Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 10

“N ap vin vivan”

“N ap vin vivan”

EZEKYÈL 37:5

IDE KLE: Vizyon konsènan “zo ki fin seche nèt” k ap retounen viv ankò yo ansanm ak pi gwo akonplisman li genyen.

1-3. Ki sa k lakòz Juif ki Babilòn yo vin chanje? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

 GAD ki jan Juif ki Babilòn yo chanje, kounye a yo santi yo sanzespwa! Pandan anviwon senkan, Ezekyèl te pwofetize konsènan Jerizalèm ki t ap gen pou detwi, men moun yo pa t ba l regle anyen pou yo. Malgre tout sèn li te jwe pou montre moun ki te ann egzil yo siy Jewova te ba l yo, malgre tout egzanp ak tout mesaj li te ba yo, yo te refize kwè Jewova t ap kite ènmi yo detwi Jerizalèm. Menm lè yo te aprann Babilónyen yo te ansèkle vil la, yo te gen konfyans anyen pa t ap rive moun ki te ladan l yo.

2 Men kounye a, apre dezan depi yo ansèkle vil la, gen yon moun ki sove kite Jerizalèm ki vin Babilòn. Men sa l fè konnen: “Yo kraze vil la!” Nouvèl sa a te demoralize moun ki te ann egzil yo. Yo pa t ka kwè sa k te rive a: Bèl vil yo a, tanp sakre a, peyi yo te renmen anpil la, tout te detwi! Yo te pèdi tout espwa yo te genyen pou yo tounen Jerizalèm. — Eze. 21:7; 33:21.

3 Sepandan, nan moman sa a kote yo te sanzespwa, Ezekyèl resevwa yon gwo vizyon ki bay espwa. Ki mesaj vizyon sa a te gen ladan l pou moun ki te ann egzil yo ki te dekouraje? Ki rapò vizyon sa a genyen ak pèp Bondye a jodi a, e ki jan nou chak, nou ka jwenn byenfè ladan l? Pou nou jwenn repons yo, ann egzamine sa Jewova te fè Ezekyèl wè nan vizyon sa a.

Pale ak “zo sa yo” epi “pale ak van an”

4. Ki sa k te plis atire atansyon Ezekyèl nan vizyon an?

4 Li Ezekyèl 37:1-10. Nan yon vizyon, Ezekyèl chita nan yon vale ki chaje ak zosman. Pou Jewova te ka fè Ezekyèl konprann enpòtans vizyon an, li bay pwofèt la lòd pou l “pase toutotou” zo sa yo ki te gaye toupatou. Pandan Ezekyèl t ap mache nan vale a, gen de bagay ki te plis atire atansyon l: kantite zo yo ak eta yo. Ezekyèl te wè “yon pil ak yon pakèt zo e “yo te fin sèch nèt”.

5. Ki de lòd Jewova te bay Ezekyèl, e ki sa k te pase lè Ezekyèl te fin obeyi yo?

5 Annapre, Jewova bay Ezekyèl de lòd ki t apral deklannche etap pou tout bagay retounen nan plas yo tikras pa tikras. Men premye lòd la: “Se pou w di zo sa yo [...] n ap vin vivan.” (Eze. 37:4-6). Kou Ezekyèl te fin bay pwofesi a, li “tande yon bri ki te tankou bri bagay k ap frape youn ak lòt epi zo yo te kòmanse rasanble”, apre sa, “yo vin gen tandon ak chè sou yo e yo te vin gen po sou yo tou”. (Eze. 37:7, 8.) Men dezyèm lòd la: “Pale ak van an”, di l pou l “soufle sou” kadav yo. Kou Ezekyèl fin bay pwofesi a, zo “yo te vin gen souf nan yo, yo te vin vivan e yo te kanpe sou de pye yo. Se te yon kokennchenn lame”. — Eze. 37:9, 10.

“Zo nou fin seche nèt e nou pa gen okenn espwa ankò”

6. Ki pawòl Jewova te di Ezekyèl ki te ede l konprann vizyon an?

6 Apre sa, Jewova esplike Ezekyèl pwofesi a. Li di l: “Zo sa yo se tout moun Izrayèl yo.” Annefè, apre moun ki te ann egzil yo te fin aprann Jerizalèm detwi, yo te tankou moun ki mouri. Se sa k fè, yo t ap plenyen, yo t ap di: “Zo nou fin seche nèt e nou pa gen okenn espwa ankò. Yo lage nou poukont nou.” (Eze. 37:11; Jer. 34:20). Apre sa, pou Jewova reponn yo pou plenyen y ap plenyen an, li fè konnen vizyon konsènan zo yo, yon vizyon ki parèt sanzespwa, gen yon bèl mesaj espwa ladan l pou Izrayèl.

