Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 9

“M ap fè yo fè yon sèl”

“M ap fè yo fè yon sèl”

EZEKYÈL 11:19

IDE KLE: Pèp la ap tounen nan peyi l ak fason Ezekyèl pale de sa nan pwofesi l yo.

1-3. Ki jan moun Babilòn yo te konn pase moun k ap adore Jewova yo nan rizib, e poukisa?

 IMAJINE ou se yon Juif ki fidèl k ap viv nan vil Babilòn. Sa fè anviwon senkantan depi Juif yo ann egzil. Jan w abitye fè sa nan jou saba a, ou gen randevou ak kwayan parèy ou yo pou nou adore Jewova. Pandan w ap mache nan lari a ki chaje ak aktivite, ou pase devan yon seri tanp ki gwo anpil ansanm ak yon bann ak yon pakèt lotèl. Gen anpil moun ki rasanble kote sa yo, y ap fè sakrifis e y ap chante pou yon seri dye tankou Madouk.

2 Ou rankontre ak ti gwoup kwayan parèy ou yo yon kote ki apa. * Nou jwenn yon ti kote trankil, petèt toupre youn nan kanal vil la, pou n priye, pou n chante sòm e pou n medite sou Pawòl Bondye a. Pandan n ap priye ansanm, ou tande bri kannòt ki mare toupre kanal la. Ou santi w kontan paske ti zòn nan kalm. Ou pa ta renmen pou okenn moun zòn nan wè nou pou yo pa vin deranje reyinyon nou an, jan yo abitye fè sa. Poukisa yo konn fè sa?

3 Babilòn abitye genyen nan lagè e moun yo panse se fo dye yo ki fè vil la pisan. Pou moun Babilòn yo, lefètke Jerizalèm te detwi nèt sa montre Madouk, dye yo a, pi fò pase Jewova! Se sa k fè yo pase Bondye w la ansanm ak pèp li a nan jwèt. Pafwa, pou yo pase nou nan rizib, yo konn di nou: “Chante youn nan chante Siyon yo pou nou.” (Sòm 137:3). Gen anpil sòm ki pale sou laviktwa Siyon te ranpòte kont ènmi Jewova yo. Petèt moun Babilòn yo te sitou renmen sèvi ak sòm sa yo pou pase Juif yo nan rizib. Men, gen lòt sòm ki te pale sou Babilòn menm. Pa egzanp, men sa youn ladan yo di: “Yo fè Jerizalèm tounen yon pil dekonm. [...] Tout moun ki bò kote nou yo ap pase nou nan rizib, y ap bat plezi sou nou.” — Sòm 79:1, 3, 4.

4, 5. Ki espwa pwofesi Ezekyèl la te bay, e ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

4 Epitou, Juif ki aposta yo te toujou chofe pou yo pase nou nan rizib paske nou gen konfyans nan Jewova ak nan pwofèt li yo. Malgre sa, vrè adorasyon an bay ni ou menm ni fanmi w anpil konsolasyon. Nou santi nou tèlman byen lè n priye e lè n chante ansanm. Lè nou li Pawòl Bondye a sa konsole nou (Sòm 94:19; Wom. 15:4). Imajine jou sa a, youn nan kwayan parèy ou yo te pote yon bagay espesyal nan reyinyon an: yon woulo ki gen pwofesi Ezekyèl la. Ou renmen tande pwomès Jewova fè pou l fè pèp li a tounen nan peyi yo a. Ou santi kè w kontan lè yo li pwofesi sa a awotvwa, e w espere ou menm ak fanmi w ap tounen nan peyi nou yon lè e n ap ede remete peyi a sou pye. Se pral yon bèl moman!

5 Pwofesi Ezekyèl la chaje ak pwomès konsènan pèp la k ap tounen nan peyi l. Annou egzamine sijè sa a ki bay espwa. Ki jan pwofesi sa yo te reyalize pou moun ki te ann egzil yo? Ki siyifikasyon pwofesi sa yo genyen nan epòk nou an? Nou pral egzamine tou kèk pwofesi ki gen yon dènye akonplisman k ap fèt alavni.

“Yo pral ann egzil, y ap vin prizonye”

6. Pandan plizyè fwa, ki jan Bondye te avèti pèp li a ki te rebèl?

6 Pa mwayen Ezekyèl, Jewova te fè pèp li a konnen fason li t apral pini yo paske yo te rebele kont li. Men sa Jewova te di: “Yo pral ann egzil, y ap vin prizonye.” (Eze. 12:11). Jan nou te wè sa nan chapit 6 nan liv sa a, Ezekyèl te menm jwe sèn konsènan santans sa a. Men, se pa t premye avètisman Izrayelit yo te jwenn. Depi nan epòk Moyiz, prèske mil an anvan sa, Jewova te avèti pèp li a si yo te kontinye rebele kont li, yo t apral ann egzil (Det. 28:36, 37). Kèk pwofèt tankou Ezayi ak Jeremi te bay menm avètisman sa yo. — Eza. 39:5-7; Jer. 20:3-6.

