Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 7

Nasyon yo “ap konnen mwen se Jewova”

Nasyon yo “ap konnen mwen se Jewova”

EZEKYÈL 25:17

IDE KLE: Sa nou aprann sou relasyon Izrayèl te genyen ak nasyon ki t ap sal non Jewova yo.

1, 2. a) Nan ki sans Izrayèl te tankou yon ti mouton ki lage poukont li nan mitan yon pakèt lou? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.) b) Ki sa Izrayelit yo ak wa ki t ap dirije yo te kite rive?

 PANDAN plizyè santèn ane, Izrayèl te tankou yon ti mouton ki lage poukont li nan mitan yon pakèt lou. Moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun Edòm yo t ap menase Izrayèl sou bò lès. Moun Filisti yo, ki te ènmi Izrayèl depi lontan, te tabli nan lwès. Vil Ti li menm, ki te nan nò, te yon vil ki rich e ki te enpòtan anpil nan kesyon komès. Nan sid, te gen ansyen nasyon Ejip la ki te gen Farawon, yon wa yo te konsidere kòm dye, kòm dirijan.

2 Lè Izrayelit yo te konte sou Jewova, Jewova te pwoteje yo kont ènmi yo. Men, se toutan pèp la ak wa ki t ap dirije l yo te kite nasyon ozalantou yo detenn sou yo. Wa Ahab se youn nan egzanp moun ki te kite lòt moun fè l pa ret fidèl ak Jewova. Li t ap dirije wayòm dis tribi Izrayèl yo e l te viv nan menm epòk ak wa Jozafa ki t ap dirije Jida. Li te marye ak yon pitit fi wa Sidon an ki t ap dirije vil Ti a ki te rich anpil. Dam sa a, ki te rele Jezabèl, te fòse moun ann Izrayèl adore Baal e l te pouse mari l sal adorasyon ki pwòp la yon fason ki potko janm fèt anvan sa. — 1 Wa 16:30-33; 18:4, 19.

3, 4. a) Konsènan kiyès Ezekyèl te kòmanse pale annapre? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Jewova te gentan di pèp li a sa k ap rive yo si yo pa ret fidèl avè l. Kounye a pasyans li te resi about (Jer. 21:7, 10; Eze. 5:7-9). Nan ane 609 anvan epòk nou an, lame Babilòn nan te tounen vin atake Peyi Bondye te pwomèt Izrayèl la yon twazyèm fwa. Sa te fè prèske dizan depi dènye fwa yo te anvayi yo. Fwa sa a, yo t apral kraze mi Jerizalèm yo nèt e yo t ap touye moun ki t ap fè rebèl ak Nebikadneza yo. Lè yo te kòmanse ansèkle vil la e lè tout pwofesi Ezekyèl te anonse yo te reyalize nan tout ti detay, pwofèt la te kòmanse pale konsènan sa k t apral rive nasyon ki te ozalantou yo.

Nasyon ki te sal non Jewova yo pa t chape anba konsekans aksyon yo.

4 Jewova te fè Ezekyèl konnen ènmi Jida yo t ap kontan paske Jerizalèm t ap detwi e yo t ap pèsekite moun ki chape yo. Men, nasyon ki te sal non Jewova yo e ki te pèsekite pèp li a oswa ki te kòwonp yo a pa t ap chape anba konsekans aksyon yo. Ki leson nou ka aprann sou relasyon Izrayèl te genyen ak nasyon sa yo? E ki jan pwofesi Ezekyèl te bay anrapò ak nasyon sa yo ban nou espwa jodi a?

Fanmi Izrayèl yo trete l “san respè”

5, 6. Ki relasyon ki te genyen ant moun Amon yo ak Izrayelit yo?

5 Nan yon sans, Amon, Mowab ak Edòm te fanmi ak Izrayèl. Malgre yo te fanmi e yo te viv tankou fanmi pandan yon bon tan, depi byen lontan nasyon sa yo te gen pwoblèm ak pèp Bondye a e yo t ap trete l “san respè”. — Eze. 36:5.

