Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 11

“Mwen chwazi w pou w sèvi kòm moun k ap veye”

“Mwen chwazi w pou w sèvi kòm moun k ap veye”

EZEKYÈL 33:7

IDE KLE: Jewova bay yon moun k ap veye yon misyon e li di l ki responsablite l.

1. Fè yon ti pale sou travay pwofèt Jewova te chwazi kòm moun k ap veye yo te konn fè ak sou evènman ki te rive apre yo te fin bay avètisman yo.

 GEN yon mesye k ap veye ki kanpe sou miray Jerizalèm nan, li met men l devan je l pou l bare limyè solèy la k ap kouche a. L ap chèche wè sa k ap pase byen lwen. Bridsoukou, li pran kòn li, li rale yon gwo souf, epi l soufle nan kòn nan pou l avèti moun yo lame Babilòn nan ap vini! Men, li gentan twò ta pou moun ki nan vil la reyaji devan avètisman sa a. Pandan plizyè dizèn ane, moun Jewova te chwazi pou veye yo, oswa pwofèt yo, t ap klewonnen yon avètisman pou fè pèp la konnen jou sa a gen pou l rive, men, yo te refize koute. Kounye a, lame Babilòn nan ansèkle vil la. Apre plizyè mwa sòlda yo fè ansèkle vil la, yo fè yon twou nan miray vil la pou yo ka antre, yo kraze tanp lan, epi yo touye moun ki t ap viv Jerizalèm yo oswa yo fè yo vin prizonye, yon seri moun ki pa t fidèl e ki t ap adore zidòl.

2, 3. a) Ki sa k pral rive moun k ap viv sou tè a, e ki desizyon yo dwe pran depi kounye a? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Jodi a, lame Jewova a ki nan syèl la ap vanse pou l batay ak moun ki pa gen lafwa k ap viv sou tè a (Rev. 17:12-14). Batay sa a se pral dènye etap nan pi gwo tribilasyon ki poko janm rive nan listwa lèzòm (Mat. 24:21). Men, li poko twò ta pou anpil moun reyaji devan avètisman moun Jewova chwazi pou veye yo ap klewonnen an.

3 Ki sa k te pouse Jewova chwazi yon seri moun pou veye? Ki kalite mesaj yon moun k ap veye bay? Ki moun ki te jwe wòl sa a, e ki wòl nou menm nou jwe? Ann egzamine repons kesyon sa yo.

“Se pou w avèti yo pou mwen”

4. Poukisa Jewova te chwazi moun pou veye? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

4 Li Ezekyèl 33:7. Nan tan biblik yo, yon moun k ap veye te konn kanpe sou miray yon vil pou ede moun yo viv an sekirite. Sa te montre aklè moun k ap dirije vil sa a gen sousi pou moun l ap dirije yo. Byenke lè moun k ap veye a sonnen kòn nan sa te ka fè moun k ap dòmi yo sote, menm son sa a te ka sove lavi moun ki te reyaji yo tou. Menm jan an tou, se pa paske Jewova te vle fè Izrayelit yo pè ak mesaj jijman l yo ki fè l te chwazi yon seri moun pou veye, men, se paske l te gen sousi pou pèp li a e l te vle sove lavi yo.

5, 6. Bay youn nan fason jistis Jewova parèt aklè.

5 Lè Jewova te chwazi Ezekyèl pou sèvi kòm moun k ap veye, Jewova te fè konnen plizyè aspè nan pèsonalite l ki rekonfòte nou. Ann konsidere sèlman de nan kalite l genyen yo.

6 Jistis: Jistis Jewova parèt aklè nan fason li aji san patipri ak nou chak. Pa egzanp, byenke anpil moun te tande mesaj Ezekyèl te bay la e yo te rejte l, Jewova pa t konsidere tout Izrayelit yo antanke yon foul moun ki rebèl. Men, li te vle wè ki jan chak moun t ap reyaji. Pandan plizyè fwa, li te pale de “yon moun ki mechan” e l te pale de “yon moun ki jis”. Kidonk, jijman Jewova a baze sou fason chak moun reyaji devan mesaj li a. — Eze. 33:8, 18-20.

