Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 19B

Yon ti kouran dlo vin tounen yon rivyè!

Yon ti kouran dlo vin tounen yon rivyè!

Ezekyèl te suiv yon ti kouran dlo ki soti nan tanp lan e Jewova te fè l vin tounen yon gwo rivyè ki te mezire plis pase de kilomèt! Sou bò rivyè a, li wè yon seri pyebwa ki bay manje e ki sèvi kòm remèd. Ki sa bagay sa yo vle di?

Rivyè a bay benediksyon

NAN TAN LONTAN: Yonfwa moun ki te ann egzil yo te tounen nan peyi yo, yo te jwenn anpil benediksyon pandan yo t ap travay pou retabli vrè adorasyon an nan tanp lan.

NAN EPÒK NOU AN: An 1919, Bondye te retabli vrè adorasyon an, sa ki te bay posiblite pou sèvitè l ki fidèl yo jwenn yon seri benediksyon yo potko janm jwenn anvan sa.

PI DEVAN: Apre Amagedon, Jewova pral bay benediksyon ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl.

Dlo ki bay lavi a

NAN TAN LONTAN: Jewova vide anpil benediksyon sou pèp li a ki obeyisan, menm lè yo kontinye vin plis, li ba yo anpil bagay nan domèn espirityèl.

NAN EPÒK NOU AN: Nan paradi espirityèl ki pa sispann grandi a, gen plis moun toujou k ap benefisye benediksyon espirityèl Jewova ap bay yo e sa ap fè yo vin vivan nan domèn espirityèl.

PI DEVAN: Plizyè milyon moun ki pral resisite yo ap vin met ansanm ak moun ki te chape nan Amagedon yo e Jewova pral beni yo tout anpil.

Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd

NAN TAN LONTAN: Nan yon sans espirityèl, Jewova te bay moun ki te fidèl pami pèp li a manje lè yo te tounen nan peyi yo ki te retabli a, li te geri yo tou nan sans li te ede yo sispann fè idolatri oswa tout lòt bagay ki gen rapò ak fo adorasyon.

NAN EPÒK NOU AN: Pakèt manje nan domèn espirityèl nou genyen jodi a ede pèp li a ret fidèl avè l, li ede yo evite fè peche ki grav epi rejte move etadespri moun nan monn nan genyen.

PI DEVAN: Kris ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo pral ede moun ki obeyisan yo vin pafè, y ap vin gen sante ak fòs pou toutan!