jan li te santi yo trayi l. Poukisa li te konpare yo ak pwostitye?

9 Pou nou konprann sa k fè l te fè sa, nou dwe sonje yon bagay enpòtan konsènan vrè adorasyon an nou te pale de li nan chapit 5 liv sa a. Men sa Jewova te di nan Lwa li te bay Izrayèl la: “Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm [oswa: “lòt dye pou nou defye m”, nòt.] [...] Mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman.” (Egz. 20:3, 5). Annapre, men sa l te di pou l atire atansyon sou verite sa a ankò: “Nou pa dwe pwostène devan yon lòt dye, paske Jewova se Sila a ki mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman. Vrèmanvre, li se yon Bondye ki mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman.” (Egz. 34:14). Jewova pa ta ka pi klè pase sa. Nou pa kapab adore Jewova fason li vle a si se pa li menm sèlman nou adore.

10 Ann pran maryaj kòm egzanp. Ni mari a ni madanm nan gen dwa atann gen kèk bagay se li menm sèlman k ap jwenn yo. Si youn nan yo ta enterese nan yon lòt moun yon fason ki deplase, mari a oswa madanm nan gen rezon pou l fè jalouzi e pou l santi yo trayi l. (Li Ebre 13:4.) Menm jan an tou, anrapò ak adorasyon, Jewova gen rezon santi pèp li a trayi l lè y al adore fo dye, alòske se li sèl yo dwe adore. Li fè konn sa aklè nan chapit 16 liv Ezekyèl la.

11. Ki sa Jewova te fè konnen sou Jerizalèm e sou kote l soti?

11 Nan liv Ezekyèl la, se nan chapit 16 la nou jwenn pwofesi ki pi long Jewova te bay la, e se youn nan pwofesi ki pi long nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Jewova sèvi ak vil Jerizalèm pou l pale de Jida ki vin enfidèl. Li rakonte istwa kote l soti e kòman li te vin enfidèl, yon istwa ki tris e ki bay degoutans. Anvan sa, li te tankou yon fi ki san fanmi, ki sal e ki pa nan swen. Se moun Kanaran yo, yon seri moun ki te konn adore zidòl, ki te paran l. Vrèmanvre, Jerizalèm te fè lontan anba pouvwa moun Jebis yo, yon tribi kananeyen, jiskaske David te pran vil la. Jewova te pran pitye pou fi san fanmi sa a, li te pwòpte l e l te pran swen l. Rive yon lè, li te vin tankou yon madanm pou Jewova. Sa te fèt lè Izrayelit yo, ki te aksepte fè yon alyans ak Jewova depi nan epòk Moyiz la, te vin ap viv nan vil sa a (Egz. 24:7, 8). Apre Jerizalèm te vin tounen kapital peyi a, Jewova te beni l, li te fè l vin rich e l te fè l vin bèl, menm jan yon gason ki rich e ki gen pouvwa fè madanm li li renmen kado bèl bijou. — Eze. 16:1-14.

Salomon te kite madanm li te genyen ki t ap sèvi fo dye yo fè presyon sou li pou l sal Jerizalèm ak idolatri. (Gade paragraf 12)

12. Ki jan fo adorasyon te gaye nan Jerizalèm?

12 Ann wè sa k te vin pase annapre. Jewova di: “Ou te kòmanse ap pran tèt ou pou yon pakèt afè poutèt ou te bèl anpil e w te tounen yon pwostitye akoz nasyon yo te vin konnen w. Ou te kouche ak nenpòt moun ki t ap pase. Ou te lage kò w ba yo.” (Eze. 16:15). Nan epòk Salomon an, lefètke Jewova te beni pèp li a e l te fè l vin rich, se vil Jerizalèm ki te pi bèl, e se sèten se li ki te pi estrawòdinè pase tout lòt vil nan monn nan nan epòk la (1 Wa 10:23, 27). Men, tikras pa tikras, fo adorasyon te kòmanse gaye nan vil la. Salomon te vin gen yon pakèt fi etranje, e pou l te fè yo plezi, li te tonbe nan adore zidòl, sa ki te sal Jerizalèm (1 Wa 11:1-8). Gen kèk nan moun ki vin apre l yo ki te fè pi mal toujou, yo te gaye fo adorasyon nan tout peyi a. Ki jan Jewova te santi l anrapò ak tout zak pwostitisyon sa yo ak tout zak trayizon sa yo? Men sa l di: “Bagay konsa pa t dwe fèt, non, se pa bagay ki te dwe janm fèt.” (Eze. 16:16). Men, pèp li a ki te rebèl te lage kò yo pi fon nan fè move bagay!

Gen kèk Izrayelit ki te sakrifye pitit yo bay fo dye, tankou Molèk.

