Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

“Men lwa ki konsène tanp lan”

“Men lwa ki konsène tanp lan”

EZEKYÈL 43:12

IDE KLE: Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an: Leson moun nan epòk li a te aprann ak siyifikasyon l gen pou nou jodi a.

1, 2. a) Ki sa nou te aprann konsènan vizyon Ezekyèl te fè sou tanp lan nan chapit ki vin anvan an? b) Ki de kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

 NAN chapit ki vin anvan an, nou te aprann tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an se pa t gran tanp espirityèl apot Pòl te pale de li plizyè syèk apre a. Nou te aprann tou objektif vizyon an se te fè pèp Bondye a wè jan prensip Bondye yo enpòtan nan vrè adorasyon an. Sèl jan pou pèp la te tounen vin gen bon relasyon ak Jewova se pou yo te suiv prensip sa yo. Kounye a, nou ka konprann rezon ki fè Jewova te repete pawòl ki vin apre yo nan menm vèsè a pou l te ka met aksan sou pwen enpòtan sa a, lè l te di: “Lwa ki konsène tanp lan.” — Li Ezekyèl 43:12.

2 Kounye a, nou bezwen konsidere de lòt kesyon. Premyèman: Ki leson byen presi konsènan prensip Jewova bay pou vrè adorasyon an Juif nan epòk Ezekyèl la te ka aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan? Repons kesyon sa a ap ede nou reponn dezyèm kesyon an: Ki sans vizyon an genyen pou nou menm k ap viv nan dènye jou sa yo kote bagay yo difisil?

Ki leson moun nan tan lontan yo te aprann nan vizyon an?

3. Lefètke nan vizyon an tanp lan te sou yon mòn ki wo, ki jan sa te fè pèp la santi l wont?

3 Pou n reponn premye kesyon an, ann fè yon ti pale sou kèk detay ki enpòtan nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an. Mòn ki wo a. Siman moun yo te wè gen yon rapò ant kote Ezekyèl te wè tanp lan ye a ak pwofesi Ezayi te bay konsènan vrè adorasyon ki t ap retabli a, yon pwofesi ki bay kè kontan (Eza. 2:2). Men, lefètke yo te wè kay Jewova a sou yon mòn ki wo konsa, ki sa yo te aprann nan sa? Yo te aprann yo ta dwe mete vrè adorasyon an nan yon nivo ki wo, li ta dwe pi wo pase tout lòt bagay. Natirèlman, vrè adorasyon an deja nan yon nivo ki wo paske se Sila ki “gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo” ki mete l sou pye (Sòm 97:9). Men, pèp la pa t fè sa l te gen pou l fè. Pandan plizyè syèk, yo te gen abitid kite adorasyon ki pwòp la vin sal, yo te abandone l, li te vin kòwonpi. Lè moun ki gen bon kè yo te wè jan kay Bondye a ki sakre te vin nan yon nivo ki wo, lè yo te wè li nan pozisyon li dwe ye a, kote li gen glwa e li gen enpòtans, siman sa dwe te fè yo santi yo wont.

4, 5. Ki leson petèt moun ki t ap koute Ezekyèl yo te ka aprann konsènan pòtay tanp lan ki te wo?

4 Pòtay ki byen wo yo. Nan kòmansman vizyon an, Ezekyèl t ap gade zanj ki t ap montre l tanp lan e ki t ap mezire pòtay yo. Pòtay sa yo te mezire anviwon 30 mèt wotè (Eze. 40:14)! Te gen chanm pou gad yo nan tout antre yo. Ki sa tout bagay sa yo te ka fè moun ki t ap etidye plan tanp lan konprann? Jewova te di Ezekyèl: “Byen gade antre tanp lan.” Poukisa l te di l sa? Se paske pèp la te konn vin ak moun ki “pa sikonsi e kè yo pa sikonsi” anndan kay Bondye a ki sakre kote pou moun adore a. Ki konsekans sa te genyen? Jewova te di: “Yo sal [tanp mwen an].” — Eze. 44:5, 7.

