Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

“O Gòg, mwen kont ou”

“O Gòg, mwen kont ou”

EZEKYÈL 38:3

IDE KLE: Esplikasyon sou kiyès “Gòg” ye ak sa “peyi” li anvayi a ye.

1, 2. Ki gwo gè ki pral fèt talè konsa, e ki kesyon nou genyen konsènan gè sa a? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

 DEPI plizyè milye ane, tè a tache ak san moun ki mouri nan lagè, san wete de gè mondyal ki te fèt nan 20yèm syèk la. Men, pi gwo gè a gen pou l fèt talè konsa. Sepandan, gè sa a se pa ant lèzòm li pral fèt kote nasyon yo pral goumen youn ak lòt pou rezon egoyis. Olye de sa, gè sa a se pral “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Rev. 16:14.) Se yon ènmi ki awogan ki pral lakòz gè sa a fèt lè l pral anvayi peyi Bondye renmen an. Lefètke l pral anvayi peyi sa a, sa pral fè Jewova, Seyè ki Souvren an, sèvi ak pouvwa li genyen pou l detwi a yon fason moun potko janm wè anvan sa.

2 Li nòmal pou nou poze kèk kesyon enpòtan tankou: Ki ènmi sa a? Ki peyi li pral anvayi a? Ki lè, poukisa e ki jan li pral anvayi peyi sa a? Piske evènman sa yo ki gen pou rive talè konsa konsène nou menm vrè adoratè Jewova yo k ap viv sou tè a, nou dwe konn repons kesyon sa yo. N ap jwenn repons yo nan yon bèl pwofesi ki nan Ezekyèl chapit 38 ak chapit 39.

Ènmi an se Gòg ki soti nan peyi Magòg

3. Esplike pwen enpòtan ki nan pwofesi Ezekyèl bay konsènan Gòg ki soti nan peyi Magòg la.

 3 Li Ezekyèl 38:1, 2, 16, 18; 39:4, 11. Men pwen enpòtan ki nan pwofesi a: “Nan dènye jou yo”, gen yon ènmi ki rele “Gòg nan peyi Magòg” ki pral anvayi “peyi” pèp Bondye a. Men, atak sovaj sa a pral lakòz Jewova “vin an kòlè anpil” e Jewova pral kanpe pou l kraze Gòg. * Jewova ap pot laviktwa, l ap fè Gòg ak tout moun ki avè l yo tounen “manje pou tout kalite zwazo ki konn chase e pou bèt sovaj ki nan savann”. Finalman, Jewova ap fè “yo antere” Gòg. Pou n rive konprann ki jan pwofesi sa a pral reyalize talè konsa, premye bagay nou bezwen fè se idantifye kiyès Gòg ye.

4. Ki sa n rive konprann konsènan Gòg ki soti nan peyi Magòg la?

4 Kounye a, kiyès Gòg, ki soti nan peyi Magòg la, ye? Selon sa Ezekyèl esplike, nou rive konprann Gòg se ènmi moun k ap adore Jewova yo. Èske Gòg se yon non pwofesi sa a bay Satan, li menm ki se pi gwo ènmi vrè adorasyon an? Se sa nou te konn di nan piblikasyon nou yo pandan plizyè dizèn ane. Men, lè nou pi byen egzamine pwofesi Ezekyèl la, sa fè n chanje fason nou te konprann pwen sa a. Nan Toudegad, yo fè konnen tit Gòg ki soti nan peyi Magòg la pa fè referans ak yon espri, men li fè referans ak yon ènmi ki sou tè a, anpalan de rasanbleman yon pakèt nasyon ki pral kanpe anfas vrè adorasyon an. * Anvan nou fè yon revizyon sou rezon ki fè nou di sa, ann egzamine de bagay nan pwofesi Ezekyèl la ki fè n konprann Gòg pa yon espri.

5, 6. Nan pwofesi Ezekyèl la, ki sa k fè n konprann Gòg ki soti nan peyi Magòg la pa yon espri?