7. Ki diferan fason Jewova te pini pèp li a?

7 Men, malerezman, pifò moun pa t okipe avètisman sa yo. Tank tan t ap pase, sa te vin fè Jewova mal pou l wè jan pèp la te rebele kont li, jan yo t ap adore zidòl, jan yo pa t fidèl ak jan yo te lage kò yo nan tout kalite peche anba enfliyans move dirijan yo te genyen yo. Se sa k fè, li te pèmèt yo soufri gwo grangou, sa ki te yon wont pou yo piske yo t ap viv nan “yon peyi kote lèt ak siwo myèl [t] ap koule”. (Eze. 20:6, 7.) Annapre, jan Jewova te gentan anonse sa depi byen lontan, li te pèmèt yo mennen pèp rebèl li a ann egzil. Nan ane 607 anvan epòk nou an, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te fè dènye atak la, li te detwi Jerizalèm ak tanp lan. E pami Juif ki te rete yo, yo te mennen plizyè milye ann egzil nan Babilòn. Lè yo rive, moun yo te pase yo nan rizib e yo te jwenn opozisyon jan nou te pale de sa nan kòmansman chapit la.

8, 9. Ki jan Bondye te avèti kongregasyon kretyen an kont apostazi?

8 Nan yon sans, èske kongregasyon kretyen an te ann egzil menm jan Juif yo te ann egzil nan Babilòn? Wi sa te rive! Menm jan ak Juif yo nan tan lontan, yo te gentan avèti disip Kris yo alavans. Men sa Jezi te di nan kòmansman sèvis li sou tè a: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.” (Mat. 7:15). Plizyè ane annapre, Bondye te enspire apot Pòl pou l bay yon avètisman menm jan an: “Mwen konnen apre m fin ale, gen moun ki tankou lou mechan k ap antre nan mitan nou, yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, e gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.” — Tra. 20:29, 30.

9 Kretyen yo te jwenn fòmasyon sou fason pou yo idantifye moun ki danjere sa yo ak fason pou yo evite yo. Ansyen yo te jwenn enstriksyon sou fason pou yo retire aposta yo nan kongregasyon an (1 Tim. 1:19; 2 Tim. 2:16-19; 2 Pyè 2:1-3; 2 Jan 10). Sepandan, menm jan sa te ye ann Izrayèl ak nan Jida tan lontan an, tikras pa tikras, anpil kretyen te vin pa okipe avètisman sa yo yo te ba yo avèk lanmou. Nan fen premye syèk la, apostazi te gentan anrasinen nan kongregasyon an. Jan, dènye apot ki te toujou vivan nan fen premye syèk la, te rann li kont kongregasyon an t ap soufri akoz koripsyon ak rebelyon ki te gaye ladan l. Se sèl li menm ki te rete ki te anpeche move tandans sa a fini ak kongregasyon an (2 Tes. 2:6-8; 1 Jan 2:18). Ki sa k te pase lè Jan fin mouri?

10, 11. Ki jan pwofesi Jezi te bay sou ble ak move zèb la te reyalize apati dezyèm syèk epòk nou an?

10 Apre lanmò Jan, parabòl Jezi te bay sou ble ak move zèb la te kòmanse reyalize. (Li Matye 13:24-30.) Jan Jezi te gentan fè konn sa, Satan te simen “move zèb” nan kongregasyon an, anpalan de fo kretyen yo, e koripsyon te kòmanse vale teren. Se pa ti mal sa dwe te fè Jewova mal lè l te wè kongregasyon Pitit gason l te fòme a te vin sal ak idolatri, fèt ak pratik payen, fo doktrin yo te pran nan filozofi ki pa kwè nan Bondye ak nan relijyon ki anba enfliyans Satan! Ki sa Jewova te fè? Menm jan l te fè pou Izrayèl tan lontan an, li te kite yo mennen pèp li a ann egzil. Apati dezyèm syèk epòk nou an, li te difisil pou rekonèt moun ki te tankou ble yo tèlman te gen fo kretyen. Anfèt, vrè kongregasyon an te ann egzil nan Gran Babilòn nan, ki reprezante tout fo relijyon nan monn nan, alòske fo kretyen yo te anba kontwòl fo relijyon sa yo. Lefètke fo kretyen yo t ap fleri, sa te lakòz relijyon ki di yo se kretyen yo vin parèt.