7. Selon sa nou jwenn nan Ezekyèl 37:12-14, ki sa Jewova fè Ezekyèl konnen e ki garanti sa te bay pèp Li a ki te ann egzil?

7 Li Ezekyèl 37:12-14. Pa mwayen vizyon sa a, Jewova te bay moun ki te ann egzil yo asirans l ap fè yo vin vivan ankò, l ap fè yo tounen nan peyi yo epi l ap kite yo tabli nan peyi a. Mete sou sa, lè Jewova t ap pale ak yo, yon lòt fwa ankò li te rele yo: “Pèp mwen.” Ala ankourajan pawòl sa yo dwe te ankourajan pou moun sa yo ki te ann egzil e ki te dekouraje! Ki sa k fè yo te ka gen asirans pwomès sa a t ap reyalize? Se paske se Jewova menm ki te di sa. Men sa l te di: “Mwen menm, Jewova, mwen te pale e m fè sa m te di a.”

8. a) Ki jan “tout moun Izrayèl yo” te nan yon sitiyasyon kote se kòmsi yo te mouri? b) Ki jan Ezekyèl 37:9 fè konnen sa k te lakòz Izrayèl mouri nan yon sans senbolik? (Gade nòt la.)

8 Ki fason nasyon Izrayèl tan lontan an te viv akonplisman pati tris ki nan vizyon sa a? Izrayèl te prèske pèdi relasyon l te genyen ak Jewova a lè wayòm dis tribi yo te tonbe nan ane 740 anvan epòk nou an e yo te mennen moun yo ann egzil. Anviwon 130 an annapre, lè yo te depòte moun Jida yo tou, “tout moun Izrayèl yo” te vin ann egzil (Eze. 37:11). Nan yon sans senbolik, tout moun ki te ann egzil yo te mouri menm jan ak zo Ezekyèl te wè nan vizyon an. * Epitou, zo Ezekyèl te wè yo pa t senp zo, se te yon seri zo ki te fin “seche nèt”, sa ki montre nan yon sans yo te mouri depi yon bon bout tan. Vrèmanvre, Izrayèl ak Jida te mouri nan domèn espirityèl pandan plis pase 200 an, soti ane 740 rive ane 537 anvan epòk nou an. — Jer. 50:33.

9. Nan ki sans sa k te rive Izrayèl selon lachè nan tan lontan an sanble ak sa k te rive “Izrayèl Bondye a”?

9 Pwofesi konsènan Izrayèl ki gen pou retabli a, tankou pwofesi Ezekyèl te bay yo, gen yon pi gwo akonplisman (Tra. 3:21). Menm jan nasyon Izrayèl tan lontan an te “mouri” pandan yon bon bout tan nan yon sans senbolik, se konsa tou, “Izrayèl Bondye a”, sa vle di kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, te mouri e l te nan prizon pandan yon bon bout tan nan yon sans senbolik (Gal. 6:16). Anfèt, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te nan prizon sa a pandan tèlman lontan, se kòmsi nou ta ka konpare sitiyasyon yo nan domèn espirityèl ak zo ki “te fin sèch nèt” yo (Eze. 37:2). Jan nou te esplike sa nan chapit anvan an, se nan dezyèm syèk epòk nou an kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te kòmanse vin prizonye e sa te dire lontan pandan plizyè syèk, jan Jezi te gentan di sa nan egzanp sou ble ak move zèb yo. — Mat. 13:24-30.

“Zo ki fin seche nèt” Ezekyèl te wè nan vizyon an fè referans ak yon peryòd byen long kote moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo te tankou yo mouri e yo nan prizon nan domèn espirityèl. (Gade paragraf 8, 9)

“Zo yo te kòmanse rasanble”

10. a) Ki sa Ezekyèl 37:7, 8 te fè konnen ki t ap rive pèp Bondye a? b) Ki sa k fè moun ki te ann egzil ki te gen lakrentif pou Bondye yo te vin gen espwa ankò tikras pa tikras?