5 “M ap fè w tounen manje pou tout kalite zwazo ki konn chase.” (Eze. 39:4). Nan Bib la, yo sèvi souvan ak imaj zwazo ki konn chase k ap devore kadav kòm yon avètisman konsènan jijman Bondye. Bondye te bay ni nasyon Izrayèl la ni lòt nasyon yo kalite avètisman sa yo (Det. 28:26; Jer. 7:33; Eze. 29:3, 5). N ap remake se pa espri Bondye te bay avètisman sa yo, men, se moun ki fèt ak chè e ak san li te bay yo. Dayè, ni zwazo ki konn chase ni bèt sovaj pa manje espri, se chè yo manje. Donk, avètisman sa a Bondye bay nou jwenn nan pwofesi Ezekyèl la ede n konprann Gòg pa yon espri.

6 “M ap fè yo antere Gòg yon kote ann Izrayèl.” (Eze. 39:11). Labib pa fè konnen yo konn antere espri sou tè a. Okontrè, li fè konnen yo pral lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an pou 1 000 an, epi apre sa y ap lage l nan letan dife a, ki reprezante destriksyon pou toutan (Lik 8:31; Rev. 20:1-3, 10). Piske yo pral “antere [Gòg] yon kote” sou tè a, nou rive konprann Gòg pa yon espri.

7, 8. Ki lè “wa nò a” ap peri, e ki jan sa k pral rive l la sanble ak sa k pral rive Gòg ki soti nan peyi Magòg la?

7 Etandone Gòg se ènmi ki pral deklannche dènye atak kont sèvitè Jewova yo, si l pa yon espri, nan ka sa a ki sa l ye? Ann egzamine de pwofesi nan Bib la k ap ede nou idantifye kiyès Gòg ki soti nan peyi Magòg la ye.

8 “Wa nò a.” (Li Dànyèl 11:40-45.) Dànyèl te fè konnen ki divès pisans politik ki t ap gen pou dirije monn nan depi nan epòk li a rive jis nan epòk nou an. Pwofesi a pale tou konsènan gouvènman ki t ap ènmi youn ak lòt, anpalan de “wa sid la” ak “wa nò a”, e pandan syèk yo ap pase se pa menm peyi yo ki t ap toujou gen idantite sa yo. Tank nasyon yo sou tè a t ap chèche gen plis pouvwa se tank idantite wa yo t ap chanje. Men sa Dànyèl te di konsènan dènye atak wa nò a ap fè “nan tan lafen an”: “L ap soti pou l elimine anpil moun e pou l detwi yo.” Se sèvitè Jewova yo wa nò a vize an premye. * Sepandan, menm jan ak Gòg ki soti nan peyi Magòg la, yonfwa wa nò a lanse atak li kont pèp Bondye a, l ap “peri”.

9. Ki jan sa k rive Gòg ki soti nan peyi Magòg la sanble ak sa k rive “wa ki sou tout tè a”?

9 “Wa ki sou tout tè a.” (Li Revelasyon 16:14, 16; 17:14; 19:19, 20.) Liv Revelasyon an te fè konnen “wa ki sou tout tè a” ap atake “Wa tout wa” yo, anpalan de Jezi ki nan syèl la. Men, kòm yo pap ka rive jwenn Jezi nan syèl la, yo pral atake moun ki sou tè a k ap soutni Wayòm li an. Lè sa a, wa yo sou tè a pral pèdi batay la nan Amagedon. N ap remake y ap peri kou yo atake pèp Jewova a. Se menm bagay la tou yo di pou Gòg ki soti nan peyi Magòg la. *

10. Ki sa nou ka di konsènan kiyès Gòg ki soti nan peyi Magòg la ye?

10 Selon sa nou sot egzamine la yo, ki sa nou ka di konsènan kiyès Gòg ye? Premyèman, nou konnen Gòg pa yon espri. Dezyèmman, Gòg fè referans ak nasyon ki sou tè a ki pral atake pèp Bondye a talè konsa. Pa gen dout, nasyon sa yo pral fè yon fason pou yo met tèt yo ansanm. Poukisa? Kòm pèp Bondye a gaye sou tout tè a, nasyon yo ap bezwen met ansanm pou yo atake l (Mat. 24:9). Menm lè se nasyon yo k ap atake, nou dwe konnen se Satan k ap dèyè atak sa a e se li k ap òganize l. Sa gen lontan depi l ap pouse nasyon yo nan monn nan pou yo opoze ak vrè adorasyon an (1 Jan 5:19; Rev. 12:17). Men, pwofesi Ezekyèl te bay konsènan Gòg ki soti nan peyi Magòg la plis konsantre sou wòl nasyon ki pral atake pèp Jewova a jwe. *

Ki sa “peyi a” reprezante?

