Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 10B

Ki rapò ki genyen ant “zo ki fin seche nèt” yo ak “de temwen” yo?

Ki rapò ki genyen ant “zo ki fin seche nèt” yo ak “de temwen” yo?

NAN ane 1919, gen de pwofesi ki gen rapò youn ak lòt ki te reyalize: premye a konsène “zo ki fin seche nèt” yo e lòt la konsène “de temwen” yo. Vizyon konsènan “zo ki fin seche nèt” yo te fè konnen t ap gen yon peryòd ki byen long (anfèt peryòd sa a te dire plizyè syèk) ki t ap fini lè yon gwo kantite moun nan pèp Bondye a t ap vin vivan ankò (Eze. 37:2-4; Rev. 11:1-3, 7-13). Pwofesi konsènan “de temwen” yo te fè konnen t ap gen yon peryòd tou kout (peryòd sa a te kòmanse nan fen ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919) ki t ap fini lè yon ti gwoup moun pami sèvitè Bondye yo t ap vin vivan ankò. Toule de pwofesi sa yo pale de yon rezirèksyon senbolik, e toule de te akonpli nan epòk nou an nan ane 1919. Sa te rive lè Jewova te fè sèvitè li chwazi pou al nan syèl yo “kanpe sou de pye yo”, lè l te fè yo soti nan Gran Babilòn nan e lè l te rasanble yo nan kongregasyon li te retabli a. — Eze. 37:10.

Men, n ap remake gen yon gwo diferans nan fason de pwofesi sa yo te reyalize. Pwofesi konsènan “zo ki fin seche nèt” yo te fè konnen se tout moun ki fè pati rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap vin vivan. Sepandan, pwofesi konsènan “de temwen” yo fè konnen se kèk moun ki fè pati rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap vin vivan, anpalan de moun ki t ap pran latèt nan òganizasyon an e yo t ap nome kòm “esklav fidèl ki prevwayan an”. — Mat. 24:45; Rev. 11:6. *

“Vale a te chaje ak zosman.”— Eze. 37:1.

  1. APRE ANE 100 E. N.

    Apati dezyèm syèk epòk nou an, lè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te mouri nan sans senbolik, “vale a” te vin chaje ak “zosman”.

  2. KÒMANSMAN 1919

    1919: “Zo ki fin seche nèt yo” te vin vivan lè Jewova te pèmèt kretyen li chwazi yo kite Gran Babilòn nan pou yo vin rasanble nan kongregasyon li retabli a.

“De temwen.”— Rev. 11:3.

  1. FEN 1914

    y ap preche ak “twal sak”

    1914: “De temwen” yo te preche “ak twal sak” sou yo pandan twazan edmi. Nan fen epòk sa a, se kòmsi yo te mouri.

  2. yo mouri nan sans senbolik

  3. KÒMANSMAN 1919

    1919: “De temwen” yo vin vivan lè yo te nome yon ti gwoup frè Bondye chwazi ki te pran latèt nan òganizasyon an pou sèvi antanke “esklav fidèl ki prevwayan an”.

^ § 4 Gade Toudegad mas 2016, “Kesyon lektè yo poze”.