13. Ki zak mechanste pèp Bondye a ki nan Jerizalèm te konn fè?

13 Imajine jan sa te fè Jewova mal e jan l te gen degoutans lè l t ap fè konnen bagay mal pèp li te chwazi a t ap fè: “Ou te pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo e w te sakrifye yo bay zidòl. Èske w pa ale twò lwen nan pwostitisyon w ap fè a? Ou touye pitit mwen yo, ou boule yo nan dife pou w ofri yo kòm sakrifis.” (Eze. 16:20, 21). Vye bagay pèp Jerizalèm nan te fè yo montre jan Satan mechan. Se pa ti renmen li renmen twonpe pèp Jewova a pou l fè yo lage kò yo nan konduit ki sal! Men, Jewova wè tout bagay. Nonsèlman li kapab mete fen menm nan zak ki pi mechan Satan lakòz yo, men tou, li ka defèt dega yo lakòz, e l ap fè gen jistis. — Li Jòb 34:24.

14. Nan egzanp Jewova te bay la, kiyès ki te de sè Jerizalèm yo, e kiyès ki te pi mechan nan yo twa?

14 Sepandan, Jerizalèm pa t rann li kont li pa t gen degoutans pou mechanste li t ap fè yo. Li te kontinye fè pwostitisyon. Jewova te fè konnen Jerizalèm te menm pi san wont pase lòt pwostitye yo paske se Jerizalèm menm ki te peye lòt moun pou fè imoralite seksyèl avè l (Eze. 16:34)! Bondye te di Jerizalèm te menm jan ak “manman” l, anpalan de yon seri tribi ki t ap adore fo dye ki t ap dirije peyi a pandan yon lè (Eze. 16:44, 45). Toujou anrapò ak egzanp sou fanmi an, Bondye te di Samari se gran sè Jerizalèm e se li ki te fè Jerizalèm antre nan pwostitisyon nan domèn relijye. Bondye te pale de yon dezyèm sè Jerizalèm genyen tou, anpalan de Sodòm, yon non li itilize kòm yon pwovèb nan sans sa a piske l te gen lontan depi l te detwi l poutèt li te awogan e l te imoral anpil. Sa Jewova te vle montre sèke Jerizalèm te fè plis mechanste lontan pase de sè l yo, anpalan de Samari e menm Sodòm (Eze. 16:46-50)! Pèp Bondye a te meprize pakèt avètisman yo te jwenn yo e yo te kontinye fè rebèl.

15. Poukisa Jewova te egzekite jijman l sou Jerizalèm, e ki espwa sa te bay?

15 Ki sa Jewova t ap fè? Men pwomès li te fè Jerizalèm: “M ap rasanble tout mennaj ou te bay satisfaksyon yo” epi “m ap lage w nan men yo”. Moun ki te konn adore fo dye ki te gen relasyon ak pèp li a t ap detwi l, yo t ap pran bèl bagay li genyen yo ak bagay ki gen valè yo. Men sa l te di: “Y ap kalonnen w ak kout wòch, e y ap touye w ak epe yo.” Nan ki objektif Jewova te fè jijman sa a? Se pa paske l te vle detwi pèp li a. Okontrè, men rezon l te bay: “M ap fè w sispann fè pwostitisyon.” Men sa Bondye te ajoute: “Mwen pap an kòlè avè w ankò, mwen pap fache avè w ankò. M ap kalme, mwen pap fache ankò.” Jan nou te egzamine sa nan chapit 9 liv sa a, objektif Jewova se te retabli pèp li a apre yo sot ann egzil. Poukisa? Men sa l te di: “Mwen menm, m ap sonje alyans mwen te fè avè w lè w te jèn nan.” (Eze. 16:37-42, 60). Kontrèman ak pèp li a, Jewova te montre l fidèl anpil! — Li Revelasyon 15:4.

16, 17. a) Poukisa nou pa di Owola ak Owoliba se lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo ankò? (Gade kare ki gen tit “Sè ki pwostitye yo”.) b) Ki leson pratik nou ka aprann nan Ezekyèl chapit 16 ak chapit 23?

16 Nan pwofesi byen long e ki frapan ki nan Ezekyèl chapit 16 la, Jewova anseye nou anpil bagay sou prensip li yo ki jis, sou jistis li gen lakay li ansanm ak gwo mizèrikòd li genyen an. Nou ka di menm bagay la tou konsènan sa nou jwenn nan Ezekyèl chapit 23 a. Jodi a, vrè kretyen yo pran mesaj byen klè Jewova bay la trèzoserye, yon mesaj li te bay konsènan pèp li a ki t ap fè pwostitisyon. Nou pa t ap janm vle pran chans fè Jewova fache, jan Jida ak Jerizalèm te fè sa! Kidonk, nou vle rejte tout kalite idolatri. Sa gen ladan l tanta ak kouri dèyè byen materyèl, yon seri bagay ki se idolatri (Mat. 6:24; Kol. 3:5). Nou vle kontinye gen rekonesans dèske Jewova, nan mizèrikòd li, retabli adorasyon ki pwòp la nan dènye jou yo e l pap janm kite moun sal adorasyon sa a ankò! Li fè “yon alyans [...] pou toutan” avèk Izrayèl espirityèl la, yon alyans ki pap janm kraze akoz enfidelite oswa pwostitisyon (Eze. 16:60). Kidonk, annou bay privilèj nou genyen pou n fè pati pèp Jewova a ki pwòp jodi a anpil valè.

