Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 12A

Yo fè de bout bwa yo fè youn

Yo fè de bout bwa yo fè youn

Jewova mande Ezekyèl pou l ekri “pou Jida” sou yon bout bwa e pou l ekri “pou Jozèf, bout bwa Efrayim nan” sou yon lòt.

“pou Jida”

NAN TAN LONTAN

Wayòm de tribi Jida yo

NAN EPÒK NOU AN

Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo

“pou Jozèf, bout bwa Efrayim nan”

NAN TAN LONTAN

Wayòm dis tribi Izrayèl yo

NAN EPÒK NOU AN

Lòt mouton yo

“yo fè yon sèl” nan men w

NAN TAN LONTAN

537 anv. e. n. Vrè adoratè yo tounen sot nan nasyon yo, yo rebati Jerizalèm e yo adore Bondye antanke yon sèl nasyon.

NAN EPÒK NOU AN

Depi 1919, tikras pa tikras, Bondye ap òganize pèp li a e l fè yo fè youn pou yo sèvi l antanke “yon sèl twoupo”.