5 Moun ki pa t “sikonsi” yo pa t obeyi yon lòd klè Bondye te bay depi nan epòk Abraram nan (Jen. 17:9, 10; Lev. 12:1-3). Men, moun “kè yo pa sikonsi” yo te gen yon pwoblèm ki pi grav. Yo te chwazi fè rebèl, yo pa t suiv enstriksyon Jewova te bay pou dirije yo. Yo pa t dwe kite moun sa yo antre nan kay Jewova a ki sakre, kote pou moun adore a! Jewova rayi ipokrizi, e pèp li a te kite ipokrizi gaye nan kay li a. Men ki leson byen klè pòtay yo ak chanm gad yo ki te nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an aprann nou: Bagay sa yo pap fèt ankò! Moun dwe respekte prensip wo nivo pou yo antre nan kay Bondye a. Se sèl kondisyon sa a k ap fè Jewova beni adorasyon pèp la ap ba li a.

6, 7. a) Ki jan Jewova sèvi ak miray ki toutotou tanp lan pou l bay pèp li a yon mesaj? b) Nan tan lontan, ki jan pèp Jewova a te trete kay Jewova a? (Gade nòt la.)

6 Miray la. Yon lòt detay enpòtan nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an se te miray ki te antoure tout zòn tanp lan. Ezekyèl fè konnen miray ki sou chak bò yo te mezire 500 wozo, swa 1 555 mèt, oubyen prèske 1,6 kilomèt (Eze. 42:15-20)! Poutan, tanp lan ak lakou l yo te fòme yon kare ki te mezire sèlman 500 koude, oswa 259 mèt, sou chak bò. Donk, te gen yon gwo espas ant tanp lan ak mi ki te antoure l yo. * Pou ki rezon?

7 Jewova te di: “Kounye a, se pou yo sispann montre yo pa fidèl, se pou yo retire kadav wa yo genyen yo devan m. Konsa, m ap abite nan mitan yo pou toutan.” (Eze. 43:9). Sanble “kadav wa yo genyen yo” te fè referans ak zidòl yo. Donk, se kòmsi Jewova te sèvi ak gwo espas sa a nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an pou l di: “Kite bagay sal sa yo byen lwen. Pa menm kite yo vin pre.” Konsa, si yo te kenbe adorasyon yo a pwòp, Jewova t ap vin nan mitan yo, sa ki t ap yon benediksyon.

8, 9. Ki sa moun te ka aprann nan konsèy fèm Jewova te bay gason ki te gen responsablite yo?

8 Konsèy fèm pou gason ki gen responsablite yo. Mete sou sa, Jewova te bay gason ki te gen responsablite pami pèp la yon seri konsèy ki fèm, men, yon fason ki demontre lanmou. Avèk konviksyon, li te korije Levit yo ki te devye ale byen lwen l lè pèp la te tonbe nan idolatri, toutpandan li te felisite pitit gason Zadòk yo “ki te ret travay nan tanp [li] an lè moun Izrayèl yo te ale lwen [l] yo”. Li te aji yon fason ki jis e ki gen mizèrikòd avèk chak gwoup moun, selon aksyon yo (Eze. 44:10, 12-16). Menm jan an tou, chèf ki ann Izrayèl yo te jwenn bonjan koreksyon. — Eze. 45:9.

9 Konsa, Jewova te fè konnen aklè gason ki gen responsablite yo te dwe rann li kont pou fason yo ranpli responsablite yo. Yo menm tou yo te bezwen konsèy, koreksyon ak disiplin. Men, yo te dwe pran latèt nan soutni prensip Jewova yo!

10, 11. Ki sa k montre sanble gen kèk nan moun ki te tounen sot ann egzil yo ki te byen konprann leson vizyon Ezekyèl la te gen ladan l?