11 Pandan syèk kote relijyon ki di yo se kretyen yo t ap domine yo, yon peryòd kote pa t gen limyè nan domèn espirityèl, te gen kèk vrè kretyen, anpalan de “ble” Jezi te pale de li nan parabòl li a. Menm jan ak Juif ki te ann egzil yo pale de yo nan Ezekyèl 6:9 la, moun sa yo te sonje vrè Dye a. Gen kèk ladan yo ki te met kouraj sou yo pou yo opoze ak fo doktrin relijyon ki di yo se kretyen yo ap anseye. Moun te pase yo nan rizib e yo te jwenn pèsekisyon. Èske Jewova te gen entansyon kite pèp li a nan fo relijyon pou toutan? Non! Menm jan sa te ye nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te fache nan yon degre ki apwopriye e pandan kantite tan ki te nesesè a (Jer. 46:28). Mete sou sa, Jewova pa t kite pèp li a san espwa. Ann retounen sou Juif ki te ann egzil nan Babilòn tan lontan an epi ann wè ki jan Jewova te ba yo espwa yon lè yo pap ann egzil ankò.

Pandan plizyè syèk, Gran Babilòn nan te pèsekite vrè kretyen yo. (Gade paragraf 10, 11)

“Mwen pap an kòlè ankò”

12, 13. Nan epòk Ezekyèl la, ki sa k fè Jewova t ap sispann an kòlè kont pèp li a ki te ann egzil?

12 Jewova te fè pèp li a konnen l ap an kòlè kont yo, men li te ba yo garanti tou se pa t ap pou toutan, byenke li te gen bonjan rezon pou l an kòlè. Pa egzanp, note pawòl sa yo: “Mwen pap an kòlè ankò, wi, kòlè m ap desann e m ap satisfè. Lè m fin vide kòlè m sou yo, lè sa a y ap konnen, mwen menm, Jewova, mwen te pale avèk yo, paske mwen se yon Dye ki egzije pou yo atache avè m sèlman.” (Eze. 5:13). Ki sa k fè Jewova t ap sispann an kòlè?

13 Pami prizonye yo, gen Juif ki te fidèl yo te mennen ann egzil ansanm ak Juif parèy yo ki pa t fidèl. Epitou, pa mwayen Ezekyèl, Bondye te fè konnen gen kèk moun pami pèp li a ki t ap repanti pandan yo te ann egzil. Juif sa yo ki repanti t ap sonje move bagay yo te fè ki te montre yo fè rebèl ak Bondye yo a, e yo t ap sipliye Jewova pou l padone yo e pou l fè yo favè (Eze. 6:8-10; 12:16). Ezekyèl te pami moun ki fidèl yo, menm jan ak pwofèt Dànyèl ak twa zanmi l yo. Anfèt, Dànyèl te viv ase lontan pou l te wè ni lè yo t ap mennen pèp la ann egzil ni lè pèp la te tounen sot ann egzil. Nou jwenn priyè sensè li te fè pou l konfese peche Izrayèl te fè yo nan Dànyèl chapit 9. Pa gen dout, santiman l te genyen yo te reprezante santiman plizyè milye moun ki te ann egzil ki te swaf pou Jewova padone yo e pou yo jwenn benediksyon l ankò. Donk, pwomès Bondye te enspire Ezekyèl pou l ekri konsènan pèp li a yo t ap libere e ki t ap tounen nan peyi yo te vrèman enteresan!

14. Sa k fè Jewova t ap fè pèp li a tounen nan peyi yo?

14 Men, gen yon bagay ki te pi enpòtan ki fè pèp Bondye a te jwenn libète l e l te tounen nan peyi l. Se pa paske yo te fè anpil ane ann egzil ki fè yo te merite libere, men, se paske lè pou Jewova te fè non l vin sen ankò devan tout nasyon yo te rive (Eze. 36:22). Moun Babilòn yo t ap konnen yon fwa pou tout dye y ap sèvi yo, tankou Madouk, pa ka parèt devan Jewova, Seyè ki Souvren an! Ann egzamine senk pwomès Jewova te enspire Ezekyèl pou l pataje ak Juif ki te ann egzil ansanm avè l yo. Premyèman, ann pale sou siyifikasyon chak pwomès t ap genyen pou moun fidèl sa yo. Apre sa, n ap wè fason pwomès sa yo te vin gen yon pi gwo akonplisman.

