Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 16B

Plenn ak jemi, mete mak, kraze brize — Ki lè e ki jan?

Plenn ak jemi, mete mak, kraze brize — Ki lè e ki jan?

Vizyon ki nan Ezekyèl chapit 9 la gen yon akonplisman nan epòk nou an. Fason nou konprann jan evènman yo pral dewoule pi devan ka ede n fè fas ak fen sistèm sa a avèk konfyans.

‘Plenn ak jemi’

KI LÈ? Pandan dènye jou yo, anvan gwo tribilasyon an.

KI JAN? Moun ki sensè yo montre yo rayi mechanste k ap fèt nan monn nan, ni nan pawòl yo ni nan aksyon yo. Moun sa yo byen reyaji devan travay predikasyon an, yo abiye yo ak pèsonalite Kris la, yo batize kòm senbòl ki montre yo vwe lavi yo bay Jewova, e yo soutni frè Kris yo fidèlman.

‘Mete mak’

KI LÈ? Pandan gwo tribilasyon an.

KI JAN? Mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan, yon lank sekretè yo konn genyen, reprezante Jezi Kris lè l vini antanke Jij tout nasyon yo. Moun ki fè pati gwo foul la ap resevwa yon jijman ki favorab, sa vle di y ap resevwa yon mak ki montre yo se mouton e y ap chape nan Amagedon.

“Kraze brize”

KI LÈ? Nan Amagedon.

KI JAN? Jezi Kris ak lame l yo ki nan syèl la, sa gen ladan l zanj yo ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo, pral detwi monn mechan sa a nèt e yo pral delivre moun k ap adore Bondye fidèlman yo pou fè yo antre nan yon monn nouvo ki jis.