10 Nan tan lontan, Jewova te fè konnen pèp li a t ap tounen gen lavi tikras pa tikras (Eze. 37:7, 8). Bon, ki bagay konsa, tikras pa tikras, ki te vin fè moun ki te ann egzil ki gen lakrentif pou Bondye yo gen konfyans ankò espwa yo te genyen pou yo tounen ann Izrayèl la ap reyalize? Youn nan bagay ki fè yo te ka gen espwa se pawòl ki nan pwofesi kèk pwofèt te bay anvan sa. Pa egzanp, Ezayi te fè konnen gen yon rès, “yon boujon ki sakre”, ki t ap tounen nan peyi a (Eza. 6:13; Jòb 14:7-9). Epitou, se sèten pwofesi Ezekyèl te ekri konsènan Juif yo ki t ap gen pou tounen nan peyi yo te fè yo toujou gen espwa. Mete sou sa, lefètke te gen yon seri gason fidèl nan Babilòn, tankou pwofèt Dànyèl, e lefètke vil Babilòn te tonbe nan ane 539 anvan epòk nou an, sa dwe te bay Juif ki te ann egzil yo plis espwa y ap tounen nan peyi yo.

11, 12. a) Ki jan “Izrayèl Bondye a” te tounen nan peyi yo tikras pa tikras? (Gade kare ki gen tit “Vrè adorasyon an retabli tikras pa tikras”.) b) Ki kesyon nou ka poze lè n wè sa ki di nan Ezekyèl 37:10 la?

11 Tikras pa tikras, ki jan “Izrayèl Bondye a”, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, te tounen nan peyi yo? Yo te pase yon bon bout tan ann egzil. Pandan peryòd sa a, ki te dire plizyè syèk, se kòmsi yo te mouri e yo te nan prizon nan domèn espirityèl. Men, moun te kòmanse tande “yon bri ki te tankou bri bagay k ap frape youn ak lòt” lè yon seri moun ki te gen lakrentif pou Bondye te pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Pa egzanp, nan 16yèm syèk la, William Tyndale te tradui Bib la ann anglè. Chèf yo nan Legliz katolik women an te fache paske kounye a moun òdinè te kapab li Bib la. Yo te touye Tyndale. Malgre sa, gen kèk moun ki te gen kouraj ki te kontinye tradui Bib la nan lòt lang, e konsa limyè espirityèl la te kòmanse gaye nan monn fènwa a.

12 Annapre, lè Charles T. Russell ansanm ak moun ki avè l yo te kòmanse travay di pou yo fè verite ki nan Bib la parèt aklè ankò, se te kòmsi te “vin gen tandon ak chè” sou zo yo. Toudegad Siyon an ak lòt piblikasyon te ede moun ki sensè yo jwenn verite ki nan Bib la, sa ki te pouse yo met ansanm ak sèvitè Bondye ki gen esperans pou al viv nan syèl la. Nan kòmansman ane 1900 yo, zouti tankou “Fotodram kreyasyon an” ak liv ki rele “Mistè a rive nan bout li” a (anglè) te vin bay moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo plis fòs. Yon ti tan annapre, lè a te rive pou Bondye fè pèp li a “kanpe sou de pye yo”. (Eze. 37:10.) Ki lè sa te fèt e ki jan l te fèt? Evènman ki te pase nan Babilòn tan lontan an ede nou jwenn repons kesyon sa a.

“Yo te vin vivan e yo te kanpe sou de pye yo”

13. a) Apati ane 537 anvan epòk nou an, ki jan pawòl nou jwenn nan Ezekyèl 37:10, 14 yo te reyalize? b) Ki vèsè ki montre gen kèk moun nan wayòm dis tribi yo ki te tounen ann Izrayèl?

13 Apati ane 537 anvan epòk nou an, Juif ki te Babilòn yo te wè vizyon an reyalize. Ki jan? Jewova te fè yo vin vivan e l te fè yo “kanpe sou de pye yo” lè l te delivre yo nan prizon e l te pèmèt yo tounen ann Izrayèl. Gen yon gwoup moun ki te gen 42 360 Izrayelit ak anviwon 7 000 moun ki pa t Izrayelit ki te kite Babilòn pou y al rebati Jerizalèm ak tanp lan e pou yo tabli yo nan peyi Izrayèl (Esd. 1:1-4; 2:64, 65; Eze. 37:14). Epitou, anviwon 70 an annapre, te gen apeprè 1 750 moun ki te ann egzil ki te tounen Jerizalèm ansanm ak Esdras (Esd. 8:1-20). Donk, antou, te gen plis pase 44 000 Juif ki te tounen, vrèmanvre se te yon “kokennchenn lame”. (Eze. 37:10.) Mete sou sa, Pawòl Bondye a fè konnen gen moun nan wayòm dis tribi a moun Asiri yo te depòte zansèt yo pandan 8yèm syèk anvan epòk nou an ki te tounen ann Izrayèl tou pou yo ede rebati tanp lan. — 1 Kwo. 9:3; Esd. 6:17; Jer. 33:7; Eze. 36:10.

