Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 7B

Kèk ekspresyon kle nan liv Ezekyèl la

Kèk ekspresyon kle nan liv Ezekyèl la

“Pitit lòm”

PLIS PASE 90 FWA

Yo pale de Ezekyèl kòm “pitit lòm” plis pase 90 fwa (Eze. 2:1). Konsa, Jewova te fè l sonje menmsi li te gen gwo privilèj, se yon senp moun li ye. Yon bagay ki enpòtan sèke nan Evanjil yo, yo pale de Jezi kòm “pitit lòm” plis pase 80 fwa, sa ki montre li te san pousan moun e se pa t yon zanj ki te pran fòm kò moun. — Mat. 8:20.

“[...] ap konnen mwen se Jewova”

PLIS PASE 50 FWA

Ezekyèl te sèvi ak ekspresyon “ap konnen mwen se Jewova” a plis pase 50 fwa. Se Jewova ki te di pawòl sa a pou montre se li menm sèl ki merite vrè adorasyon an. — Eze. 6:7.

“Jewova, Seyè ki Souvren an”

217 FWA

Ekspresyon “Jewova, Seyè ki Souvren an” parèt 217 fwa, sa bay non Bondye plas li merite a e sa montre tout kreyasyon an depann de Jewova. — Eze. 2:4.