Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON DE

“Nou te derespekte kote mwen genyen ki sakre a” — Adorasyon ki pwòp la vin kòwonpi

“Nou te derespekte kote mwen genyen ki sakre a” — Adorasyon ki pwòp la vin kòwonpi

EZEKYÈL 5:11

IDE KLE: Jida ak Jerizalèm vin kòwonpi nan domèn espirityèl ak nan domèn moral.

Jewova renmen Izrayelit yo e li te pran swen yo antanke “yon byen ki gen anpil valè” pou li (Egz. 19:5, nòt). Men, anretou, yo te adore fo dye nan tanp li an! Yo te fè Jewova lapenn e yo te sal repitasyon l. Ki sa k te fè Izrayelit yo tonbe ba konsa? Ki sa nou ka aprann nan pwofesi Ezekyèl konsènan destriksyon Jerizalèm nan? E ki leson nou ka aprann nan fason Izrayèl te boule ak nasyon ki te ozalantou l yo?

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 5

“Gade “tout vye bagay ki bay degoutans y ap fè”

Ezekyèl wè sèn ki chokan ki montre jan nasyon an desann ba nan domèn espirityèl.

CHAPIT 6

“Kounye a, lafen an rive sou ou”

Sèn Ezekyèl te jwe sou sa k nan pwofesi yo montre jan Jewova te santi l endiye kont Jerizalèm.

CHAPIT 7

Nasyon yo “ap konnen mwen se Jewova”

Nasyon ki te sal non Jewova yo, ki te pèsekite pèp li a e ki te kòwonp yo a pa t chape anba konsekans aksyon yo. Ki leson nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te gen ak nasyon sa yo?