6 Ann pran moun Amon yo. Yo se desandan Lòt, neve Abraram nan, pa mwayen dezyèm pitit fi Lòt la (Jen. 19:38). Lang yo te pale a te tèlman sanble ak lang ebre, sanble pèp Bondye a te ka menm konprann li. Akoz relasyon sa a ki te gen ant Izrayelit yo ak moun Amon yo, Jewova te di Izrayelit yo pou yo pa fè lagè ak moun Amon yo (Det. 2:19). Poutan, nan epòk Jij yo, moun Amon yo te mete ak wa Eglon nan peyi Mowab pou yo toupizi Izrayèl (Jij 3:12-15, 27-30). Annapre, lè Sayil te vin wa, moun Amon yo te atake Izrayèl (1 Sam. 11:1-4). Nan epòk wa Jozafa t ap dirije a, yo te met tèt yo ansanm ak Mowab ankò pou yo anvayi Peyi Bondye te pwomèt la. — 2 Kwo. 20:1, 2.

7. Ki jan moun Mowab yo te trete kouzen yo, anpalan de desandan Izrayèl yo?

7 Moun Mowab yo tou te desandan Lòt, men yo menm se te pa mwayen premye pitit fi l la (Jen. 19:36, 37). Jewova te di Izrayelit yo pou yo pa fè lagè ak Mowab (Det. 2:9). Men, moun Mowab yo pa t aji byen ak Izrayelit yo. Lè Izrayelit yo, ki te kouzen yo, t ap chape kite peyi Ejip kote yo te esklav, moun Mowab yo pa t ede yo. Okontrè, yo te eseye anpeche yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a. Wa peyi Mowab la ki te rele Balak te peye Balaam pou l modi Izrayelit yo, e Balaam te bay Balak fason pou l pran gason Izrayelit yo nan pyèj pou yo fè imoralite seksyèl ak idolatri (Nonb 22:1-8; 25:1-9; Rev. 2:14). Moun Mowab yo te kontinye toupizi Izrayelit yo, ki te fanmi yo, pandan plizyè syèk rive jis nan epòk Ezekyèl la. — 2 Wa 24:1, 2.

8. Poukisa Jewova te di Edòm se te frè Izrayèl, men ki jan moun Edòm yo te aji?

8 Moun Edòm yo te desandan Ezaou, frè jimo Jakòb la. Izrayelit yo ak moun Edòm yo te tèlman fanmi pwòch, sa te fè Jewova pale de yo antanke frè (Det. 2:1-5; 23:7, 8). Malgre sa, moun Edòm yo te opoze ak Izrayelit yo depi lè Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip rive jis nan destriksyon Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an (Nonb 20:14, 18; Eze. 25:12). Nan epòk sa a, nonsèlman moun Edòm yo te kontan lè Izrayelit yo t ap soufri, paske yo te ankouraje Babilòn pou l fè Jerizalèm vin yon dezè, men tou yo te pran Izrayelit k ap chape yo e yo te lage yo nan men ènmi yo. — Sòm 137:7; Oba. 11, 14.

9, 10. a) Ki sa k te rive Amon, Mowab ak Edòm? b) Ki egzanp ki montre se pa tout moun nan nasyon sa yo ki te opoze ak Izrayèl?

9 Jewova te mande nasyon sa yo ki te fanmi Izrayèl kont pou fason yo te trete pèp Li a. Li te di: “M ap lage [...] desandan Amon yo nan men moun ki nan Lès yo, y ap vin byen pa yo e nasyon yo pap sonje desandan Amon yo ankò.” Li te di tou: “M ap pini Mowab e y ap konnen mwen se Jewova.” (Eze. 25:10, 11). Pwofesi sa yo te kòmanse reyalize anviwon senkan apre Jerizalèm fin tonbe, lè Babilòn te anvayi Amon ak Mowab. Konsènan Edòm, Jewova te di li t ap “elimine ni moun ni bèt” k ap viv ladan l e l t ap “fè l vin vid”. (Eze. 25:13.) Jan pwofesi a te di sa, rive yon lè, Amon, Mowab ak Edòm pa t egziste ankò. — Jer. 9:25, 26; 48:42; 49:17, 18.

10 Men, se pa tout moun nan nasyon sa yo ki te ènmi pèp Bondye a. Pa egzanp, yo site non Zelèk, yon desandan Amon, ak Itma, yon moun Mowab, pami sòlda vanyan wa David yo (1 Kwo. 11:26, 39, 46; 12:1). Epitou, Rit, yon moun Mowab, te vin yon adoratè Jewova ki fidèl. — Rit 1:4, 16, 17.

Pa janm fè konpwomi menmsi se nan bagay ki toupiti.