10 Èske moun ki te sot ann egzil yo te byen aplike sa yo te aprann nan vizyon Ezekyèl te fè a? Se vre nou pa ka konnen egzakteman ki sa gason ak fi ki te fidèl nan epòk la te panse konsènan vizyon estrawòdinè sa a. Men, Pawòl Bondye a aprann nou anpil bagay konsènan sa moun ki te tounen sot ann egzil yo te fè ak fason yo te vin konsidere vrè adorasyon an. Èske yo te suiv prensip yo te aprann nan vizyon Ezekyèl la? Nan yon sans, yo te fè sa, sitou lè n konpare sa yo te fè a ak fason zansèt yo te fè rebèl anvan yo t al ann egzil nan Babilòn.

11 Gen yon seri gason fidèl, tankou Aje ak Zakari, ki te pwofèt, Esdras ki te yon prèt e ki te konn rekopye Lalwa, ansanm ak Neyemi, ki te gouvènè, ki te travay di pou anseye pèp la yon seri prensip tankou prensip ki parèt nan vizyon Ezekyèl te fè sou tanp lan (Esd. 5:1, 2). Yo te fè pèp la konnen yo dwe mete vrè adorasyon an nan yon nivo ki wo, e yo dwe mete l anvan bagay materyèl ak objektif pèsonèl yo genyen yo (Aje 1:3, 4). Yo te met aksan sou enpòtans pou moun k ap patisipe nan vrè adorasyon an respekte prensip yo. Pa egzanp, avèk konviksyon, Esdras ak Neyemi te bay pèp la konsèy pou yo voye madanm yo, ki pa t Juif, ale. Medam sa yo te lakòz relasyon Juif sa yo te gen ak Jewova a vin febli. (Li Esdras 10:10, 11; Ney. 13:23-27, 30.) Ki sa yo te fè pou kesyon idolatri a? Sanble apre nasyon an te sot ann egzil, li te resi vin rayi kesyon adore zidòl la, yon peche yo te konn tonbe ladan l souvan pandan plizyè syèk. E prèt yo ak chèf nan peyi Izrayèl yo, oswa prens yo? Jan sa parèt nan vizyon Ezekyèl te fè a, yo te pami moun Jewova te bay konsèy e li te korije (Ney. 13:22, 28). Anpil ladan yo te koute konsèy la avèk imilite. — Esd. 10:7-9, 12-14; Ney. 9:1-3, 38.

Neyemi te anseye pèp la anrapò ak vrè adorasyon an pandan l t ap travay bò kote yo. (Gade paragraf 11)

12. Nan ki sans Jewova te beni moun ki te sot ann egzil yo?

12 Kòm rezilta, Jewova te beni pèp li a. Moun yo te gen yon relasyon sere ak Jewova, yo te an sante e te gen lòd nan peyi a, sa te fè lontan bagay yo pa t konsa (Esd. 6:19-22; Ney. 8:9-12; 12:27-30, 43). Sa k fè sa? Se paske pèp la te resi kòmanse suiv prensip Jewova yo ki jis konsènan vrè adorasyon an. Gen anpil moun sensè ki te byen reyaji apre yo fin konprann leson yo te jwenn nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan. An rezime, nou ka di vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan te pote de gwo byenfè pou moun ki te sot ann egzil yo. 1) Li te aprann yo yon seri leson konsènan prensip ki gen rapò ak vrè adorasyon an e sou fason yo ta dwe suiv prensip sa yo. 2) Li te ba yo yon pwofesi kòm garanti. Pwofesi sa a te fè konnen Jewova t ap retabli vrè adorasyon an, epitou, li t ap beni pèp li a toutotan yo t ap pratike vrè adorasyon an. Sepandan, men yon kesyon nou ta renmen jwenn repons li: Èske vizyon sa a gen yon akonplisman nan epòk nou an?

Sa vizyon Ezekyèl la aprann nou jodi a

13, 14. a) Ki jan nou fè konnen vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan gen yon akonplisman nan epòk nou an? b) Bay de fason vizyon an pote byenfè pou nou jodi a. (Gade kare 13A ki gen tit: “Tanp yo diferan e leson yo diferan.”)