15. Ki chanjman moun ki tounen yo t ap gen pou yo fè nan fason yo te konn adore Bondye?

15 1YE PWOMÈS. Pap gen idolatri ankò oswa okenn lòt bagay ki bay degoutans ki gen rapò ak fo relijyon. (Li Ezekyèl 11:18; 12:24.) Jan nou te wè sa nan chapit 5 nan liv sa a, Jerizalèm ak tanp lan te vin sal ak pratik, tankou idolatri, ki soti nan fo relijyon. Pèp la te vin ap fè sa k pa bon, yo te vin lwen Jewova. Jewova te sèvi ak Ezekyèl pou l fè konnen moun ki ann egzil yo te ka gen espwa yon lè yo t ap adore Bondye yon fason ki pwòp e ki san tach ankò. Tout lòt benediksyon pèp la t ap jwenn apre yo fin tounen nan peyi yo t ap depann de yon bagay fondamantal ki se: retabli Bondye t ap retabli vrè adorasyon an.

16. Ki pwomès Jewova te fè konsènan peyi li te bay pèp li a?

16 2YÈM PWOMÈS. Y ap tounen nan peyi yo. Jewova te di moun ki ann egzil yo: “M ap ban nou peyi Izrayèl.” (Eze. 11:17). Se yon pwomès estrawòdinè, paske moun Babilòn, ki t ap pèsekite pèp Bondye a ki te ann egzil, pa t janm ba yo okenn espwa yon jou y ap tounen nan peyi yo te renmen an (Eza. 14:4, 17). Mete sou sa, toutotan moun ki te tounen yo te rete fidèl, peyi a t ap pwodui manje ki pou pèmèt yo viv e yo t ap jwenn travay k ap itil yo. Yo pa t ap wont e yo pa t ap nan mizè ankò akoz grangou ki te genyen an. — Li Ezekyèl 36:30.

17. Ki sa k t ap rive konsènan sakrifis yo te konn bay Jewova yo?

17 3YÈM PWOMÈS. Y ap rekòmanse bay Jewova ofrann sou lotèl li a. Jan sa te parèt nan chapit 2 nan liv sa a, sou Lalwa, sakrifis ak ofrann te enpòtan anpil nan vrè adorasyon an. Toutotan moun ki te tounen sot ann egzil yo te obeyisan e yo te pwòp nan domèn espirityèl, Jewova t ap aksepte ofrann yo. Konsa, pèp la t ap ka jwenn padon pou peche l yo e l t ap rete pwòch ak Bondye l la. Men sa Jewova te pwomèt: “Tout moun Izrayèl yo nèt ap sèvi m. N ap fè kè m kontan nan peyi a e m ap egzije pou nou ban m kontribisyon nou yo ak pi bon bagay n ap ofri m kòm ofrann yo, wi, tout bagay sakre nou yo.” (Eze. 20:40). Bondye t ap retabli vrè adorasyon an toutbon, sa ki t ap pote benediksyon pou pèp li a.

18. Ki jan Jewova t apral pran swen pèp li a?

18 4YÈM PWOMÈS. L ap retire move bèje yo. Youn nan rezon ki fè pèp Bondye a te vin ap aji mal konsa se paske mesye ki te pran latèt yo te gen move enfliyans sou yo. Jewova te pwomèt pou l chanje sa. Men ki pwomès li te fè konsènan move bèje sa yo: “Mwen pap kite yo bay mouton m yo manje ankò. [...] M ap delivre mouton m yo anba bouch yo.” Men, Jewova te bay moun ki te fidèl yo garanti sa a: “M ap pran swen mouton m yo.” (Eze. 34:10, 12). Ki jan l t ap fè sa? Li t ap sèvi ak gason ki fidèl kòm bèje.

19. Ki pwomès Jewova te fè konsènan tèt ansanm?

19 5YÈM PWOMÈS. Ap gen tèt ansanm pami adoratè Jewova yo. Imajine jan sa dwe te dekourajan pou adoratè Bondye ki te fidèl yo te wè jan pa t gen tèt ansanm pami pèp Bondye a anvan yo t al ann egzil la. Pèp la, ki te anba enfliyans fo pwofèt ak move bèje, te fè rebèl ak pwofèt fidèl ki te reprezante Jewova yo, e yo te menm vin divize an plizyè gwoup. Se sa k fè, men youn nan bagay ki pi enteresan nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Ezekyèl konsènan pèp la ki t ap tounen nan peyi l: “M ap fè yo fè yon sèl, m ap fè yo panse yon lòt jan.” (Eze. 11:19). Toutotan Juif ki te tounen sot ann egzil yo te kontinye obeyi Jewova e yo te kontinye gen tèt ansanm, pa gen okenn ènmi ki t ap ka bat yo. Antanke nasyon, yo t ap ka fè Jewova jwenn glwa ankò olye yo lage dezonè ak lawont sou li.