11. Ki sa nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te genyen ak Amon, Mowab ak Edòm?

11 Ki leson nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te gen ak nasyon sa yo? Premyèman, lè Izrayelit yo te kite fanmi yo gen enfliyans sou yo, yo te kòmanse adore yon seri dye tankou dye Mowab ki rele Baal ki nan Peyò a ak dye Amon an ki rele Molèk (Nonb 25:1-3; 1 Wa 11:7). Sa ka rive nou tou. Fanmi nou ki pa kwayan kapab fè presyon sou nou pou n bese vijilans nou. Pa egzanp, yo ka pa konprann rezon ki fè nou pa fete Pak, nou pa fè echanj kado lè fèt Nwèl oswa nou pa patisipe nan lòt fèt anpil moun fete ki gen rapò ak kwayans ki soti nan fo relijyon. Malgre yo ka gen bon entansyon, yo ka eseye fè nou sispann suiv prensip nou yo menmsi se pou yon ti moman. Kidonk, se pa ti enpòtan li enpòtan pou n pa janm pran nan presyon sa yo! Jan istwa pèp Izrayèl la montre sa, menmsi se nan yon bagay ki toupiti nou pa suiv prensip Jewova yo, sa ap gen konsekans sou relasyon nou ak Jewova.

12, 13. Ak ki kalite opozisyon nou ka fè fas, men ki sa k ka rive si nou rete fidèl?

12 Nou ka aprann yon lòt leson nan eksperyans Izrayèl te fè ak Amon, Mowab ak Edòm nan. Fanmi nou ki pa kwayan kapab opoze anpil ak nou. Jezi te fè konnen gen kèk moman kote mesaj n ap preche a t ap lakòz “divizyon ant yon pitit gason ak papa l”, e l te fè konnen “yon pitit fi ap kont manman l”. (Mat. 10:35, 36.) Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa chèche fanmi yo kont, e nou menm tou nou pa chèche fè kont ak moun nan fanmi nou ki pa kwayan. Men, nou pa ta dwe sezi lè yo opoze ak nou. — 2 Tim. 3:12.

13 Menmsi moun nan fanmi nou pa anpeche nou adore Jewova aklè, nou pa dwe kite yo gen plis enfliyans sou nou pase Jewova. Sa k fè sa? Se paske Jewova merite pou nou ba l premye plas nan kè nou. (Li Matye 10:37.) Mete sou sa, si nou rete fidèl ak Jewova, gen kèk moun nan fanmi nou ki ka suiv egzanp Zelèk, Itma ak Rit e yo ka vin jwenn nou nan vrè adorasyon an (1 Tim. 4:16). Konsa, yo menm tou y ap kontan sèvi sèl vrè Dye a e y ap pwofite lanmou l ak pwoteksyon l bay.

Jewova te bay ènmi l yo yon “pinisyon ki rèd”

14, 15. Ki jan moun Filisti yo te trete Izrayelit yo?

14 Moun Filisti yo te kite zile Krèt pou y al nan peyi Jewova te pwomèt l ap bay Abraram ak desandan l yo. Ni Abraram ni Izarak te gen relasyon ak pèp sa a (Jen. 21:29-32; 26:1). Letan pou Izrayelit yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, moun Filisti yo te gentan vin yon gwo nasyon ki te gen yon lame ki pisan. Yo te konn adore fo dye tankou Baalzeboub ak Dagon (1 Sam. 5:1-4; 2 Wa 1:2, 3). Gen kèk moman kote Izrayèl te mete avèk yo pou adore fo dye sa yo. — Jij 10:6.

15 Lefètke Izrayèl pa t fidèl, Jewova te kite moun Filisti yo malmennen yo pandan anpil ane (Jij 10:7, 8; Eze. 25:15). Yo te mete yon seri restriksyon bout di sou Izrayelit yo * e yo te touye anpil ladan yo (1 Sam. 4:10). Lè Izrayèl te repanti e l te tounen vin jwenn Jewova, Jewova te sove yo. Li te fè yon seri mesye tankou Samson, Sayil ak David delivre yo (Jij 13:5, 24; 1 Sam. 9:15-17; 18:6, 7). Epi, jan Ezekyèl te di sa, Bondye te bay moun Filisti yo “yon pinisyon ki rèd” lè Babilónyen yo, e pi devan Grèk yo, te anvayi peyi Filisti. — Eze. 25:15-17.

16, 17. Ki leson nou ka aprann nan relasyon Izrayelit yo te genyen ak moun Filisti yo?