11. Ki jan pwofesi Ezekyèl la pale de “peyi” Gòg pral anvayi a?

11 Jan nou te aprann sa nan  paragraf 3 a, Gòg ki soti nan peyi Magòg la pral fè Jewova vin an kòlè anpil lè l pral anvayi yon peyi ki gen anpil valè pou Jewova. Ki peyi sa a? Ann tounen nan pwofesi Ezekyèl la pou n jwenn repons lan. (Li Ezekyèl 38:8-12.) Li fè konnen Gòg pral “anvayi peyi [...] moun [ki te] chape” e ki “rasanble ki te soti nan divès nasyon”. N ap remake tou sa l di konsènan moun k ap soutni vrè adorasyon an ki abite nan peyi a: Y ap “viv an sekirite”, y ap viv nan ti bouk “ki pa gen ni miray, ni pòtay, ni travès pou pwoteje yo”, e y ap “anpile richès”. Peyi sa a se peyi kote adoratè Jewova yo sou tout tè a abite. Kòman nou ka idantifye peyi sa a?

12. Ki jan peyi Izrayèl tan lontan an te vin retabli?

12 Pou n rive fè sa, l ap bon pou nou egzamine sa k te pase lè Izrayèl tan lontan an te tounen nan peyi Bondye te chwazi pou yo a, kote yo te viv, yo te travay e yo te adore Bondye pandan plizyè syèk. Lè Izrayelit yo pa t fidèl ak Jewova, li te fè yo konnen pa mwayen Ezekyèl yo t ap detwi peyi yo a e peyi a t ap tankou yon dezè (Eze. 33:27-29). Men, Jewova te fè konnen tou gen yon rès moun ki repanti ki t ap tounen sot ann egzil nan Babilòn e ki t ap retabli vrè adorasyon an nan peyi a. Jewova t ap beni yo e peyi Izrayèl t ap transfòme, li t ap vin “tankou jaden Edenn”. (Eze. 36:34-36.) Sa te fèt nan ane 537 anvan epòk nou an lè Juif ki te ann egzil yo te tounen Jerizalèm pou yo retabli vrè adorasyon an nan peyi yo te renmen anpil la.

13, 14. a) Ki sa peyi espirityèl la ye? b) Sa k fè peyi sa a gen anpil valè pou Jewova?

13 Nan epòk nou an, moun k ap adore Bondye yo fè yon eksperyans ki sanble ak sa. Jan nou te aprann sa nan chapit 9 nan liv sa a, an 1919, pèp Bondye a te libere anba Gran Babilòn nan apre anpil ane yo te fè nan prizon. Nan menm ane sa a, Jewova te fè sèvitè l yo tounen nan yon peyi espirityèl. Peyi sa a se paradi espirityèl la, sa vle di yon anviwònman kote moun k ap adore Bondye yo an sekirite e yo rich nan domèn espirityèl. Nan peyi sa a, n ap viv an sekirite, e lespri nou ak kè nou poze (Pwo. 1:33). Nou jwenn anpil manje nan domèn espirityèl, e nou gen anpil bèl travay pou nou fè anrapò ak preche Wayòm Bondye a. Vrèmanvre, nou wè jan pwovèb ki vin annapre a se verite: “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich, e li pa bay okenn doulè avè l.” (Pwo. 10:22). Kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, toutotan nou kontinye soutni vrè adorasyon an nan pawòl nou ak nan aksyon nou, nou anndan peyi sa a, anpalan de paradi espirityèl la.