7. Sou ki baz Jewova jije moun?

7 Nou ka wè jistis Jewova tou nan fason li jije moun. Li pa konsidere moun yo responsab pou sa yo te fè lontan, men pito, pou fason yo reyaji nan moman li ba yo avètisman an. Men sa Jewova te di Ezekyèl: “Lè mwen di mechan an: ‘W ap mouri kanmenm’, si li sispann fè peche li t ap fè yo, li vin ap fè sa ki jis ak sa ki dwat, [...] se sèten l ap kontinye viv.” Annapre, Jewova te fè yon lòt bèl deklarasyon, li te di: “Mwen pap fè l rann kont pou okenn nan peche li te konn fè yo.” (Eze. 33:14-16). Yon lòt bò, se pa paske yon moun te konn fè sa ki jis oswa l te konn obeyi lontan pou l atann Bondye ap pase sou move bagay l ap fè kounye a. Jewova te fè konnen si yon moun “met nan tèt li bon bagay li te konn fè yo ap sove l e li tonbe fè sa k pa bon, [Li] pap sonje okenn nan bon bagay [moun sa a] te konn fè yo e [moun sa a] ap mouri poutèt move bagay li fè yo”. — Eze. 33:13.

8. Ki sa avètisman pwofèt yo te bay yo aprann nou konsènan jistis Jewova?

8 Jistis Jewova parèt pi klè toujou lè l avèti moun yo byen lontan anvan l aji. Ezekyèl te kòmanse travay li a anviwon sizan anvan lame Babilòn nan te detwi Jerizalèm. Men, se pa t Ezekyèl an premye ki te fè pèp Bondye a konnen y ap gen pou yo rann kont. Pandan plis pase yon syèk anvan destriksyon Jerizalèm, Jewova te voye pwofèt Oze, Ezayi, Miche, Odèd ak Jeremi pou yo sèvi kòm moun k ap veye. Men sa Jewova te di Jeremi pou l fè Izrayelit yo sonje: “Mwen te chwazi yon seri moun pou veye ki te di yo: ‘Koute son kòn nan!’” (Jer. 6:17). Pèsonn pa t ka rann ni Jewova ni moun ki t ap veye yo responsab san moun ki te mouri lè Babilónyen yo te egzekite jijman Jewova a.

9. Ki jan Jewova montre li gen lanmou ki fidèl?

9 Lanmou: Jewova te montre li gen lanmou fidèl lè l te voye moun li te chwazi pou veye yo pou avèti nonsèlman moun ki jis yo, men tou, moun ki mechan yo, yon seri moun ki te fè l tris anpil e ki te sal repitasyon l. Fè yon ti reflechi: moun te konnen Izrayelit yo antanke pèp Jewova, men, yo t ap plede vire do ba li e yo t al suiv fo dye! Pou Jewova montre jan trayizon sa a te ba l anpil lapenn, li te konpare nasyon an ak yon madan marye ki fè adiltè (Eze. 16:32). Malgre sa, Jewova pa t kouri abandone yo. Li pa t chèche vanje tèt li, men pito, li te chèche rekonsilye ak yo. Li pa t kouri egzekite jijman l sou yo, men l te toujou ba yo posiblite pou yo chanje. Poukisa? Li te di Ezekyèl: “Mwen pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan, e mwen ta pito wè yon moun ki mechan chanje fason l ap aji pou l ka rete an vi.” (Eze. 33:11). Se konsa Jewova te santi l nan epòk sa a, e se konsa li santi l jodi a tou. — Mal. 3:6.

10, 11. Ki leson nou ka aprann nan fason Jewova aji ak pèp li a?

10 Ki sa n ka aprann nan fason Jewova te aji ak Izrayelit yo avèk jistis e avèk lanmou? Yon leson nou aprann sèke nou pa dwe wè moun n ap preche yo antanke gwoup, men nou dwe wè chak moun. Se pa ti erè nou t ap fè si n ta jije yon moun pa diy pou l tande mesaj n ap bay la akoz konduit moun nan te genyen lontan oswa akoz kilti li ak ras li, tribi li soti, sitiyasyon ekonomik li, oswa lang li pale! Jewova te anseye apot Pyè yon leson ki toujou valab pou nou jodi a. Men leson an: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Tra. 10:34, 35.