20, 21. Ki jan pwomès Bondye te fè yo te reyalize sou moun ki te tounen sot ann egzil yo?

20 Èske toule senk pwomès sa yo te reyalize sou Juif ki te tounen sot ann egzil yo? L ap bon pou nou sonje pawòl Jozye, yon sèvitè Bondye fidèl nan tan lontan, te di yo: “Pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize. Yo tout nèt reyalize pou nou. Pa gen yon pawòl ladan yo ki pa reyalize.” (Joz. 23:14). Menm jan Jewova te kenbe pwomès li nan epòk Jozye a, se konsa tou li t ap kenbe pwomès li nan epòk Juif ki te ann egzil ki te tounen nan peyi yo a.

21 Juif yo te sispann fè idolatri ak lòt bagay ki bay degoutans fo relijyon yo te konn pratike ki te lakòz yo vin lwen Jewova. Malgre sa te parèt enposib, yo te tounen nan peyi yo, yo te travay tè e yo te mennen yon vi ki ba yo satisfaksyon. Youn nan premye bagay yo te fè se remete lotèl Jewova a sou pye nan Jerizalèm pou Bondye te ka aksepte ofrann yo t ap fè yo (Esd. 3:2-6). Kòm benediksyon, Jewova te ba yo bonjan bèje, tankou Esdras, yon prèt fidèl ki te konn rekopye Lalwa, Neyemi ak Zowobabèl, ki te gouvènè, ansanm ak yon seri pwofèt ki te gen kouraj tankou Aje, Zakari ak Malachi. Toutotan pèp la te kontinye obeyi direksyon Jewova bay, yo te gen tèt ansanm e sa fè lontan depi yo pa t gen yon tèt ansanm konsa. — Eza. 61:1-4; li Jeremi 3:15.

22. Ki jan n fè konnen premye akonplisman pwofesi konsènan epòk tout bagay ap tounen jan yo te ye anvan an se te sèlman yon apèsi sou yon bagay ki te pi gwo lontan?

22 Pa gen dout, premye akonplisman pwomès Jewova te fè pou l retabli vrè adorasyon an te ankourajan! Men, akonplisman pwomès sa yo te sèlman yon apèsi sou yon bagay ki te pi gwo lontan. Ki jan nou fè konn sa? Bon, pwomès yo te mache ak kondisyon: Jewova t ap reyalize yo akondisyon pèp la te rete obeyisan e l te byen reyaji lè Jewova ba l direksyon. Rive yon lè, Juif yo te rekòmanse dezobeyi e yo te vin rebèl ankò. Men, jan Jozye te di sa, pawòl Jewova toujou reyalize. Donk, pwomès yo t ap gen yon pi gwo akonplisman, e rezilta yo t ap dire pi lontan. Ann wè ki jan sa te pase.

“N ap fè kè m kontan”

23, 24. Ki lè “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse, e ki fason l te kòmanse?

23 Antanke moun k ap etidye Bib la, nou konnen dènye jou sistèm mechan ki la kounye a te kòmanse an 1914. Men, sa pa fè sèvitè Jewova yo tris. Anfèt, Bib la fè konnen ane 1914 se kòmansman yon epòk ki vrèman enteresan, paske se “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”. (Tra. 3:21.) Ki jan nou fè konn sa? Bon, ki sa k te pase nan syèl la an 1914? Ebyen, Bondye te mete Jezi Kris Wa! Nan ki sans se te yon epòk kote bagay yo te tounen jan yo te ye anvan an? Pa bliye, Jewova te pwomèt wa David t ap gen yon moun nan fanmi l k ap wa pou toutan (1 Kwo. 17:11-14). Lè Babilòn te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, te sispann gen moun nan fanmi David ki te wa.

24 Antanke “Pitit lòm nan”, Jezi te yon desandan David, konsa li te gen dwa legal pou l vin wa (Mat. 1:1; 16:13-16; Lik 1:32, 33). Nan ane 1914, lè Jewova te mete Jezi sou twòn nan antanke wa, “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse! Kounye a, li te vin posib pou Jewova sèvi ak Wa ki pafè sa a pou l kontinye travay pou retabli tout bagay la.

25, 26. a) Ki lè pèp Bondye a te soti ann egzil nan Gwo Babilòn nan, e ki jan n fè konn sa? (Gade kare ki gen tit “Poukisa nou di 1919?”) b) Ki sa k te rive apati ane 1919 ki montre pwofesi a te kòmanse reyalize?