13 Èske n ka sèten vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan gen rapò avè n jodi a? Wi! N ap sonje vizyon Ezekyèl te fè konsènan kay Bondye a ki sakre ki sou “yon mòn ki byen wo” a sanble ak pwofesi Ezayi konsènan “mòn kote kay Jewova a ye a” ki t ap gen pou l “tabli byen djanm e [ki t ap] vin pi wo pase lòt mòn yo”. Ezayi te fè nou konnen aklè pwofesi l te bay la ap reyalize nan “dènye jou yo”. (Eze. 40:2; Eza. 2:2-4, nòt; gade tou Miche 4:1-4.) Depi 1919, pwofesi sa yo ap reyalize nan dènye jou yo lè Jewova te mete vrè adorasyon an nan yon nivo ki wo. Lè l te retabli l la se kòmsi l te mete l sou yon mòn ki wo. *

14 Sa klè, vizyon Ezekyèl la gen rapò ak vrè adorasyon an jodi a. Menm jan vizyon an te fè Juif ki te ann egzil nan tan lontan yo jwenn byenfè, se konsa tou li fè n jwenn de gwo byenfè jodi a. 1) Li aprann nou yon seri leson sou fason nou ka suiv prensip Jewova bay konsènan vrè adorasyon an. 2) Li bay pwofesi ki ban nou asirans Jewova ap retabli vrè adorasyon an e l ap beni nou.

Prensip konsènan vrè adorasyon an jodi a

15. Ki sa nou dwe sonje pandan n ap egzamine vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan?

15 Kounye a, ann wè kèk detay presi nan vizyon Ezekyèl la. Imajine nou ansanm ak Ezekyèl pandan l ap vizite tanp estrawòdinè li wè nan vizyon an. Pa bliye, se pa gran tanp espirityèl la n ap egzamine, men pito, se chèche n ap chèche jwenn leson nou ka aplike nan adorasyon n ap bay Bondye jodi a. Ki leson konsa nou ka aprann?

16. Lefètke yo te pran mezi tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an an detay, ki sa nou ka aprann nan sa? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

16 Poukisa tout mezi sa yo? Pandan Ezekyèl ap gade, zanj ki te tankou yon moun ki te gen kò l sanble ak kuiv la te pran mezi tanp lan an detay, li te pran mezi mi yo, pòtay yo, chanm gad yo, lakou yo ak lotèl la. Vizyon an tèlman bay detay, sa ka parèt twòp pou moun k ap li l la (Eze. 40:1–42:20; 43:13, 14). Men, fè yon ti reflechi sou pwen enpòtan nou ka rive konprann nan detay sa yo. Jewova te sèvi ak yo pou l montre aklè enpòtans prensip li yo genyen. Se li menm ki tabli prensip sa yo, se pa lèzòm. Malerezman, moun ki fè konprann se pa fason y ap adore Bondye a ki enpòtan twonpe yo. Mete sou sa, lefètke Jewova te fè pran mezi tanp lan an detay, sa ban nou garanti l ap retabli vrè adorasyon an san mank. Menm jan mezi sa yo egzak, se konsa tou pwomès Bondye a ap reyalize nan tout ti detay. Donk, Ezekyèl ban nou asirans, wè pa wè, Jewova ap retabli vrè adorasyon an nan dènye jou yo!

Lefètke yo te pran mezi tanp lan yon fason ki egzak, ki sa sa aprann ou? (Gade paragraf 16)

17. Ki sa miray ki te antoure tanp lan ka fè nou sonje jodi a?

17 Miray la. Jan nou te pale de sa, Ezekyèl te wè yon miray ki te toutotou zòn kote tanp lan te ye a. Detay sa a fè pèp Bondye a sonje jan l enpòtan pou yo kenbe adorasyon ki pwòp la lwen tout kalite bagay ki pa pwòp ki gen rapò ak relijyon yo, e pou yo pa janm kite bagay sa yo sal kay Bondye a. (Li Ezekyèl 43:7-9.) Jodi a, se pa ti bezwen nou bezwen konsèy sa a tou! Apre pèp Bondye a te fin libere anba Gran Babilòn nan, kote yo te pase plizyè syèk kòm prizonye nan domèn espirityèl, Kris te nome esklav fidèl li a ki prevwayan an 1919. Depi lè sa a sitou, pèp Bondye a travay di pou yo retire tout fo doktrin, tout pratik ki gen rapò ak idolatri ansanm ak bagay payen nan adorasyon y ap bay Bondye a. Nou veye pou okenn bagay ki pa pwòp nan domèn espirityèl pa antre nan adorasyon ki pwòp la. Anplis de sa, nou pa fè biznis nan Sal Wayòm nou yo, konsa, nou pa mele adorasyon n ap bay la ak okenn bagay nan monn nan. — Mak 11:15, 16.