Èske nou wè moun yo jan Jewova wè yo a? (Gade paragraf 10)

11 Yon lòt leson enpòtan nou aprann sèke nou bezwen veye anpil sou tèt nou: aksyon ki jis nou te fè lontan yo pa yon rezon pou nou fè peche kounye a. L ap bon pou n sonje nou gen tandans pou n fè peche menm jan ak moun n ap preche yo. Konsèy apot Pòl te bay kretyen ki te nan kongregasyon Korent lan konsène nou tou. Men sa l te di: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe. Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn.” (1 Kor. 10:12, 13). Nou pa dwe janm vin moun ki “met nan tèt li bon bagay li te konn fè yo ap sove l”, pou n ta panse nou pap jwenn pinisyon pou bagay mal nou fè paske nou fè bon aksyon tou (Eze. 33:13). Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, li enpòtan pou n kontinye gen imilite e pou n kontinye obeyisan.

12. Si n te fè peche ki grav nan tan lontan, ki sa n dwe sonje?

12 E si n te fè peche grav nan tan lontan, men nou toujou santi n koupab? Nan mesaj Ezekyèl te bay la, nou aprann Jewova pral pini moun ki fè peche ki pa repanti. Men, nou aprann tou Jewova se yon Bondye lanmou, li pap chèche fè vanjans (1 Jan 4:8). Si aksyon nou fè montre nou repanti, nou pa dwe janm panse peche nou yo twò grav pou Bondye padone yo (Jak 5:14, 15). Jewova te dispoze padone pèp Izrayèl la ki t al adore lòt dye, e li dispoze padone nou tou. — Sòm 86:5.

“Pale ak moun nan pèp ou a”

13, 14. a) Ki kalite mesaj moun k ap veye yo te dwe bay? b) Ki mesaj Ezayi te bay?

13 Li Ezekyèl 33:2, 3. Ki kalite mesaj moun Jewova te chwazi pou veye yo te dwe bay? Yon aspè enpòtan ki te gen nan mesaj yo a se te bay avètisman. Men, yo te bay bon nouvèl tou. Ann konsidere kèk egzanp.

14 Ezayi te akonpli sèvis li ozanviwon ane 778 rive ane 732 anvan epòk nou an. Li te fè konnen moun Babilòn yo t ap pran Jerizalèm e yo t ap mennen moun ki t ap viv ladan l yo ann egzil (Eza. 39:5-7). Men, Bondye te enspire l tou pou l ekri: “Koute! Moun k ap veye nou yo rele byen fò. Yo tout rele ansanm, tèlman yo kontan. Paske, y ap wè byen klè lè Jewova rasanble moun Siyon yo ankò.” (Eza. 52:8). Ezayi te preche pi bon nouvèl la, anpalan de vrè adorasyon an ki t ap retabli!

15. Ki mesaj Jeremi te preche?

15 Jeremi te akonpli sèvis li soti ane 647 rive ane 580 anvan epòk nou an. Moun yo te konn di se malè sèlman li anonse. Pa gen dout, li te fè yon travay estrawòdinè lè l te fè Izrayelit ki mechan yo konnen Jewova ap lage malè sou yo. * Men, li te preche bon nouvèl tou, li te fè konnen pèp Bondye a t ap tounen nan peyi l e yo t ap retabli vrè adorasyon an nan peyi a. — Jer. 29:10-14; 33:10, 11.

16. Nan ki sans moun ki te ann egzil nan Babilòn yo te jwenn byenfè nan mesaj Ezekyèl te bay la?

16 Bondye te chwazi Ezekyèl kòm moun k ap veye nan ane 613 anvan epòk nou an e l te kontinye nan travay sa a omwen jis nan ane 591 anvan epòk nou an. Jan nou te egzamine sa nan chapit 5 ak chapit 6 nan liv sa a, Ezekyèl te chofe pou l avèti pèp Izrayèl la konsènan destriksyon ki t apral rive sou yo a. Konsa, li pa t responsab san kèlkeswa moun ki t ap mouri a. Nonsèlman li te fè moun ki ann egzil yo konnen Jewova t ap pini moun ki aposta ki Jerizalèm yo, men tou, li te ede moun ki ann egzil yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova e l te prepare yo pou travay ki t ap tann yo pi devan. Lè 70 ane egzil yo rive nan bout yo, Jewova t ap fè yon rès moun tounen nan peyi Izrayèl ki te retabli a (Eze. 36:7-11). Se sitou pitit ak pitit pitit moun ki te koute sa Ezekyèl te di yo ki t ap fè pati rès moun sa a. Jan lòt chapit nan seksyon 3 nan liv sa a montre sa, Ezekyèl te gen anpil bon nouvèl pou l bay, sa ki bay prèv vrè adorasyon an t ap retabli nan Jerizalèm.