16 Ki leson nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te gen ak moun Filisti yo? Pèp Jewova a nan epòk nou an konn jwenn opozisyon nan men kèk pami nasyon ki pi pisan ki egziste yo. Men, kontrèman ak Izrayèl, nou toujou rete fidèl ak Jewova. Malgre sa, sanble ènmi vrè adorasyon an konn pote laviktwa pafwa. Pa egzanp, nan kòmansman 20yèm syèk la, gouvènman peyi Etazini an te kondane moun ki te alatèt òganizasyon an pou yo pase plizyè dizèn ane nan prizon yon fason pou yo te ka kanpe travay Temwen Jewova yo. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, pati Nazi nan peyi Almay la te eseye elimine pèp Bondye a lè l te mete plizyè milye nan yo nan prizon e l te touye plizyè santèn lòt. Apre gè sa a, Inyon Sovyetik te lanse yon kanpay kont Temwen Jewova yo, li te voye frè nou yo nan kan travo fòse oswa li te egzile yo nan yon seri zòn byen lwen nan peyi yo.

17 Gouvènman yo ka kontinye mete entèdiksyon sou travay pèp Bondye a, yo ka mete nou nan prizon, e yo ka menm touye kèk nan nou. Èske nou ta dwe kite bagay sa yo fè laperèz anvayi nou oswa fè nou pèdi lafwa? Non! Jewova ap pwoteje moun ki fidèl avè l yo. (Li Matye 10:28-31.) Nou deja wè ki jan yon seri gouvènman ki te pisan e ki t ap toupizi pèp Bondye a pa egziste ankò, alòske pèp Jewova a kontinye ap fleri. Talè konsa, sa k te rive moun Filisti yo pral rive tout gouvènman yo, sa vle di y ap oblije konnen kiyès Jewova ye. E menm jan ak moun Filisti yo, yo pap egziste ankò!

“Richès” pa bay bonjan pwoteksyon

18. Ki kalite vil Ti te ye?

18 Nan tan lontan, vil Ti * se te vil ki te pi enpòtan nan youn nan pi gwo pisans ki te genyen nan domèn komès. Li te gen bato k ap siyonnen Lanmè Mediterane pou fè komès ak anpil peyi ki te nan lwès. Li te konn fè komès ak peyi ki te byen lwen nan lès tou. Pandan plizyè syèk, li te vin gen yon pakèt richès grasa komès li te fè ak peyi sa yo ki byen lwen. Komèsan l yo te tèlman vin rich sa te fè yo konsidere tèt yo kòm prens. — Eza. 23:8.

19, 20. Ki diferans ki genyen ant moun Ti yo ak moun Gabawon yo?

19 Lè wa David ak wa Salomon t ap dirije, Izrayèl te gen bon relasyon ak moun Ti yo ki te ba yo materyèl ak atizan pou ede yo konstwi palè David la e annapre tanp Salomon an (2 Kwo. 2:1, 3, 7-16). Se nan epòk sa a nasyon Izrayèl la te pi fidèl ak Jewova e Jewova te beni l (1 Wa 3:10-12; 10:4-9). Fè yon ti reflechi sou posiblite plizyè milye moun Ti te genyen pou yo aprann konn vrè adorasyon an, pou yo aprann konnen Jewova e pou yo wè byenfè moun jwenn lè yo sèvi vrè Dye a!

20 Malgre moun Ti yo te gen posiblite sa a, yo te kontinye bay bagay materyèl premye plas nan lavi yo. Yo pa t suiv egzanp moun ki te abite nan gwo vil Kananeyen ki rele Gabawon an te bay lè yo te vin sèvi Jewova paske yo te annik tande pale de gwo aksyon l fè yo (Joz. 9:2, 3, 22–10:2). Anfèt, rive yon lè, moun Ti yo te vin opoze ak pèp Bondye a e yo te menm vann kèk nan yo kòm esklav. — Sòm 83:2, 7; Jow. 3:4, 6; Amòs 1:9.

Nou pa dwe janm wè bagay materyèl tankou yon miray k ap pwoteje n.

21, 22. Ki sa k te rive Ti, e poukisa?

21 Pa mwayen Ezekyèl, Jewova te di opozan sa yo: “‘Ou menm Ti, mwen kont ou. M ap fè anpil nasyon vin atake w menm jan ak lanm lanmè ki kontinye ap vini. Y ap kraze mi w yo, y ap kraze fòtrès ou yo, m ap grate tè a e m ap fè w tounen yon wòch ki byen klere e ki pa gen anyen sou li.” (Eze. 26:1-5). Moun ki te abite Ti yo te kwè richès yo te genyen yo t ap pwoteje yo, yo te panse richès sa yo t ap fè yo an sekirite menm jan ak miray vil sa a ki te mezire 46 mèt wotè. Ala bon sa t ap bon si yo te koute avètisman Salomon te bay lè l te di: “Richès moun ki rich la tankou yon vil ki byen pwoteje, nan tèt li, li tankou yon miray k ap pwoteje l.” — Pwo. 18:11.

