Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 21A

“N ap met yon pòsyon tè apa”

“N ap met yon pòsyon tè apa”

EZEKYÈL 48:8

Ann suiv Ezekyèl pandan l ap byen gade pòsyon tè Jewova mete apa a. Pòsyon tè a gen senk pati. Ki pati sa yo? E ki wòl yo chak?

A. “Pòsyon tè”

Li te la pou administrasyon an sèvi avè l e yo rele l tou “moso tè pou administrasyon an”.

EZE. 48:8

B. “Tout pòsyon tè [ki] apa a”

Yo mete l apa pou prèt yo, Levit yo ak vil la. Epitou, moun soti nan tout 12 tribi yo vin sou pòsyon tè sa a pou adore Jewova e pou soutni administrasyon an.

EZE. 48:20

C. “Pòsyon tè ki pou chèf la”

“Tè sa a se ap byen pa l ann Izrayèl.” “L ap pou chèf la.”

EZE. 45:7, 8; 48:21, 22

D. “Pòsyon tè sa a [...] sakre”

Pati ki anwo a se “pou Levit yo”. Se yon “bagay ki apa”. Moso tè ki nan mitan an se yon moso tè ki “sakre e [se] pou prèt yo”. “Se la y ap gen kay yo e se la tanp lan ap ye.”

EZE. 45:1-5; 48:9-14

E. “Moso tè ki rete” a

“Pòsyon tè sa a ap pou pèp Izrayèl la”, se pou vil la l ap ye, li “pap sakre. Y ap bati kay sou li e l ap sèvi kòm patiraj”.

EZE. 45:6; 48:15-19