Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lèt Kolèj santral la

Lèt Kolèj santral la

Nou menm ki renmen Jewova:

Imajine nou nan ane 1971. Moun ki te asiste asanble distri “Le nom divin” ki te fèt nan ane sa a te vrèman kontan resevwa plizyè nouvo piblikasyon. Pèsonn pa t atann yo t ap resevwa tout piblikasyon sa yo. Men sa yon frè te di konsènan youn nan nouvo liv ki te parèt yo: “Se apèsi ki pi enteresan nou jwenn konsènan sa k gen pou rive!” De ki liv li t ap pale? Se liv “Les nations sauront que je suis Jéhovah” — Comment? Sa k fè moun yo te kontan resevwa liv sa a konsa? Rezon an se paske li te gen esplikasyon ki ajou sou pwofesi nou jwenn nan liv Ezekyèl la, yon seri pwofesi k ap gen efè sou avni lèzòm.

Pandan tout ane ki pase apre liv ‘les nations sauront’ te fin soti a, kantite moun ki te vin fè pati pèp Bondye a te ogmante byen vit soti 1,5 milyon pou rive plis pase 8 milyon (Eza. 60:22). Antou, tout moun sa yo k ap sèvi Jewova pale plis pase 900 lang (Zak. 8:23). Anpil ladan yo pa t janm gen posiblite etidye yon liv ki esplike an detay pwofesi Bondye te enspire pwofèt Ezekyèl ekri yo.

Mete sou sa, pandan plizyè dizèn ane apre ane 1971, fason nou konprann anpil nan verite ki nan Bib la vin amelyore toutpandan limyè a kontinye ap vin pi klere (Pwo. 4:18). Nan ane 1985, nou te kòmanse konprann nan ki sans yo deklare “lòt mouton” yo jis antanke zanmi Bondye (Jan 10:16; Wom. 5:18; Jak 2:23). Apre sa, nan ane 1995, nou te resi konprann se pandan “gwo tribilasyon” ki gen pou vini an jijman “mouton” ak “kabrit” yo ap fèt (Mat. 24:21; 25:31, 32). Tout ajisteman sa yo gen yon efè sou fason nou konprann liv Ezekyèl la.

“Pitit lòm, byen gade epi byen koute, byen suiv tout sa m ap montre w, paske se pou rezon sa a yo mennen w isit la.” — EZEKYÈL 40:4

Nan ane ki sot pase yo, limyè a te kontinye vin pi klere. Ann konsidere leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay yo. Jodi a, anpil nan leson sa yo klè kou dlo kokoye nan lespri nou e yo touche kè nou. Gen anpil nan egzanp sa yo ki fè referans ak evènman ki gen pou rive pandan gwo tribilasyon ki pral rive talè konsa a. Menm jan an tou, fason nou konprann yon seri pwofesi ki nan liv Ezekyèl la vin pi klè. Pami pwofesi sa yo, nou jwenn pwofesi konsènan Gòg ki soti nan peyi Magòg la (Ezekyèl chapit 38 ak 39), travay yon mesye ki gen yon ti veso ki gen lank ladan l ap fè a (Ezekyèl chapit 9), vale ki chaje ak zo ki fin seche nèt yo ansanm ak de bout bwa yo fè fè youn nan yon sans senbolik la (Ezekyèl chapit 37). Nouvo fason nou konprann pwofesi sa yo se yon eklèsisman tou sou sa ki nan liv ‘Les nations sauront’ ki te parèt sa gen plizyè ane a.

Se sa k fè, li nòmal pou anpil Temwen Jewova t ap mande tèt yo ki lè y ap jwenn yon liv ki gen esplikasyon ki ajou konsènan pwofesi Ezekyèl yo. Ebyen, liv Jewova retabli vrè adorasyon an! se liv yo t ap tann nan. Pandan w ap li 22 chapit liv sa a e w ap medite sou bèl imaj ki ladan l yo, w ap kontan wè jan yo te fè bonjan rechèch pou yo ekri liv la. Yo te priye plis toujou pou yo rive konprann poukisa Jewova te fè ekri liv Ezekyèl la ki vrèman enteresan. Yo te byen pran san yo pou yo jwenn repons pou kesyon ki vin apre yo, tankou: Ki leson nou jwenn nan liv Ezekyèl la ki itil ni moun ki t ap viv nan epòk Ezekyèl la ni nou menm jodi a? Ki pwofesi ki pale konsènan evènman ki gen pou rive yo? Èske nou ta dwe atann pou n jwenn lonbray ak reyalite nan pwofesi Ezekyèl yo? Repons kesyon sa yo se esplikasyon ki pi klè nou genyen jiska prezan sou liv sa a ki nan Bib la nou tout renmen anpil la.

Pandan w ap li liv Ezekyèl la depi nan kòmansman rive jis nan fen, ou pap pa ret bouch ouvè devan pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la. Siman w ap wè prensip wo nivo Jewova etabli yo estrawòdinè tou, yon seri prensip ni zanj ki nan syèl la ni moun ki sou tè a ki ta renmen adore l fason l vle a dwe suiv. Liv Vrè adorasyon an ap ede w vin gen plis apresyasyon pou sa Jewova deja fè pou pèp li a ak sa l pral fè pou yo talè konsa. W ap remake gen de pwen liv sa a mete aksan sou yo plizyè fwa. Premyèman, pou nou fè Jewova plezi nou bezwen konnen li se Souvren tout linivè e n bezwen dakò ak sa. Dezyèmman, nou dwe adore Jewova fason l vle a, sa vle di viv ann amoni ak prensip li yo ki wo nivo.

Ak tout kè nou, nou swete pou liv sa a ede w gen plis detèminasyon pou w adore Jewova yon fason k ap onore gran non li genyen an, yon non ki sen. Anmenmtan tou, nou swete pou liv sa a ankouraje w kontinye tann moman kote tout nasyon yo pral konnen li se Jewova. — Eze. 36:23; 38:23.

Nou swete pou Jewova, Papa nou an ki gen lanmou, beni efò w ap fè pou w konprann liv li te enspire pwofèt Ezekyèl ekri a.

Frè nou yo,

Kolèj Santral Temwen Jewova yo