22 Lè moun Babilòn yo, e annapre moun peyi Lagrès yo, te reyalize pwofesi Ezekyèl la, moun Ti yo te rann yo kont richès vil la ansanm ak miray li yo pa t yon sekirite vre, se nan tèt yo sa te ye. Apre Babilòn te fin detwi Jerizalèm, yo te atake Ti pandan 13 an (Eze. 29:17, 18). Apre sa, nan ane 332 anvan epòk nou an, Aleksann Legran te fè yon bagay ki te reyalize yon detay ki estrawòdinè nan pwofesi Ezekyèl yo. * Lame l la te ranmase tout sa k te rete apre yo te fin detwi pati ki te pi gwo nan vil Ti a epi yo te lage wòch, bwa ak tè nan dlo a, konsa, yo te konstwi yon chemen pou yo rive sou lòt pati nan vil la ki te yon zile (Eze. 26:4, 12). Aleksann te kraze miray yo, li te piye vil la, li te touye plizyè milye sòlda ak sivil, e l te vann plizyè dizèn milye lòt moun kòm esklav. Moun Ti yo te vin oblije konnen kiyès Jewova ye lè yo te aprann yon fason ki rèd anpil “richès” pa bay bonjan pwoteksyon. — Eze. 27:33, 34.

Malgre vil Ti te sanble an sekirite totalman, yo te detwi l, jan Ezekyèl te anonse sa. (Gade paragraf 22)

23. Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive moun Ti yo?

23 Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive moun Ti yo? Nou pa dwe janm kite “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” fè n met konfyans nou nan bagay materyèl, e pou n ta konsidere bagay sa yo tankou yon miray k ap pwoteje n (Mat. 13:22). Nou pa ka “esklav Bondye ak Lajan anmenmtan”. (Li Matye 6:24.) Se sèlman moun k ap sèvi Jewova ak tout yo menm ki gen bonjan sekirite (Mat. 6:31-33; Jan 10:27-29). Tout ti detay ki nan pwofesi Bib la bay konsènan fen sistèm sa a ap reyalize nèt menm jan pwofesi konsènan vil Ti yo te reyalize. Lè sa a, Jewova pral detwi sistèm komèsyal sa a ki ava e ki egoyis, e moun ki kwè nan richès ap oblije konnen kiyès li ye.

Pisans politik la te “yon moso wozo”

24-26. a) Sa k fè Jewova te rele Ejip “yon moso wozo”? b) Ki sa wa Sedesyas te fè ki montre li pa t suiv direksyon Jewova, e ki konsekans sa te genyen?

24 Depi anvan epòk Jozèf la rive jis nan epòk kote Babilòn te atake Jerizalèm nan, Ejip te gen gwo enfliyans nan domèn politik nan zòn kote Peyi Bondye te pwomèt la te ye a. Piske Ejip gen lontan depi l egziste, sanble l te stab, tankou yon pyebwa ki byen anrasinen. Men, lè n konpare l ak Jewova, li te fèb, li pa t gen plis fòs pase “yon moso wozo”. — Eze. 29:6.

25 Wa Sedesyas, ki te aposta, pa t wè Ejip konsa. Pa mwayen pwofèt Jeremi, Jewova te mande Sedesyas pou l soumèt tèt li bay wa Babilòn nan (Jer. 27:12). Sedesyas te menm fè yon sèman nan non Jewova pou l pa t fè rebèl ak wa Nebikadneza. Men annapre, li pa t suiv direksyon Jewova te ba l, li pa t respekte sèman l te fè Nebikadneza a, e l t al chèche èd nan men Ejip pou ede l goumen ak Babilòn (2 Kwo. 36:13; Eze. 17:12-20). Sepandan, Izrayelit ki te konte sou pisans politik Ejip te genyen an te fè tèt yo anpil tò (Eze. 29:7). Kanta pou Ejip, petèt li te parèt estrawòdinè menm jan ak yon “gwo bèt lanmè”. (Eze. 29:3, 4.) Men, Jewova te di l ap fè l menm bagay ak sa moun k ap chase kwokodil nan rivyè Nil la konn fè yo. L ap met kwòk nan machwè l e l ap rale l pou l al detwi. Li te fè sa lè l te voye Babilòn vin pran peyi sa a ki te egziste depi lontan an. — Eze. 29:9-12, 19.