14 Peyi espirityèl sa a gen anpil valè pou Jewova. Sa k fè sa? Pou Jewova, moun ki abite nan peyi sa a se “bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo”, anpalan de moun li menm li te atire vin nan vrè adorasyon an (Aje 2:7; Jan 6:44). Yo fè tout sa yo kapab pou yo vin gen nouvo pèsonalite a lè yo chèche imite kalite Bondye yo ki wo nivo (Efe. 4:23, 24; 5:1, 2). Antanke moun k ap pratike vrè adorasyon an, yo chwazi bay tout yo menm nan sèvis y ap bay Bondye a, yo fè sa fason ki ba l glwa e ki demontre lanmou pou li (Wom. 12:1, 2; 1 Jan 5:3). Nou pa ka imajine jan Jewova kontan lè l wè sèvitè l yo k ap travay di pou yo fè peyi espirityèl la vin pi bèl! Imajine sa: Lè w bay vrè adorasyon an premye plas nan lavi w, nonsèlman ou fè paradi espirityèl la vin pi bèl, men tou, ou fè kè Jewova kontan! — Pwo. 27:11.

Kèlkeswa kote n ap viv, toutotan nou kontinye soutni vrè adorasyon an, nou anndan peyi espirityèl la. (Gade paragraf 13, 14)

Ki lè, poukisa e ki jan Gòg pral anvayi peyi a?

15, 16. Ki lè Gòg ki soti nan peyi Magòg la pral anvayi peyi espirityèl nou an ki retabli a?

15 Li enpòtan pou nou sonje talè konsa nasyon yo pral rasanble pou yo anvayi peyi espirityèl nou an. Etandone atak sa a ap konsène nou menm vrè adoratè Jewova yo, nou dwe konn plis bagay sou li. Kounye a, li nòmal pou n poze tèt nou twa kesyon.

16 Ki lè Gòg ki soti nan peyi Magòg la pral anvayi peyi espirityèl nou an Bondye retabli a? Nou jwenn repons lan nan pwofesi a, men sa l di: “Nan dènye jou yo, m ap fè w atake peyi m nan.” (Eze. 38:16). Sa fè n konprann atak la pral fèt nan yon epòk ki toupre fen sistèm sa a. Pa bliye, gwo tribilasyon an ap kòmanse lè yo detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Apre fo relijyon yo fin detwi e anvan Amagedon kòmanse, Gòg ap fè yon dènye gwo atak sou vrè sèvitè Bondye yo.

17, 18. Ki jan Jewova pral dirije bagay yo pandan gwo tribilasyon an?

17 Poukisa Gòg pral anvayi peyi Jewova retabli pou vrè adoratè l yo? Pwofesi Ezekyèl la ban nou de rezon: premyèman se Jewova k ap dirije bagay yo, e dezyèmman move entansyon Gòg genyen.

18 Se Jewova k ap dirije bagay yo. (Li Ezekyèl 38:4, 16.) Remake sa Jewova di Gòg: “M ap mete yon kwòk nan machwè w” e “m ap fè w atake peyi m nan”. Èske sa vle di Jewova pral fòse nasyon yo atake pwòp sèvitè l yo? Non! Li pa t ap janm lakòz malè rive pèp li a (Jòb 34:12). Men, Jewova konnen ènmi l yo pral rayi moun k ap adore l yo e li konnen yo pap ka reziste devan opòtinite yo pral jwenn pou yo eseye elimine yo nèt (1 Jan 3:13). Se kòmsi Jewova pral mete yon kwòk nan machwè Gòg pou l dirije l, Li pral dirije bagay yo yon fason pou evènman yo pase jan L vle a e nan moman L vle a. Apre destriksyon Gran Babilòn nan, yon fason oswa yon lòt, Jewova ka fè nasyon yo fè sa yo te deja anvi fè a, sa vle di atake pèp Li a. Konsa, Jewova pral prepare teren an pou atak ki pral mennen nan Amagedon an, pi gwo gè ki pral fèt sou tè a. Apre sa, li pral delivre pèp li a, li pral fè rekonèt dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an e l pral fè non l vin sen. — Eze. 38:23.

Nasyon yo pral eseye fè n sispann bay Jewova vrè adorasyon an paske yo rayi adorasyon sa a ak tout moun k ap soutni l.

19. Ki sa k ap pouse Gòg eseye kanpe vrè adorasyon an?

19 Move entansyon Gòg genyen. Nasyon yo pral “planifye yon move kou”. Sa fè lontan yo fache kont sèvitè Jewova yo e yo rayi yo. Kounye a, yo pral aji pou montre sa nan moman kote sèvitè Bondye yo ap parèt san defans, kòmsi “y ap viv nan ti bouk ki pa gen ni miray, ni pòtay, ni travès pou pwoteje yo”. Nasyon yo pral chofe tou pou yo “piye yo, pou [yo] pran anpil bagay” nan men sila yo “k ap anpile richès”. (Eze. 38:10-12.) Ki “richès” konsa? Pèp Jewova a gen anpil richès nan domèn espirityèl e sa nou genyen ki gen plis valè a se vrè adorasyon nou bay Jewova a, adorasyon se sèl li menm nou bay li a. Nasyon yo pral eseye fè n sispann bay Jewova vrè adorasyon an paske yo rayi adorasyon sa a ak tout moun k ap soutni l.

Gòg pral “planifye yon move kou” pou l eseye elimine vrè adorasyon an, men l ap echwe. (Gade paragraf 19)

20. Ki jan Gòg pral anvayi peyi espirityèl la oswa paradi espirityèl la?

20 Ki jan Gòg pral anvayi peyi a oswa paradi espirityèl la? Petèt nasyon yo pral eseye anpeche nou viv lavi nou nòmalman e yo pral eseye fè n sispann adore Bondye. Pou yo rive fè sa, petèt yo pral eseye anpeche n jwenn manje espirityèl, yo ka anpeche nou reyini, eseye met divizyon nan mitan nou epi fè n sispann preche mesaj Bondye a. Tout bagay sa yo fè pati paradi espirityèl nou an. Satan pral pouse nasyon yo pou yo eseye elimine vrè adoratè Jewova yo sou tè a, e konsa, yo t ap tou elimine vrè adorasyon an.

21. Sa k fè w gen Jewova rekonesans dèske l fè nou konnen sa k pral rive talè konsa?

21 Atak Gòg ki sot nan peyi Magòg pral fè a ap gen efè sou tout vrè adoratè Jewova yo ki nan peyi espirityèl li mete yo a. Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova fè n konnen sa k ap tann nou pi devan! Pandan n ap tann gwo tribilasyon an, se pou nou detèmine pou n soutni vrè adorasyon an lè n ba l premye plas nan lavi nou. Lè n fè sa, nou kolabore pou fè peyi Bondye retabli a vin pi bèl depi kounye a. Epitou, nou mete nou nan pozisyon pou n viv yon bagay vrèman estrawòdinè ki pral rive talè konsa: Fason Jewova pral defann pèp li a ak non l ki sen lè Amagedon. Chapit ki vin apre a pral esplike sa.

^ § 3 Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale sou fason Jewova pral an kòlè kont Gòg ki soti nan peyi Magòg la, ki lè sa ap fèt e ki sa sa pral vle di pou moun k ap bay Jewova vrè adorasyon an.

^ § 4 Gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad 15 me 2015, p. 29-30.

^ § 8 Dànyèl 11:45 montre wa nò a pral vize pèp Bondye a, paske vèsè a di wa sa a “ap monte tant li yo ki tankou tant wa ant gwo lanmè a [lanmè Mediterane] ak bèl mòn sakre a [kote tanp Bondye a te ye lontan an e kote pèp Bondye a ap adore kounye a].”

^ § 9 Bib la pale tou konsènan yon atak “Asiri” nan epòk nou an pral fè pou l eseye elimine pèp Bondye a (Miche 5:5). Toule kat atak Bib la fè konnen k ap fèt sou pèp Bondye a, anpalan de atak Gòg ki soti nan peyi Magòg la, atak wa nò a, atak wa ki sou tè yo ak atak Asiri a, ka fè referans ak yon sèl atak ki gen diferan non.

^ § 10 Gade chapit 22 nan liv sa a pou n wè sa yo di konsènan idantite “Gòg ak Magòg” ki nan Revelasyon 20:7-9.