18, 19. a) Ki sa nou ka aprann nan pòtay ki wo nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an? b) Ki jan nou ta dwe reyaji lè moun ap chèche minimize prensip Jewova yo ki wo? Bay yon egzanp.

18 Pòtay ki byen wo yo. Ki leson nou aprann lè n ap reflechi sou pòtay ki byen wo Ezekyèl te wè yo? Siman, detay sa a nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan te fè Juif ki te ann egzil yo konprann prensip moral Jewova yo vrèman wo nivo. Si sa te konsa nan tan lontan, e jodi a menm? N ap adore Jewova nan gran tanp espirityèl la. Kounye a, èske l pa pi enpòtan toujou pou n aji yon fason ki dwat, san ipokrizi (Wom. 12:9; 1 Pyè 1:14, 15)? Nan dènye jou yo, tikras pa tikras, Jewova gide pèp li a pou yo byen suiv prensip moral li yo. * Pa egzanp, yo mete moun k ap fè peche e ki pa repanti deyò nan kongregasyon an (1 Kor. 5:11-13). Epitou, chanm gad yo ki nan antre pòtay yo kapab fè nou sonje si yon moun pa gen favè Bondye jodi a, Bondye pap ba l dwa antre nan tanp espirityèl la pou adore l. Pa egzanp, yon moun k ap mennen de vi kapab antre nan yon Sal Wayòm, men li pap gen favè Jewova toutotan l pa fè sa Jewova mande (Jak 4:8). Ala yon bèl fason Bondye pwoteje adorasyon ki pwòp la nan epòk nou an, yon epòk kote moun yo imoral e y ap vin pi mal!

19 Labib te fè konnen monn nan t ap vin mal anpil anvan lafen an rive. Men sa nou li: “Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo twonpe tèt yo.” (2 Tim. 3:13). Jodi a, gen plis moun toujou yo twonpe pou fè yo kwè prensip wo nivo Jewova yo twò strik, yo pa alamòd oswa menm yo pa bon. Èske w ap kite yo twonpe w? Pa egzanp, si yon moun ap eseye fè w kwè prensip Bondye bay anrapò ak kesyon omoseksyèl la pa bon, èske w ap dakò avè l? Oswa èske w ap dakò ak Jewova, ki fè konnen aklè nan Pawòl li a moun k ap fè bagay sa yo “lage kò yo nan salte”? Bondye avèti nou pou n pa dakò ak konduit ki imoral (Wom. 1:24-27, 32). Lè n ap fè fas ak kesyon sa yo, l ap bon pou n reflechi sou tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an ak pòtay li yo ki wo e pou n sonje: Jewova pap bese prensip li yo ki jis, kèlkeswa presyon monn mechan sa a ap fè. Èske n dakò ak Papa nou ki nan syèl la epi èske n ap soutni sa ki dwat?

Nou bay Bondye “louwanj kòm sakrifis” lè n patisipe nan vrè adorasyon an.