25 Youn nan premye bagay Kris te fè antanke Wa se mete l te mete ansanm ak Papa l pou yo enspekte fason pèp Bondye a ap adore Bondye sou tè a (Mal. 3:1-5). Jan Jezi te fè konn sa nan parabòl ble ak move zèb la, pandan anpil tan, li te enposib pou moun fè diferans ant ble a ak move zèb la, sa vle di ant vrè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak moun ki pran pòz se kretyen yo ye yo. * Men, an 1914, sezon rekòt la te rive, e diferans lan te vin parèt klè. Pandan plizyè dizèn ane anvan 1914, Etidyan Labib ki te fidèl yo te fè konnen aklè bagay mal relijyon ki fè konnen se kretyen yo ye yo t ap fè e yo te kòmanse retire kò yo nan legliz sa yo. Lè pou Jewova retabli vrè adorasyon an te rive. Konsa, nan kòmansman ane 1919, kèk ane sèlman depi “sezon rekòt la” te kòmanse, pèp Bondye a te soti nèt nan prizon nan Gran Babilòn nan (Mat. 13:30). Yo pa t ann egzil ankò!

26 Pwofesi Ezekyèl konsènan pèp la ki t ap tounen nan peyi l la te kòmanse reyalize yon fason pèp Bondye a potko janm wè anvan sa. Kounye a, ann wè ki jan senk pwomès nou te egzamine yo te gen yon pi gwo akonplisman.

27. Ki jan Bondye te fè pèp li a vin pwòp anrapò ak idolatri?

27 1YE PWOMÈS. Pap gen idolatri ankò oswa okenn lòt bagay ki bay degoutans ki gen rapò ak relijyon. Nan fen 19yèm syèk la ak nan kòmansman 20yèm syèk la, kretyen ki te fidèl yo te reyini ansanm e yo te kòmanse denonse pratik fo relijyon yo. Yo te vin konprann doktrin tankou adorasyon yon Dye an twa pèsòn, kwayans konsènan yon nanm ki pa ka mouri ak doktrin sou dife lanfè a se yon seri ansèyman ki pa soti nan Bib la e ki gen rasin yo nan fo relijyon. Yo te fè konnen aklè sèvi ak imaj pou adore Bondye se idolatri. Tikras pa tikras, pèp Bondye a te vin konprann sèvi ak kwa pou adore Bondye se yon fòm idolatri tou. — Eze. 14:6.

28. Nan ki sans pèp Jewova a te tounen nan peyi yo?

28 2YÈM PWOMÈS. Pèp Bondye a ap tounen nan peyi espirityèl la. Kòm vrè kretyen yo kite Gran Babilòn nan, yo vin twouve yo nan peyi espirityèl ki pou yo a, sa vle di yon kondisyon oswa yon anviwònman Bondye beni kote yo pap janm grangou ankò nan domèn espirityèl. (Li Ezekyèl 34:13, 14.) Jan n pral wè sa pi devan nan chapit 19 nan liv sa a, Jewova beni peyi sa a lè l kontinye fè l jwenn yon pakèt manje espirityèl yon fason ki potko janm fèt anvan sa. — Eze. 11:17.

29. Ki jan travay predikasyon an te pran fòs nan ane 1919?

29 3YÈM PWOMÈS. Y ap rekòmanse bay Jewova ofrann sou lotèl li a. Nan premye syèk la, yo te fè kretyen yo konnen yo pa t gen pou yo ofri Bondye bèt kòm sakrifis, men yo te dwe ofri l yon kado ki gen plis valè lontan, anpalan de pawòl y ap di pou yo ba l louwanj ak preche y ap preche lòt moun pou fè yo konnen l (Ebre 13:15). Pandan syèk yo te pase ann egzil yo, pa t gen okenn posiblite pou yo fè sakrifis sa yo. Men, lè peryòd egzil la te prèske rive nan bout li, pèp Bondye a te deja ap fè sakrifis louwanj sa yo. Yo te okipe nan travay predikasyon an e yo te kontan fè louwanj pou Bondye nan reyinyon yo. Depi 1919, “esklav fidèl ki prevwayan an” mete plis aksan sou travay predikasyon an e li pi byen òganize l toujou (Mat. 24:45-47). Konsa, lotèl Jewova a chaje ak sakrifis moun k ap fè louwanj pou non l yo ap fè, yon seri moun ki tankou yon lame ki kontinye ap vin pi gwo.

