Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 9D

Pwofesi konsènan pèp Bondye a ki t ap prizonye e ki t ap libere

Pwofesi konsènan pèp Bondye a ki t ap prizonye e ki t ap libere

Gen anpil nan pwofesi konsènan Juif ki te prizonye nan Babilòn tan lontan an ki te gen yon pi gwo akonplisman. Akonplisman sa a te fèt byen lontan annapre, lè kongregasyon kretyen an te prizonye nan Gran Babilòn nan. Ann wè kèk egzanp.

1. AVÈTISMAN

2. PRIZONYE

3. LIBERASYON

PREMYE AKONPLISMAN

Anvan 607 anv. e. n.: Ezayi, Jeremi ak Ezekyèl te avèti pèp Jewova a, men, apostazi te fèk kare gaye.

607 anv. e. n.: Yo detwi Jerizalèm, yo mennen pèp Bondye a kòm prizonye Babilòn.

Apati ane 537 anv. e. n.: Yon gwoup Juif fidèl te tounen Jerizalèm, yo te rebati tanp lan e yo te rekòmanse adore Jewova fason ki pwòp la.

PI GWO AKONPLISMAN

Premye syèk e. n.: Jezi, Pòl ak Jan te avèti kongregasyon an, men, apostazi te fèk kare gaye.

Apati dezyèm syèk e. n.: Yo mennen vrè kretyen yo prizonye nan Gran Babilòn nan.

Apati ane 1919 e. n.: Pandan Jezi vin wa a, moun fidèl ki pral nan syèl yo te soti ann egzil nan domèn espirityèl e yo te rekòmanse adore Jewova fason ki pwòp la.