17 Men, ki sa pawòl Jewova te di konsènan pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la aprann nou sou “gwo pwostitye” a? Ann gade pou n wè.

“Yo pap janm jwenn li ankò”

18, 19. Ki resanblans ki genyen ant pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la ak pwostitye yo pale de li nan liv Revelasyon an?

18 Jewova pa chanje (Jak 1:17). Santiman l genyen konsènan fo relijyon pa chanje pandan tout istwa gwo pwostitye a. Se sa k fè nou pa sezi lè n wè tout resanblans ki genyen ant fason l jije pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la ak sa k pral rive “gwo pwostitye” yo pale de li nan liv Revelasyon an.

19 Pa egzanp, n ap remake se pa Jewova dirèkteman ki te pini pwostitye yo pale de yo nan pwofesi Ezekyèl la, men, se menm nasyon pèp Bondye a te fè imoralite nan domèn espirityèl avèk yo a ki te pini yo. Se menm jan an tou, Bondye kondane fo relijyon an paske l fè imoralite ak “wa latè yo” nan domèn espirityèl. Kiyès k ap pini l? Nou aprann otorite ki nan gouvènman yo “pral rayi pwostitye a, y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni, y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife”. Poukisa gouvènman yo pral fè yon aksyon bridsoukou konsa? Se paske Bondye pral “mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l”. — Rev. 17:1-3, 15-17.

20. Ki sa k montre se dènye fwa Bondye ap jije Babilòn?

20 Kidonk, Jewova pral sèvi ak nasyon yo nan monn nan pou l egzekite jijman l sou tout fo relijyon, sa gen ladan l pil relijyon ki fè konnen yo se kretyen yo. Se pral dènye jijman an, pap gen okenn padon pou yo, pap gen okenn posiblite pou relijyon yo chanje fason y ap aji. Konsènan Babilòn, liv Revelasyon an fè konnen “yo pap janm jwenn li ankò”. (Rev. 18:21.) Zanj Bondye yo pral kontan poutèt li detwi, yo pral di: “Louwe Ja! Lafimen k ap sot nan dife k ap boule gwo pwostitye a ap monte pou tout tan gen tan.” (Rev. 19:3). Jijman sa a ap valab pou tout letènite. Bondye pap janm kite okenn fo relijyon vin fòme pou vin sal adorasyon ki pwòp la ankò. Nan yon sans senbolik, dife k ap boule Babilòn pandan jijman l ak destriksyon l lan pral bay yon gwo nyaj lafimen k ap kontinye monte pou toutan.

Nasyon Gwo Babilòn nan te gen lontan ap sedui e l ap enfliyanse yo pral vire kont li e yo pral detwi l. (Gade paragraf 19, 20)

21. Apre destriksyon fo relijyon, ki peryòd ki pral kòmanse e ki jan l pral fini?

21 Lè gouvènman ki nan monn sa a pral vire kont Gwo Babilòn nan, yo pral egzekite jijman Jewova a sou li, se pral yon gwo evènman nan reyalizasyon objektif Jewova. Se pral kòmansman gwo tribilasyon an, yon peryòd ki potko janm rive nan listwa kote bagay yo pral tèt anba (Mat. 24:21). Se Amagedon, sa vle di lagè Jewova pral fè kont sistèm mechan sa a, ki pral dènye faz gwo tribilasyon sa a (Rev. 16:14, 16). Jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre yo, liv Ezekyèl la gen anpil bagay pou l aprann nou sou fason gwo tribilasyon sa a pral fèt. Annatandan, ki leson pratik nou jwenn nan Ezekyèl chapit 16 la ak chapit 23 a nou ta renmen sonje e n ta renmen aplike?

Gouvènman yo ki nan monn nan pral vire kont Gwo Babilòn nan pou yo egzekite jijman Bondye a. (Gade paragraf 21)

22, 23. Lè n egzamine egzanp pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la ak nan liv Revelasyon an, ki efè sa ka gen sou sèvis sakre n ap bay la?

22 Satan renmen kòwonp moun k ap pratike vrè adorasyon an. Pa gen anyen ki t ap fè l plis plezi si l ta gen posiblite fè n vire do bay vrè adorasyon an epi fè n aji menm jan ak pwostitye yo pale de yo nan liv Ezekyèl la. Kidonk, nou dwe sonje Jewova pa tolere okenn moun ki pa fidèl avè l (Nonb 25:11). Nou dwe veye pou n rete lwen fo relijyon, pou n “pa manyen” okenn bagay Bondye di “ki sal”. (Eza. 52:11.) Se pou menm rezon sa yo tou nou pa mele nan konfli ak chirepit ki gen nan domèn politik nan monn sa a ki divize (Jan 15:19). Nou konsidere nasyonalis menm jan ak fo relijyon Satan ap fè pwopagann pou li, e nou pa mele ladan l.

23 Sa k pi enpòtan, nou dwe sonje se yon privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a ki pwòp. Toutpandan n ap montre nou apresye dispozisyon sa a ki se yon benediksyon, se pou nou pi detèmine pou n pa janm mele nan fo relijyon ak nan pwostitisyon l ap fè a!