30. Ki sa Jezi te fè pou l fè pèp li a jwenn bon bèje?

30 4YÈM PWOMÈS. L ap retire move bèje yo. Kris te libere pèp Bondye a anba fo bèje ki nan relijyon ki di se kretyen yo ye yo, yon seri bèje ki kòwonpi e ki egoyis. Li te retire move bèje yo nan kongregasyon an (Eze. 20:38). Jezi, antanke bon Bèje a, asire l yo byen pran swen mouton l yo. Nan ane 1919, li te nome esklav fidèl ki prevwayan an. Ti gwoup kretyen fidèl sa a Bondye chwazi pou al nan syèl la pran latèt nan bay pèp Bondye a manje nan domèn espirityèl, konsa li byen pran swen yo. Rive yon lè, ansyen yo te jwenn fòmasyon k ap ede yo pran swen “twoupo Bondye a”. (1 Pyè 5:1, 2.) Byen souvan, yo sèvi ak pawòl Bondye te enspire Ezekyèl pou l ekri nou jwenn nan Ezekyèl 34:15, 16 la pou fè bèje yo nan kongregasyon an sonje prensip Jewova ak Jezi Kris mete sou pye pou pran swen mouton yo.

31. Ki jan Jewova te fè pwofesi ki nan Ezekyèl 11:19 la akonpli?

31 5YÈM PWOMÈS. Ap gen tèt ansanm pami adoratè Jewova yo. Pandan plizyè syèk, relijyon ki di se kretyen yo ye yo te vin divize fè plizyè dizèn milye lòt relijyon ak sèk ki pa ann akò youn ak lòt. Yon lòt bò, Jewova fè yon gwo mirak pou pèp li a li retabli a. Pwomès li te fè pa mwayen Ezekyèl lè l te di “m ap fè yo fè yon sèl” la te gen yon pi gwo akonplisman (Eze. 11:19). Toupatou sou tè a, Kris gen plizyè milyon disip ki soti nan diferan ras, ran sosyal e ki gen diferan nivo ekonomik. Poutan, yo anseye yo tout menm verite yo e yo tout ap fè menm travay la nan yon bèl tèt ansanm. Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te priye anpil pou disip li yo gen tèt ansanm. (Li Jan 17:11, 20-23.) Nan epòk nou an, Jewova reponn priyè sa a nan fason ki pi estrawòdinè ki te ka genyen an.

32. Ki jan w santi w parapò ak akonplisman pwofesi konsènan pèp Bondye a ki t ap tounen nan peyi yo a? (Gade kare ki gen tit “Pwofesi konsènan pèp Bondye a ki t ap vin prizonye e ki t ap libere”.)

32 Èske w pa kontan viv nan epòk sa a kote tout bagay ap tounen jan yo te ye anvan an? Nou wè fason pwofesi Ezekyèl yo ap reyalize nan chak aspè ki gen nan adorasyon n ap bay Bondye jodi a. Kounye a, nou kapab gen konfyans Jewova kontan lè l ap gade pèp li a, jan l te fè konn sa lè l te di Ezekyèl: “N ap fè kè m kontan.” (Eze. 20:41). Èske w rann ou kont kalite privilèj ou genyen pou w fè pati pèp ki gen tèt ansanm e ki byen nouri k ap bay Jewova louwanj sou tout tè a, yon pèp ki libere apre plizyè syèk li te fè ann egzil? Men, gen kèk nan pwofesi Ezekyèl te bay anrapò ak pèp la k ap tounen nan peyi yo a k ap gen yon pi gwo akonplisman toujou.

“Tankou jaden Edenn”

33-35. a) Ki sans pwofesi ki nan Ezekyèl 36:35 lan te genyen pou Juif ki te ann egzil yo? b) Ki sans pwofesi sa a genyen pou pèp Jewova a jodi a? (Gade kare ki gen tit “Epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”.)

33 Jan nou te wè sa, “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse lè Jezi te vin wa an 1914, sa ki vle di te vin gen yon moun ankò nan fanmi David ki wa (Eze. 37:24). Apre sa, Jewova te bay Jezi pouvwa pou l fè pèp Li a rekòmanse adore l fason ki pwòp la apre plizyè syèk yo te fè ann egzil. Men, èske travay Kris gen pou l fè yo kanpe la? Non! Travay sa a ap kontinye fèt yon fason estrawòdinè pi devan e pwofesi Ezekyèl yo ban nou yon seri detay ki vrèman enteresan.

34 Pa egzanp, ann egzamine pawòl sa yo Bondye te enspire Ezekyèl pou l ekri: “Moun yo gen pou yo di: ‘Peyi ki te vin tankou yon dezè a vin tankou jaden Edenn.’” (Eze. 36:35). Ki sans pwomès sa a te genyen pou Ezekyèl ak moun ki te ann egzil avè l yo? Siman yo pa t atann pou pwofesi sa a akonpli nèt yon fason literal nan epòk yo a, kòmkwa pou moun ta pran peyi yo a pou Paradi a, sa vle di jaden Edenn Jewova te kreye a (Jen. 2:8). Okontrè, sandout yo te konprann Jewova t ap ba yo garanti peyi yo a t ap vin bèl e l t ap bay anpil manje.