17. Nan ki moman Jewova chwazi moun pou veye?

17 Èske pwofèt sa yo ki te pale ak pèp Bondye a nan peryòd kote Jerizalèm t apral detwi nan ane 607 anvan epòk nou an se sèl moun Bondye te itilize kòm moun pou veye? Repons lan se non. Nan chak moman enpòtan nan reyalizasyon objektif Bondye, Bondye chwazi yon seri moun pou sèvi kòm moun k ap veye pou avèti mechan yo e pou preche yon bon nouvèl.

Moun ki t ap veye nan premye syèk la

18. Ki travay Jan ki te konn batize moun nan te fè?

18 Nan premye syèk epòk nou an, Jan ki te konn batize moun nan te sèvi kòm moun ki t ap veye. Li te fè Juif yo konnen Bondye t apral rejte yo nan yon tikras tan (Mat. 3:1, 2, 9-11). Men, li te fè plis pase sa. Jezi te di Jan ki te konn batize moun nan se te “mesaje” ki te prepare chemen an pou Mesi a (Mal. 3:1; Mat. 11:7-10). Travay sa a te gen ladan l anonse yon bon nouvèl, sètadi fè konnen Jezi, “Ti Mouton Bondye a”, te rive e l t ap retire “peche monn nan”. — Jan 1:29, 30.

19, 20. Ki fason Jezi ak disip li yo te aji antanke moun k ap veye?

19 Pami tout moun ki t ap veye yo, se Jezi ki te pi enpòtan. Menm jan ak Ezekyèl, Jewova te voye l pou “pèp Izrayèl la”. (Eze. 3:17; Mat. 15:24.) Jezi te fè nasyon Izrayèl la konnen Bondye t ap rejte yo nan yon tikras tan e Jerizalèm t ap gen pou l detwi (Mat. 23:37, 38; 24:1, 2; Lik 21:20-24). Sepandan, travay ki pi enpòtan Jezi te konn fè se te preche bon nouvèl. — Lik 4:17-21.

20 Lè Jezi te sou tè a, men sa l te di disip li yo yon fason klè: “Kontinye veye.” (Mat. 24:42). Yo te obeyi lòd li te bay la e yo te aji kòm moun k ap veye lè yo te fè Juif yo konnen Jewova te rejte nasyon Izrayèl la ak vil Jerizalèm nan (Wom. 9:6-8; Gal. 4:25, 26). Menm jan ak lòt moun ki t ap veye ki te la anvan yo, yo menm tou yo te gen bon nouvèl pou yo anonse. Mesaj yo a te gen ladan l fè konnen, kounye a, moun lòt nasyon yo fè pati Izrayèl Bondye a, yon seri moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l, e y ap gen privilèj pou yo ede Kris retabli vrè adorasyon an sou tè a (Tra. 15:14; Gal. 6:15, 16; Rev. 5:9, 10).

21. Ki egzanp Pòl te bay?

21 Pami moun ki t ap veye nan premye syèk la, apot Pòl kite yon egzanp estrawòdinè. Li te pran responsablite l oserye. Menm jan ak Ezekyèl, li te konnen si l pa t fè sa Bondye te ba l misyon fè a, li t ap responsab san moun yo (Tra. 20:26, 27). Pòl te fè menm bagay ak lòt moun ki t ap veye yo: nonsèlman li te avèti moun yo, men tou, li te bay bon nouvèl (Tra. 15:35; Wom. 1:1-4). Anfèt, anba direksyon lespri sen, li te site pwofesi Ezayi a ki di: “Ala bèl pye moun k ap pot bon nouvèl la bèl”, e l te montre pwofesi sa a gen rapò ak travay disip Kris yo ap fè lè yo preche Wayòm Bondye a. — Eza. 52:7, 8; Wom. 10:13-15.