20. Ki rapèl ankourajan moun ki fè pati “gwo foul” la jwenn nan vizyon Ezekyèl la?

20 Lakou yo. Lè Ezekyèl te wè gwo lakou ki pa deyò tanp lan, siman li te enterese konnen ki kantite moun k ap adore Jewova lakou a ka pran. Jodi a, tanp kote kretyen yo ap adore Bondye a pi gwo lontan pase tanp sa a. Moun ki fè pati “gwo foul” k ap adore Jewova nan lakou pa deyò tanp espirityèl la jwenn rapèl ki ankourajan nan vizyon Ezekyèl la (Rev. 7:9, 10, 14, 15). Ezekyèl te wè gen salamanje bò lakou yo, kote moun k ap adore Jewova yo te ka manje nan sakrifis kominyon yo te pote yo (Eze. 40:17). Nan yon sans, yo te ka manje ansanm ak Jewova, sa ki te montre yo zanmi l e yo anpè avè l! Jodi a, nou pa ofri sakrifis jan Juif yo ki te anba Lwa Moyiz la te konn fè. Men, nou “bay Bondye louwanj kòm sakrifis” lè nou patisipe nan vrè adorasyon an, pa egzanp, lè nou fè kòmantè e nou pale sou lafwa nou nan reyinyon yo oswa nan travay predikasyon an (Ebre 13:15). Epitou, nou manje manje espirityèl Jewova bay la. Sa pa etone nou dèske n santi nou menm jan ak pitit gason Kore yo ki te di nan yon chante: “Yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote.” — Sòm 84:10.

21. Ki sa kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kapab aprann sou prèt yo nan vizyon Ezekyèl la?

21 Prèt yo. Ezekyèl te wè pòtay kote prèt yo ak Levit yo pase pou yo antre nan lakou pa anndan an te sanble ak pòtay kote moun ki pa t prèt yo te pase pou yo antre nan lakou pa deyò a. Se te yon fason klè pou fè prèt yo sonje yo menm tou yo te dwe respekte prensip Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an. E nan epòk pa nou an? Jodi a, pa gen yon fanmi pami sèvitè Bondye yo ki gen yon gwoup moun k ap soti ladan l pou vin prèt. Sepandan, Bondye di kretyen li chwazi pou al nan syèl yo: “Nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa’.” (1 Pyè 2:9). Prèt yo nan Izrayèl tan lontan an te konn adore Bondye nan yon lakou poukont yo. Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa separe yon fason fizik ak sèvitè Bondye parèy yo, men yo gen yon relasyon espesyal ak Jewova antanke pitit Li adopte (Gal. 4:4-6). Anmenmtan tou, kretyen Bondye chwazi yo kapab jwenn bonjan rapèl nan vizyon Ezekyèl la. Pa egzanp, yo wè prèt yo te jwenn konsèy ak disiplin. L ap bon pou tout kretyen sonje nou fè pati “yon sèl twoupo” ki anba direksyon “yon sèl bèje”. — Li Jan 10:16.

22, 23. a) Ki leson ansyen yo kapab aprann jodi a sou chèf yo nan vizyon Ezekyèl la? b) Ki sa k ka rive pi devan?

22 Chèf la. Nan vizyon Ezekyèl la, chèf la te yon moun ki enpòtan. Li pa t soti nan tribi moun ki te gen pou vin prèt yo, e nan tanp lan, li te oblije soumèt anba direksyon prèt yo. Men, sa klè, li te aji antanke yon siveyan pami pèp la e l te ede yo bay sakrifis yo t ap ofri yo (Eze. 44:2, 3; 45:16, 17; 46:2). Donk, li se yon egzanp pou mesye yo jodi a ki gen responsablite nan kongregasyon an. Dayè, ansyen yo, san wete siveyan sikonskripsyon yo, dwe soumèt anba direksyon esklav fidèl la Bondye chwazi pou al nan syèl (Ebre 13:17). Ansyen yo travay di pou ede pèp Bondye a bay louwanj kòm sakrifis nan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an (Efe. 4:11, 12). Epitou, ansyen yo kapab aprann nan fason Jewova te reprimande chèf ann Izrayèl yo poutèt yo te mal sèvi ak otorite yo (Eze. 45:9). Menm jan an tou, ansyen yo pa panse yo pa bezwen konsèy ak koreksyon. Olye de sa, yo byen kontan chak fwa Jewova ede yo amelyore tèt yo yon fason pou yo ka fè travay yo pi byen antanke bèje e antanke siveyan. — Li 1 Pyè 5:1-3.

