Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 19A

Rivyè ki bay benediksyon Jewova ban nou

Rivyè ki bay benediksyon Jewova ban nou

Ann egzamine plizyè vèsè nan Bib la ki sèvi ak mo “rivyè” a ansanm ak mo “dlo” a pou yo pale konsènan benediksyon Jewova bay. Lè n pran tout vèsè sa yo ansanm, yo bay yon mesaj ki vrèman ankourajan anrapò ak mwayen Jewova sèvi pou l beni nou. Ki fason?

JOWÈL 3:18. Pwofesi sa a pale de yon sous ki soti nan tanp lan. Li koule pou l wouze “vale pye akasya yo”. Donk, ni Jowèl ni Ezekyèl te wè yon rivyè ki fè kote ki pa t pwodui anyen kòmanse pwodui. Nan toude ka yo, rivyè a soti nan kay Jewova a, anpalan de tanp lan.

ZAKARI 14:8. Pwofèt Zakari te wè “dlo ki ka bay lavi” k ap koule sot nan vil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a koule al nan lanmè ki nan lès la, anpalan de Lanmè Mòt, e lòt mwatye a al nan lanmè ki nan lwès la, anpalan de Lanmè Mediterane a. Jerizalèm se te “vil gran Wa a”, anpalan de Jewova (Mat. 5:35). Lefètke Zakari pale de vil sa a, sa fè nou panse Jewova gen pou l dirije tout tè a pi devan. Sa fè lontan depi nou konprann dlo ki nan pwofesi sa a lese konprann Jewova pral beni de gwoup moun fidèl nan Paradi a, moun ki pase gwo tribilasyon an vivan yo ak moun ki pral resisite annapre yo.

REVELASYON 22:1, 2. Apot Jan te wè yon rivyè ki sanble anpil ak rivyè Ezekyèl te wè a. Men, rivyè Jan te wè a pa t soti nan tanp lan, li te soti nan twòn Jewova a. Donk, menm jan ak vizyon Zakari a, sanble vizyon sa a mete aksan sou benediksyon Bondye pral bay pandan Rèy mil an an.

Natirèlman, se yon ti diferans toupiti ki genyen ant benediksyon Jewova pral bay lè l pral dirije a ak benediksyon rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an reprezante yo. Tout benediksyon yo se Jewova ki bay yo e tout moun ki fidèl ap benefisye yo.

SÒM 46:4. N ap remake ki jan vèsè sa a sanble ranmase toude ide yo anpalan de adorasyon n ap bay Bondye a ak dominasyon Bondye. Nan vèsè sa a, nou wè yon rivyè k ap pote kè kontan nan “vil Bondye a”, sa ki fè nou panse ak Wayòm Bondye a, e nou wè “tabènak sakre ki gen glwa ki pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, sa ki fè nou panse ak vrè adorasyon an.

Tout vèsè sa yo ban nou garanti Jewova pral beni moun ki fidèl yo de fason. Premyèman, n ap jwenn byenfè pou toutan lefètke li pral dirije e dezyèmman, n ap jwenn byenfè pou toutan nan dispozisyon li pran pou vrè adorasyon an. Kidonk, ann pran detèminasyon depi kounye a pou n chèche “dlo lavi a”, sa vle di tout dispozisyon Jewova ak Pitit Gason l lan pran pou nou gen lavi pou toutan an, yon seri dispozisyon ki montre jan yo renmen nou. — Jer. 2:13; Jan 4:10.