22. Ki sa k te rive apre lanmò apot yo?

22 Apre lanmò apot yo, apostazi yo te anonse a te gaye nan kongregasyon an (Tra. 20:29, 30; 2 Tes. 2:3-8). Pandan yon bon bout tan, fo kretyen yo ki tankou move zèb te pi plis lontan pase moun ki disip Kris yo ki tankou ble, epi fo ansèyman yo te kache mesaj klè konsènan Wayòm Bondye a (Mat. 13:36-43). Sepandan, lè moman an te rive pou Jewova aji, yon lòt fwa ankò, li te montre l gen lanmou ak jistis lè l te chwazi yon seri moun pou veye yon fason pou yo ka klewonnen yon avètisman ki klè e pou yo ka anonse yon bon nouvèl. Kiyès sa yo ki t ap veye a?

Jewova te met lòt moun k ap veye pou avèti mechan yo

23. Ki wòl C. T. Russell ak asosye l yo te jwe?

23 Kèk ane anvan 1914, Charles Taze Russell ansanm ak asosye l yo te aji antanke “mesaje” ki t ap gen pou “prepare yon chemen” anvan Wayòm Mesi a etabli * (Mal. 3:1). Gwoup sa a te sèvi tou kòm moun k ap veye lè yo te sèvi ak peryodik ki rele Toudegad Siyon an ak mesaje prezans Kris la (anglè) pou avèti moun yo konsènan jijman Bondye pral fè a e pou simaye bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a.

24. a) Ki fason esklav fidèl la aji antanke moun k ap veye? b) Ki sa w aprann nan egzanp moun ki t ap veye nan tan lontan yo? (Gade kare ki gen tit “Kèk moun k ap veye ki bay bon egzanp”.)

24 Apre Wayòm nan fin etabli, Jezi te chwazi yon ti gwoup mesye pou sèvi antanke esklav fidèl ki prevwayan an (Mat. 24:45-47). Depi lè sa a, esklav fidèl la, yo rele l kounye a Kolèj santral la, ap travay kòm moun k ap veye. Li pran latèt nonsèlman pou l avèti moun yo konsènan “jou vanjans Bondye” a, men tou, pou l fè konnen “ane Jewova ap fè moun favè a”. — Eza. 61:2; Gade tou 2 Korentyen 6:1, 2.

25, 26. a) Ki travay tout disip Kris yo dwe fè, e ki jan yo fè travay sa a? b) Ki sa n pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

25 Byenke esklav fidèl la pran latèt nan travay veye a, Jezi te mande “tout” disip li yo pou yo “kontinye veye”. (Mak 13:33-37.) Nou obeyi lòd sa a lè n ret je klè nan domèn espirityèl, sa vle di lè n soutni moun k ap veye nan epòk nou an fidèlman. Nou montre n ret je klè lè n ranpli responsablite nou genyen pou n preche a (2 Tim. 4:2). Ki sa k pouse n fè sa? Youn nan rezon yo se anvi nou genyen pou n ede moun yo sove lavi yo (1 Tim. 4:16). Talè konsa, anpil moun pral pèdi lavi yo paske yo meprize avètisman moun k ap veye nan epòk nou an ap bay la (Eze. 3:19). Sepandan, rezon prensipal la se paske nou vle bay moun yo pi bon mesaj ki genyen an, anpalan de vrè adorasyon an ki retabli! Kounye a, pandan “ane Jewova ap fè moun favè a”, pòt la ouvè pou plis moun toujou vin met ansanm avè n pou adore Jewova, Bondye nou an ki gen lanmou e ki gen jistis la. Talè konsa, tout moun sou tè a k ap chape anba sistèm mechan sa a pral jwenn byenfè anba dominasyon Kris Jezi a, Pitit gason Bondye a ki gen mizèrikòd la. Nou pa ta ka pa ede moun k ap veye nan epòk nou an preche yon bon nouvèl konsa! — Mat. 24:14.

Nou kontan ede moun k ap veye nan epòk nou an preche bon nouvèl la. (Gade paragraf 25)

26 Anvan menm sistèm mechan sa a fini, grasa yon mirak, Jewova fè pèp li a gen tèt ansanm. Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale sou yon pwofesi konsènan de bout bwa ki montre kòman sa fè fèt.

^ § 15 Nan liv Jeremi an, mo “malè” a parèt anviwon 100 fwa.

^ § 23 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi sa a ak akonplisman l, gade liv Wayòm Bondye a ap dirije! a, nan chapit 2 a ki gen tit “Wayòm nan tabli nan syèl la”.