Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON TWA

‘M ap rasanble nou’ — Bondye pwomèt l ap retabli vrè adorasyon an

‘M ap rasanble nou’ — Bondye pwomèt l ap retabli vrè adorasyon an

EZEKYÈL 20:41

IDE KLE: Pwofesi Ezekyèl yo montre Bondye pral retabli vrè adorasyon an.

Pèp Izrayèl la fin depafini. Apostazi kraze tèt ansanm li te genyen an. L ap soufri akoz konsekans aksyon l yo. Li sal adorasyon ki pwòp la e l sal non Bondye. Nan yon sitiyasyon sanzespwa konsa, Jewova pouse Ezekyèl anonse yon seri pwofesi ki bay espwa. Jewova sèvi ak imaj ki frapan ansanm ak vizyon ki bay lakrentif pou ankouraje nonsèlman Izrayelit ki prizonye yo, men tou, tout moun ki pa ka tann pou yo wè vrè adorasyon an retabli.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 8

“M ap mete yon bèje”

Bondye enspire Ezekyèl pou l anonse yon pwofesi konsènan Mesi a, Dirijan ak Bèje ki gen pou vini an, ki pral retabli vrè adorasyon an pou toutan.

CHAPIT 9

“M ap fè yo fè yon sèl”

Èske pwofesi yo te bay Juif fidèl ki te ann egzil nan Babilòn yo gen yon sans pou nou?

CHAPIT 10

“N ap vin vivan”

Ezekyèl te fè vizyon yon vale ki chaje ak zo ki fin seche k ap vin vivan. Ki sa sa vle di?

CHAPIT 11

“Mwen chwazi w pou w sèvi kòm moun k ap veye”

Ki wòl ak ki responsablite moun k ap veye a genyen? Ki avètisman li dwe bay?

CHAPIT 12

“M ap fè yo tounen yon sèl nasyon”

Jewova pwomèt l ap fè pèp li a fè yon sèl ankò.

CHAPIT 13

“Dekri tanp lan”

Ki siyifikasyon tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an genyen?

CHAPIT 14

“Men lwa ki konsène tanp lan”

Ki leson Juif ki te ann egzil yo dwe te aprann nan vizyon Ezekyèl te fè sou tanp lan? E ki siyifikasyon vizyon an gen pou nou jodi a?