14. a) Ki jan pawòl nou jwenn nan Ezekyèl 37:24 la ede nou konnen ki lè pi gwo akonplisman pwofesi a te fèt? b) Ki sa k te pase an 1919? (Gade kare ki gen tit “Ki rapò ki genyen ant ‘zo ki fin seche nèt’ yo ak ‘de temwen’ yo?”)

14 Ki jan pati sa a nan pwofesi Ezekyèl la te gen yon pi gwo akonplisman? Jan Jewova te fè Ezekyèl konn sa nan yon lòt pwofesi ki gen rapò ak pwofesi sa a, pi gwo akonplisman an ki gen rapò ak pèp la ki t ap tounen nan peyi l la t ap gen pou l fèt apre Jezi Kris, Gran David la, kòmanse dirije antanke Wa * (Eze. 37:24). Vrèmanvre, an 1919, Jewova te bay pèp li a lespri sen l. Kòm rezilta, yo te vin “vivan” e yo te libere sot nan Gran Babilòn nan (Eza. 66:8). Apre sa, Jewova te pèmèt yo tabli nan “peyi” yo, anpalan de paradi espirityèl la. Men jodi a, kòman pèp Jewova a fè vin yon “kokennchenn lame”?

15, 16. a) Jodi a, ki jan pèp Jewova a vin yon “kokennchenn lame”? b) Ki jan pwofesi sa a ap ede nou fè fas ak sitiyasyon ki difisil nan lavi a? (Gade kare ki gen tit “Nou jwenn èd pou n kanpe sou de pye nou”.)

15 Yon ti tan apre Kris te fin nome esklav fidèl la an 1919, sèvitè Bondye yo te kòmanse wè reyalizasyon sa Zakari, yon pwofèt Bondye ki te pami moun ki te ann egzil yo, te anonse a, lè l te di: “Anpil pèp ak anpil gwo nasyon ap vin chèche Jewova.” Pwofèt la te pale de moun k ap chèche Jewova yo kòm “dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale”. Moun sa yo t ap kenbe wòb “yon Juif” byen di, anpalan de Izrayèl espirityèl la, toutpandan y ap di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — Zak. 8:20-23.

16 Jodi a, moun ki fè pati Izrayèl espirityèl la (rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la) ansanm ak “dis moun” yo (lòt mouton yo) fòme yon “kokennchenn lame” ki gen plizyè milyon moun ladan l (Eze. 37:10). Antanke sòlda Kris ki fè pati lame sa a k ap vin pi gwo chak jou, nou suiv Jezi, Wa nou an, pye pou pye pou n jwenn benediksyon ki pi devan yo. — Sòm 37:29; Eze. 37:24; Flp. 2:25; 1 Tes. 4:16, 17.

17. Ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

17 Vrè adorasyon an ki t ap retabli a t ap fè pèp Bondye a vin gen yon gwo responsablite. Ki responsablite? Pou n jwenn repons kesyon sa a, nou bezwen fè bak pou n egzamine travay Jewova te bay Ezekyèl fè anvan Jerizalèm te detwi a. N ap fè sa nan chapit ki vin annapre a.

^ § 8 Zo Ezekyèl te wè nan vizyon an, se pa t zo moun ki te mouri mò natirèl, se zo moun “yo te touye”. (Eze. 37:9.) Anfèt, lè moun Asiri yo, e pi devan Babilónyen yo, te pran moun nan wayòm dis tribi Izrayèl yo ak moun nan de tribi Jida yo kòm prizonye e yo te mennen yo ann egzil, se kòmsi yo te touye “tout moun Izrayèl yo”.

^ § 14 Yo pale de pwofesi sa a ki gen rapò ak Mesi a nan chapit 8 nan liv sa a.