23 Nan Paradi a, Jewova ap toujou bay pèp li a siveyan ki kalifye e ki gen lanmou. Anfèt, jodi a, ansyen yo ap resevwa fòmasyon pou yo vin pi kalifye e pou yo vin pi itil antanke bèje. Jewova ka sèvi ak anpil ladan yo nan Paradi a tou (Sòm 45:16). Èske n pa kontan anpil lè n ap reflechi sou fason mesye sa yo pral yon benediksyon nan monn nouvo a? Fason nou konprann vizyon Ezekyèl la, menm jan ak lòt pwofesi konsènan vrè adorasyon an Jewova retabli a, kapab vin pi klè nan moman Jewova fikse pou sa. Pi devan, petèt gen kèk detay ki ka akonpli yon fason ki vrèman enteresan, yon fason li ka difisil pou n imajine kounye a. Se tann pou n tann!

Ki sa pòtay ki byen wo yo ak lakou yo aprann nou konsènan adorasyon n ap bay Bondye a? (Gade paragraf 18-21)

Jewova beni vrè adorasyon an

24, 25. Ki jan vizyon Ezekyèl la pale de fason Jewova beni pèp li a lè yo suiv prensip konsènan vrè adorasyon an?

24 Pou n fini, ann pale ankò sou youn nan gwo evènman ki te rive nan vizyon Ezekyèl la. Jewova te vin nan tanp lan, e l te pwomèt pèp li a li t ap rete la toutotan yo te kontinye suiv prensip li bay pou vrè adorasyon an (Eze. 43:4-9). Ki efè prezans Jewova te genyen sou pèp li a ak sou peyi a?

25 Nan vizyon an, te gen de imaj ki te sèvi kòm pwofesi ki te montre benediksyon Bondye t ap lage sou pèp la: 1) Gen yon rivyè ki soti nan tanp lan ki pote lavi nan peyi a e ki fè l pwodui anpil, e 2) peyi a te separe yon fason egzak, nan lòd, e tanp lan ak tè ki te antoure l yo te nan mitan. Ki jan nou ka rive konprann vèsè sa yo jodi a? Nan epòk nou an, Jewova antre yon kote yo adore l, anpalan de gran tanp espirityèl la, yon kote li fè vin pi bon e li apwouve. Kote sa a pi gran lontan pase tanp ki te nan vizyon an (Mal. 3:1-4). Nan chapit 19 rive nan chapit 21 liv sa a, n ap pale sou de imaj sa yo ki te sèvi kòm pwofesi.

^ § 6 Men sa Jewova te di pou l montre fason yo te konn trete kay li a ki sakre nan tan lontan: “Lè yo te met antre tanp yo a bò kot antre tanp mwen an, lè yo te met chanbrann pòt tanp yo a kanpe bò kot chanbrann pòt tanp mwen an, avèk yon mi sèlman ki separe mwen menm avèk yo, lè yo te fè tout bagay ki bay degoutans yo te fè yo, yo te montre yo pa t gen okenn respè pou non m ki sen.” (Eze. 43:8). Nan Jerizalèm tan lontan an, se sèlman yon mi ki te separe tanp Jewova a ak kay kote moun te abite. Lè pèp la te vire do bay prensip Jewova yo, yo te pote bagay sal, sa vle di zidòl, nan kay Jewova a. Sitiyasyon sa a pa t ka kontinye konsa!

^ § 13 Vizyon Ezekyèl te fè sou tanp lan gen rapò tou ak lòt pwofesi konsènan vrè adorasyon an ki t ap retabli nan dènye jou yo. Pa egzanp, gade ki jan pwofesi nou jwenn nan vèsè ki vin apre yo sanble: Ezekyèl 43:1-9 ak Malachi 3:1-5; Ezekyèl 47:1-12 ak Jowèl 3:18.

^ § 18 Tanp espirityèl la te vin egziste nan ane 29 epòk nou an lè Jezi te batize e l te kòmanse travay li antanke Gran Prèt. Men, apre lanmò apot Jezi yo, yo te neglije vrè adorasyon an anpil pandan plizyè syèk. Se sitou apati 1919, vrè adorasyon an vin nan yon nivo ki wo.