Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 20A

Separasyon peyi a

Separasyon peyi a

Detay byen presi Bondye te bay konsènan fwontyè peyi a te bay moun ki te ann egzil yo asirans peyi yo renmen anpil la t ap retabli san mank. Jodi a, ki leson nou ka aprann nan vizyon sa a? Ann egzamine de pati nan vizyon an:

Yon plas ki sèten ak yon travay ki itil

Chak moun pami moun ki te sot ann egzil yo t ap gen yon moso tè kòm eritaj nan Peyi Bondye te pwomèt la. Menm jan an tou jodi a, chak sèvitè Jewova gen yon plas nan paradi espirityèl la. Kèlkeswa sa nou ka fè nan òganizasyon an, menmsi se yon bagay ki toupiti, nou gen yon plas ak yon travay ki itil nan paradi espirityèl la. Tout sèvitè Jewova yo gen menm valè nan je l.

Separasyon egalego

Nan vizyon Ezekyèl la, chak tèritwa nan Peyi Bondye te pwomèt la te bay moun ki ladan l yo posiblite pou yo jwenn tout bon bagay tè a te ka pwodui. Menm jan an tou, jodi a, Jewova bay tout sèvitè l yo menm posiblite pou yo jwenn benediksyon nan paradi espirityèl la.