26 Ki sa k te rive Sedesyas ki pa t fidèl? Piske l te rebele kont Jewova, Ezekyèl te fè konnen “chèf [...] mechan” sa a pa t ap wa ankò e dominasyon l lan t ap fini nèt. Sepandan, Ezekyèl te bay yon espwa tou (Eze. 21:25-27). Jewova te mande l pou l fè konnen gen yon wa ki soti nan fanmi David, yon moun ki gen “dwa legal”, k ap eritye twòn nan. Nan chapit ki vin apre a, nou pral wè kiyès moun sa a te ye.

27. Ki sa nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te gen ak Ejip?

27 Ki leson nou ka aprann nan relasyon Izrayèl te genyen ak Ejip? Jodi a, pèp Jewova a bezwen evite met konfyans yo nan pisans politik yo, yo pa dwe panse pisans sa yo pral ba yo bonjan sekirite. Menm nan panse nou, nou pa dwe “fè pati monn nan”. (Jan 15:19; Jak 4:4.) Sistèm politik la ka parèt djanm, men, menm jan ak Ejip tan lontan an, li frajil tankou yon moso wozo. Nou t ap montre nou vrèman pa reflechi si n ta met konfyans nou nan moun ki ka mouri olye n mete l nan Souvren linivè a ki toupisan! — Li Sòm 146:3-6.

Menm an prive, nou dwe evite pran pozisyon nan zafè politik monn nan. (Gade paragraf 27)

Nasyon yo “ap konnen”

28-30. Ki diferans ki genyen ant fason nasyon yo “ap konnen” Jewova ak fason nou menm nou konnen Jewova?

28 Pandan plizyè fwa nan liv Ezekyèl la, Jewova di nasyon yo “ap konnen mwen se Jewova”. (Eze. 25:17.) Pa gen dout, nan tan lontan, Jewova te reyalize pawòl sa yo lè l te egzekite jijman l sou ènmi pèp li a. Sepandan, pawòl sa yo pral gen yon pi gwo akonplisman nan epòk nou an. Nan ki sans?

29 Menm jan ak pèp Bondye a nan tan lontan, nou antoure ak nasyon ki konsidere n kòm yon ti mouton ki poukont li e ki san defans (Eze. 38:10-13). Jan nou pral wè sa nan chapit 17 ak chapit 18 nan liv sa a, talè konsa, nasyon yo pral met ansanm pou yo lanse yon atak sovaj sou pèp Bondye a. Men, lè sa a, yo pral konnen sa sa vle di lè yon moun gen pisans toutbon. Yo pral oblije konnen kiyès Jewova ye, sa vle di yo pral rekonèt se li ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren, lè l pral detwi yo nan batay Amagedon an. — Rev. 16:16; 19:17-21.

30 Yon lòt bò, Jewova ap pwoteje n, e l ap beni nou. Sa k fè n di sa? Se paske nou pwofite posiblite nou genyen depi kounye a pou n montre nou konnen Jewova lè n fè l konfyans, lè n obeyi l ak lè n ba l vrè adorasyon li merite a. — Li Ezekyèl 28:26.

^ § 15 Pa egzanp, moun Filisti yo te entèdi moun travay metal ann Izrayèl. Izrayelit yo te oblije al kot moun Filisti yo lè yo te bezwen file zouti pou travay tè e kantite kòb yo te fè yo peye pou sa se te kantite kòb plizyè jou travay. — 1 Sam. 13:19-22.

^ § 18 Sanble yo te bati premye vil Ti a sou yon gwo mas wòch toupre lanmè a, nan yon distans anviwon 50 kilomèt nan nò Mòn Kamèl. Annapre, yo te bati yon ekstansyon vil la sou pi gwo pati tè a. Ann ebre, non vil sa a se Tzò, ki vle di “Wòch”.

^ § 22 Ezayi, Jeremi, Amòs ak Zakari, yo menm tou yo te bay pwofesi kont Ti e tout ti detay ki nan pwofesi sa yo te reyalize. — Eza. 23:1-8; Jer. 25:15, 22, 27; Jow. 3:4; Amòs 1:10; Zak. 9:3, 4.