35 Ki sans menm pwomès sa a gen pou nou jodi a? Nou pa atann pou pwomès sa a reyalize yon fason literal kounye a, pandan n ap viv nan monn mechan sa a Satan Ledyab ap dirije a. Men pito, nou konprann pawòl sa yo ap reyalize nan domèn espirityèl jodi a. Antanke sèvitè Jewova, n ap viv nan yon peyi espirityèl ki retabli, sa vle di yon kondisyon oswa yon anviwònman kote n ap sèvi Jewova yon fason ki bay bon rezilta e kote nou fè adorasyon n ap ba l la vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. Peyi espirityèl sa a ap vin pi bon chak jou. Men, ki jan sa ap ye pi devan?

36, 37. Ki pwomès k ap gen pou reyalize nan Paradi k ap vini an?

36 Apre gwo lagè Amagedon an, Jezi ap kontinye travay pou l fè tout tè a vin yon paradi. Pandan mil an l ap fè ap dirije yo, l ap bay enstriksyon pou lèzòm fè tout tè a vin yon paradi, tankou jaden Edenn nan, egzakteman jan Jewova te toujou vle pou l ye a (Lik 23:43)! Lè sa a, tout moun sou tè a pral viv ann amoni youn ak lòt e y ap byen pran swen tè a ki se kay kote pou yo abite. Pap gen danje ankò, pap gen anyen k ap menase nou okenn kote. Fè yon ti reflechi sou epòk kote menm pwomès ki vin annapre a pral reyalize: “M ap fè yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè. M ap elimine tout bèt sovaj ki gen nan peyi a pou yo menm yo ka viv an sekirite nan savann nan e pou yo ka dòmi nan rakbwa yo.” — Eze. 34:25.

37 Èske w ka imajine sa? W ap kapab vizite nenpòt kote sou tè a san w pa pè. Pap gen okenn bèt k ap fè w anyen ki mal. Pap gen okenn danje k ap vin twouble lapè w. W ap kapab mache poukont ou nan gwo forè, w ap ka pwofite bèl bagay ki toutotou w, w ap menm kapab dòmi nan forè an sekirite e w sèten w ap leve anfòm san pa gen anyen ki ba w pwoblèm!

Imajine yon epòk kote n ap kapab menm “dòmi nan rakbwa” an sekirite. (Gade paragraf 36, 37)

38. Ki jan w santi w lè w ap panse ak epòk kote pwomès ki nan Ezekyèl 28:26 la pral reyalize?

38 N ap wè pwomès ki vin annapre a reyalize tou: “Y ap abite ladan l, y ap santi yo an sekirite, y ap bati kay e y ap plante jaden rezen. Y ap abite nan peyi a an sekirite lè m pini tout moun bò kote yo k ap trete yo san respè e y ap konnen mwen se Jewova, Bondye yo a.” (Eze. 28:26). Lè tout ènmi Jewova yo pa la ankò, n ap gen lapè ak sekirite toupatou sou tè a. Nonsèlman n ap pran swen tè a, men tou, n ap kapab pran swen tèt nou ak moun nou renmen yo, n ap ka bati kay ki konfòtab pou n rete e n ap plante jaden rezen.

39. Poukisa w ka sèten pwofesi Ezekyèl yo konsènan Paradi a ap reyalize?

39 Èske w panse pwomès sa yo se senp rèv? Si se sa, fè yon ti reflechi sou sa w deja wè ki fèt nan epòk n ap viv la, epòk “kote tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an”. Malgre Satan te vin pi opoze, Bondye te bay Jezi pouvwa pou l retabli vrè adorasyon an pandan peryòd sa a ki pi fènwa nan listwa limanite. Ala yon gwo prèv nou genyen tout pwomès Bondye fè pa mwayen Ezekyèl yo ap reyalize!

^ § 2 Pifò Juif ki te ann egzil yo t ap viv nan zòn ki te yon ti jan lwen vil Babilòn. Pa egzanp, Ezekyèl t ap viv pami Juif yo bò Rivyè Keba a (Eze. 3:15). Men, gen kèk Juif ki te ann egzil ki t ap viv nan vil la menm. Pami yo, genyen ki te “sot nan fanmi wa ak nan gran fanmi”. — Dàn. 1:3, 6; 2 Wa 24:15.

^ § 25 Pa egzanp, pami moun ki te patisipe nan Refòm ki te fèt nan 16yèm syèk la, nou pa ka di egzakteman kiyès nan yo ki te kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl.