Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 18A

Jewova bay avètisman konsènan gwo batay ki gen pou fèt la

Jewova bay avètisman konsènan gwo batay ki gen pou fèt la

Bib la chaje ak pwofesi ki avèti nou konsènan yon dènye batay ki gen pou fèt kote Jewova pral elimine tout moun ki opoze avè l e ak pèp li a. N ap jwenn kèk nan pwofesi sa yo pi ba a. Gade resanblans ki genyen ant avètisman sa yo, epi gade pou w wè jan Jewova asire l tout moun nèt gen posiblite pou yo tande yo e pou yo aji.

NAN EPÒK IZRAYÈL TAN LONTAN AN

EZEKYÈL: “‘Pandan Gòg sou mòn mwen yo, m ap atake l ak epe.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.” — Eze. 38:18-23.

JEREMI: “Se [Jewova] menm [...] k ap pwononse jijman sa a kont tout moun. Li gen pou l touye mechan yo ak kout epe.” — Jer. 25:31-33.

DÀNYÈL: “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm [...] [k ap] kraze tout wayòm sa yo, [k ap] elimine yo.” — Dàn. 2:44.

PREMYE SYÈK EPÒK NOU AN

JEZI: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste.” — Mat. 24:21, 22.

PÒL: “Jezi [...] avèk zanj pisan li yo [...] ap vin fè vanjans sou moun ki pa konnen Bondye yo.” — 2 Tes. 1:6-9.

PYÈ: “Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè. [...] E tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè.” — 2 Pyè 3:10.

JAN: “[Jezi] gen yon epe long byen file ki sot nan bouch li pou l ka frape nasyon yo.” — Rev. 19:11-18.

NAN EPÒK NOU AN

Bib la se liv yo plis tradui e yo plis distribye nan tout listwa lèzòm.

SÈVITÈ JEWOVA YO NAN EPÒK NOU AN...

  • Distribye plizyè milya piblikasyon ki baze sou Bib la nan plizyè santèn lang.

  • Pase plizyè santèn milyon èdtan chak ane ap preche.