Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 14A

Sa nou aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan

Sa nou aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan

Jewova mete vrè adorasyon an nan yon nivo ki wo e li pwoteje l

Nan vizyon Ezekyèl te fè a, li te wè tanp lan sou “yon mòn ki byen wo” (1). Èske nou mete vrè adorasyon an nan yon nivo ki wo? Èske nou ba l premye plas nan lavi nou?

Miray la (2), ki antoure tanp lan ki nan mitan yon gwo espas (3), fè nou sonje nou pa dwe janm kite anyen sal adorasyon n ap bay Jewova a. Si bagay ki “pa sen”, sa vle di bagay ki gen rapò ak aktivite moun yo t ap mennen chak jou, te dwe rete lwen tanp lan, alewè pou konduit ki sal oswa ki imoral. Yon moun k ap adore Jewova jodi a pa ta dwe gen konduit sa yo! — Eze. 42:20.

Benediksyon pou toutan

Gen yon kouran dlo ki soti nan tanp lan, li vin gwo jis li tounen yon gwo rivyè ki fè gen lavi nan peyi a e ki fè l pwodui anpil (4). N ap pale de benediksyon sa yo nan chapit 19 nan liv sa a.

Menm prensip yo pou tout moun

Pòtay pa deyò yo ki wo (5) ak pòtay pa anndan yo ki wo (9) fè nou sonje Jewova bay prensip wo nivo anrapò ak konduit pou tout moun ki fè pati vrè adorasyon an. N ap remake ni pòtay ki pa deyò yo ni pòtay ki pa anndan yo gen egzakteman menm mezi. Sa byen tonbe, paske Jewova atann pou tout sèvitè l yo suiv menm prensip yo, kèlkeswa privilèj oswa responsablite yo genyen.

Y ap manje sou tab Jewova a

Salamanje yo (8) fè nou sonje nan tan lontan, pèp la te ka manje nan kèk sakrifis yo te pote nan tanp lan, anfèt se kòmsi yo te manje ak Jewova. Sa diferan nan tanp espirityèl kote kretyen yo ap adore Bondye jodi a, paske se “yon sèl sakrifis” ki te fèt (Ebre 10:12). Malgre sa, nou bay Bondye louwanj kòm sakrifis. — Ebre 13:15.

Yon garanti Bondye bay

Ou ka twouve detay sou mezi tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an twòp pou ou. Men, yo aprann nou yon bagay ki enpòtan: Yo bay garanti objektif Jewova genyen pou l retabli vrè adorasyon an se yon bagay ki sèten e ki pap chanje, menm jan mezi tanp lan te egzak e yo pa t chanje yo. Byenke Ezekyèl pa t di l te wè moun nan vizyon an, li te pale konsènan konsèy fèm Jewova te bay prèt yo, chèf yo ak pèp la. Se tout sèvitè Bondye yo ki dwe suiv prensip li yo ki jis.