Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 1B

Yon apèsi sou liv Ezekyèl la

Yon apèsi sou liv Ezekyèl la

Yon fason jeneral, nou ta ka divize liv Ezekyèl la konsa:

CHAPIT 1 RIVE NAN CHAPIT 3

Nan ane 613 anvan epòk nou an, pandan Ezekyèl t ap viv pami Juif ki te ann egzil nan Babilòn yo, li te fè plizyè vizyon konsènan Jewova e li te jwenn misyon pou l al fè Juif ki t ap viv bò Rivyè Keba a konnen yon seri pwofesi.

CHAPIT 4 RIVE NAN CHAPIT 24

Soti ane 613 rive ane 609 anvan epòk nou an, Ezekyèl te bay pwofesi ki te plis gen rapò ak jijman kont Jerizalèm e ak pèp ki t ap viv ladan l lan, yon pèp ki te rebèl e ki t ap adore zidòl.

CHAPIT 25 RIVE NAN CHAPIT 32

Apati ane 609 anvan epòk nou an, ane Babilòn te anvayi Jerizalèm pou dènye fwa a, Ezekyèl pa t bay mesaj jijman yo kont Jerizalèm ankò. Li te bay mesaj yo kont nasyon ki te ozalantou yo ki te ènmi Jerizalèm, anpalan de Amon, Edòm, Ejip, Filisti, Mowab, Sidon ak Ti.

CHAPIT 33 RIVE NAN CHAPIT 48

Apati ane 606 anvan epòk nou an, apre yo te fin detwi Jerizalèm ak tanp li an, Ezekyèl t ap bay yon mesaj espwa, li t ap fè konnen Jewova Dye t ap retabli vrè adorasyon an.

Konsa, yo ranje liv Ezekyèl la nonsèlman nan lòd evènman yo te fèt, men tou, yo ranje l selon sijè yo. Pwofesi konsènan destriksyon Jerizalèm ak tanp li an parèt anvan pifò pwofesi konsènan vrè adorasyon an Jewova retabli a. Sa fè sans, paske pwofesi konsènan vrè adorasyon an Bondye retabli a ede nou konprann moun te sispann adore Bondye nan tanp lan.

Anplis de sa, nou jwenn pwofesi Ezekyèl te bay kont nasyon ozalantou ki ènmi Jerizalèm yo (chapit 25 rive nan chapit 32) ant mesaj jijman li te bay kont Jerizalèm yo ak pwofesi li te bay konsènan vrè adorasyon an ki retabli a. Men ki kòmantè yon biblis fè sou mesaj jijman Ezekyèl te bay kont nasyon yo: “Yo se yon bon fason pou soti nan deklarasyon kòlè Bondye fè yo pou pase nan deklarasyon mizèrikòd li fè pèp li a, paske pinisyon ènmi yo resevwa a se deja yon pati nan delivrans pèp li a.”

Gade chapit 1, paragraf 18