Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 16A

Èske Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo?

Èske Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo?

Anvan sa, piblikasyon nou yo te fè konnen Jerizalèm ki aposta a fè referans ak relijyon ki di yo se kretyen yo. Se sèten, jan bagay yo te ye nan Jerizalèm ki pa t fidèl la, sa gen ladan l idolatri ak koripsyon ki te gaye toupatou, fè n sonje sa k ap pase nan relijyon ki di yo se kretyen yo. Sepandan, nan ane ki sot pase yo, piblikasyon nou yo, san n pa bliye liv sa a w ap li kounye a, pa itilize metòd lonbray ak reyalite a ankò lè y ap esplike pwofesi yo akondisyon Bib la bay bonjan rezon pou yo fè sa. Èske Bib la bay bonjan rezon pou n di Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo? Non.

Ann egzamine rezon ki vin annapre yo: Yon lè, se Jerizalèm ki te vil kote yo pratike vrè adorasyon an, men annapre, moun ki t ap viv nan vil la te vin aposta. Sepandan, relijyon ki di yo se kretyen yo pa t janm pratike vrè adorasyon an. Depi lè l te pran nesans nan katriyèm syèk epòk nou an, li te toujou ap anseye fo doktrin.

Mete sou sa, apre Babilòn te fin detwi Jerizalèm, Jewova te fè vil la favè ankò e vil la te tounen prensipal kote yo pratike vrè adorasyon an. Yon lòt bò, relijyon ki di yo se kretyen yo pa t janm gen favè Bondye, e yonfwa yo fin detwi l pandan gwo tribilasyon an, li pap janm egziste ankò.

Ann amoni ak sa n sot wè la a, ki sa n ka di? Lè n ap egzamine pwofesi Bib la bay ki te akonpli sou Jerizalèm ki pa t fidèl la, nou ka di se menm bagay la k ap fèt jodi a nan relijyon ki di yo se kretyen yo. Men, sanble Bib la pa bay okenn rezon pou n di Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo.