Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 2B

Ezekyèl — Lavi l ak epòk li t ap viv la

Ezekyèl — Lavi l ak epòk li t ap viv la

Non Ezekyèl la vle di “Bondye bay fòs”. Se vre pwofesi l bay yo gen anpil avètisman, men an jeneral, mesaj yo gen ladan yo mache ak sans non l genyen e yo fè lafwa moun ki vle bay Bondye yon adorasyon ki pwòp yo vin pi djanm.

PWOFÈT NAN MENM EPÒK AVÈ L

  • JEREMI,

    ki te soti nan yon fanmi prèt, te plis sèvi Jerizalèm (647-580 anv. e. n.).

  • OULDA

    te sèvi kòm pwofèt nan epòk yo te jwenn liv Lalwa a nan tanp lan ozanviwon ane 642 anv. e. n.

  • DÀNYÈL,

    ki te fè pati fanmi wa yo ki soti nan tribi Jida a, t al Babilòn kòm prizonye nan ane 617 anv. e. n.

  • ABAKOUK

    sanble te sèvi kòm pwofèt nan Jida lè Jewoyakim te kòmanse dirije antanke wa.

  • OBADYA

    te bay pwofesi kont Edòm, petèt nan epòk destriksyon Jerizalèm nan.

KI LÈ YO TE BAY PWOFESI YO? (TOUT DAT YO SE ANV. E. N.)

EVÈNMAN ENPÒTAN KI TE PASE PANDAN EZEKYÈL TE VIVAN (TOUT DAT YO SE ANV. E. N.)

  1. ozv. 643: Li te fèt.

  2. 617: Yo mennen l kòm prizonye Babilòn.

  3. 613: Li kòmanse bay pwofesi, li fè vizyon Jewova.

  4. 612: Li fè vizyon apostazi k ap fèt nan tanp lan.

  5. 611: Li kòmanse di sa Jerizalèm ap fè ki mal.

  6. 609: Madanm li mouri, yo kòmanse ansèkle Jerizalèm yon dènye fwa.

  7. 607: Li jwenn asirans Jerizalèm detwi.

  8. 593: Li fè vizyon tanp lan.

  9. 591: Li fè konnen Nebikadneza ap anvayi Ejip, li fin ekri liv li a.

WA JIDA YO AK WA BABILÒN YO

  1. 659-629: Jozyas ankouraje vrè adorasyon an men l mouri nan batay kont Farawon Neko.

  2. 628: Jewoyakaz mal dirije peyi a pandan twa mwa, apre sa, Farawon Neko pran l kòm prizonye.

  3. 628-618: Jewoyakim se yon move wa e Farawon Neko fè l vin sèvitè l.

  4. 625: Nebikadneza bat lame Ejip la.

  5. 620: Nebikadneza anvayi Jida pou premye fwa e l fè Jewoyakim vin tounen sèvitè l nan Jerizalèm.

  6. 618: Jewoyakim fè rebèl kont Nebikadneza men sanble li mouri lè Babilòn t ap anvayi Peyi Bondye te pwomèt la yon dezyèm fwa.

  7. 617: Jewoyakin, moun konnen l tou kòm Jekónyas, se yon move wa ki dirije pandan twa mwa epi ki rann tèt li bay Nebikadneza.

  8. 617-607: Nebikadneza fè Sedesyas, yon wa ki mechan e ki lach, vin sèvitè l.

  9. 609: Sedesyas fè rebèl kont Nebikadneza, ki vin anvayi Jida pou yon twazyèm fwa.

  10. 607: Nebikadneza detwi Jerizalèm, li pran Sedesyas, li pete je l epi li mennen l Babilòn.